KOLOSYEN YO
1
Paul, yon apot Jésus Kri I Kor 1:1pa volonte a Bondye, ak Timothée, frè nou an A sen ak frè fidèl an Kris ki te Colosse yo: Wo 1:7Gras pou nou, ak lapè ki soti nan Bondye, Papa nou an.
Wo 1:8Nou bay remèsiman a Bondye Wo 15:6Papa a Senyè nou an, Jésus Kri; pandan nou toujou ap priye pou nou. Ef 1:15Paske nou te tande de lafwa nou nan Kris Jésus, ansanm ak lanmou ke nou gen pou tout fidèl yo; Akoz de lespwa ki II Tim 4:8rezève pou nou nan syèl la, jan nou te Ef 1:13tande deja nan pawòl verite Levanjil la, ki te vini a nou menm, jis menm jan nan tou mond lan, k ap bay Wo 1:13fwi tout tan, e k ap ogmante, menm jan li t ap fèt nan nou menm tou, depi jou nou te Ef 4:21tande de li a, e te konprann gras Bondye nan verite a; menm jan ke nou te aprann de Kol 4:12Épaphras, sèvitè-atache, byeneme, parèy a nou an, ki se yon sèvitè fidèl an Kris sou pati pa nou, ki te osi enfòme nou de Wo 15:30lanmou nou nan Lespri a.
Pou rezon sa a tou, depi jou nou te tande de li a Ef 1:16nou pa t sispann priye pou nou e mande pou nou ta kapab ranpli avèk konesans a volonte Li, nan tout Ef 1:17sajès lespri a ak bon konprann, 10 pou nou kapab Ef 4:1mache nan yon fason dign de Senyè a, pou fè Li plezi nan tout bagay, pote fwi nan tout bon zèv e grandi nan konesans a Bondye, 11 ki ranfòse ak tout pouvwa, selon pwisans laglwa Li a, pou vin genyen pèseverans ak pasyans; avèk lajwa, 12 pou bay remèsiman a Papa a, ki te kalifye nou pou pataje Trav 20:32nan eritaj a fidèl yo nan Trav 26:18Limyè a. 13 Paske Li te delivre nou soti nan Ef 6:12wayòm tenèb la, e Li te transfere nou nan wayòm a Fis byeneme Li a. 14  Wo 3:24Nan Li menm nou gen redanmsyon, ak padon pou peche yo.
15 Li se imaj a Bondye envizib la Wo 8:29premye ne a tout kreyasyon an. 16 Paske pa Li menm, tout bagay te kreye, nan syèl la ak sou tè a, vizib e envizib kit se wayòm yo, kit se pouvwa yo, kit se wa yo, kit se otorite yo— Jn 1:3tout bagay te kreye pa Li menm e pou Li menm. 17 Li Jn 1:1avan tout bagay, e se nan Li tout bagay kenbe ansanm. 18 Li se osi tèt a Ef 1:23kò a legliz la. Epi Li se kòmansman an, premye ne ki sòti nan lanmò a, pou Li menm kapab vin gen premye plas nan tout bagay. 19 Paske se te bon plezi Ef 1:5Papa a pou tout plenitud Bondye a ta vin rete nan Li, 20 epi selon Li menm, pou II Kor 5:18rekonsilye tout bagay a Li menm, kit bagay ki sou latè yo kit bagay ki nan syèl yo, lè L te fin fè lapè pa Ef 2:13san lakwa Li a.
21 Epi menmsi Wo 5:10otrefwa, nou te etranje, e te lènmi nan jan nou te konn panse, ak angaje nan move zak, 22 men koulye a Li rekonsilye nou nan Wo 7:4kò lachè Li a atravè lanmò, pou prezante nou devan Li Ef 1:4sen, san fot e san repwòch— 23 Si vrèman nou kontinye nan lafwa byen Ef 3:17etabli, e fèm, e nou pa kite esperans levanjil ke nou te tande a, ki te pwoklame Trav 2:5nan tout kreyasyon anba syèl la, e sou li menm mwen, Paul, te fèt kòm yon sèvitè.
24 Alò, mwen rejwi nan soufrans mwen yo pou koz a nou, e nan lachè m II Tim 1:8mwen fè pati pa m pou benefis kò Li a, ki se legliz la, pou ranpli sa ki manke nan soufrans lafliksyon a Kris yo. 25 Sou legliz sila a mwen te fèt kòm yon sèvitè selon Ef 3:2jesyon Bondye a, ki te plase sou mwen pou benefis pa nou, pou m ta kapab vin akonpli predikasyon pawòl Bondye a, 26  Wo 16:25ki se mistè ki te kache depi laj ak jenerasyon pase yo, men ki koulye a, manifeste a fidèl Li yo. 27 A yo menm Bondye te gen volonte pou fè konnen kisa ki se richès laglwa a mistè sila a pami pèp etranje yo, ki se Kris nan nou, esperans laglwa a. 28 Konsa nou pwoklame Li ak I Kor 3:16egzòtasyon chak moun, e enstwi chak moun ak tout sajès, pou nou kapab prezante chak moun konplè an Kris Jésus. 29 Pou rezon sila a osi, mwen I Kor 15:10travay, e mwen lite pa ajans Bondye, k ap travay avèk pwisans nan mwen an.

1:1 I Kor 1:1

1:2 Wo 1:7

1:3 Wo 1:8

1:3 Wo 15:6

1:4 Ef 1:15

1:5 II Tim 4:8

1:5 Ef 1:13

1:6 Wo 1:13

1:6 Ef 4:21

1:7 Kol 4:12

1:8 Wo 15:30

1:9 Ef 1:16

1:9 Ef 1:17

1:10 Ef 4:1

1:12 Trav 20:32

1:12 Trav 26:18

1:13 Ef 6:12

1:14 Wo 3:24

1:15 Wo 8:29

1:16 Jn 1:3

1:17 Jn 1:1

1:18 Ef 1:23

1:19 Ef 1:5

1:20 II Kor 5:18

1:20 Ef 2:13

1:21 Wo 5:10

1:22 Wo 7:4

1:22 Ef 1:4

1:23 Ef 3:17

1:23 Trav 2:5

1:24 II Tim 1:8

1:25 Ef 3:2

1:26 Wo 16:25

1:28 I Kor 3:16

1:29 I Kor 15:10