II TIMOTHÉE
1
Paul II Kor 1:1yon apot a Kris Jésus pa volonte Bondye, selon pwomès lavi ki nan Kris Jésus, a Timothée I Tim 1:2fis byeneme mwen an: Lagras, mizerikòd, ak lapè Bondye, Papa a, e Kris Jésus, Senyè nou an.
Wo 1:8Mwen remèsye Bondye ke mwen sèvi avèk yon bon konsyans jan zansèt mwen yo te fè a, pandan mwen sonje ou tout tan nan lapriyè mwen yo lannwit kon lajounen II Tim 4:9,21avèk lanvi pou m wè ou Trav 20:37menm lè mwen sonje dlo ki te sòti nan zye ou, pou m kapab ranpli avèk jwa.
Paske mwen sonje I Tim 1:5lafwa sensè ki nan ou a, ki te dabò rete Trav 16:1nan grann ou, Lois ak manman ou, Eunice, e mwen byen si ke li nan ou tou. Pou rezon sa a, mwen fè ou sonje pou rechofe I Tim 4:14don Bondye ki nan ou depi mwen te poze menm sou ou a.
Paske Bondye pa bannou yon Jn 14:27lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.
Konsa Mc 8:38pa fè wont de temwayaj Senyè nou an, ni mwen menm nan, prizonye Li a, men vin jwenn ansanm avè m nan II Tim 2:3,9soufrans pou levanjil la selon pouvwa Bondye a, ki te sove nou e te Wo 8:28rele nou avèk yon apèl ki sen, Ef 2:9pa selon zèv nou yo, men selon pwòp bi ak gras pa L, ki te bay a nou menm nan Kris Jésus depi tout letènite, 10 men koulye a, ki vin revele pa aparans a Sovè nou an, Kris Jésus, ki te I Kor 15:26aboli lanmò e te pote lavi ak imòtalite nan limyè, atravè levanjil la. 11  I Tim 2:7Pou li menm, mwen te chwazi kòm predikatè, apot, ak pwofesè pou ale vè etranje yo. 12 Pou rezon sa a, mwen osi soufri bagay sa yo, men II Tim 1:8,16mwen pa wont; paske mwen konnen nan kilès mwen kwè a, e mwen konvenk ke Li kapab pwoteje sa ke m livre a Li menm nan jiska jou sa a.
13  Tit 1:9Kenbe fèm a pawòl sen ke ou tande de mwen yo, nan I Tim 1:14lafwa ak lanmou ki nan Kris Jésus a.
14 Veye byen, selon lespri Sen ki Wo 8:9demere nan nou an, trezò kite konfye a ou a.
15 Ou byen okouran ke tout moun ki an Asie yo, te II Tim 4:10,16vire kite m, pami yo menm, Phygelle ak Hermogène.
16 Ke Senyè a bay mizerikòd a II Tim 4:10,16lakay Onésiphore, paske Li te souvan konsole m, e li pa t wont pou chenn mwen yo; 17 men lè li te Rome, li te chèche mwen avèk dilijans e li te jwenn mwen. 18 Ke Senyè a fè li jwenn mizerikòd Senyè a nan I Kor 1:8jou sa a—e ke ou konnen trè byen tout sèvis li te rann nan Éphèse.

1:1 II Kor 1:1

1:2 I Tim 1:2

1:3 Wo 1:8

1:4 II Tim 4:9,21

1:4 Trav 20:37

1:5 I Tim 1:5

1:5 Trav 16:1

1:6 I Tim 4:14

1:7 Jn 14:27

1:8 Mc 8:38

1:8 II Tim 2:3,9

1:9 Wo 8:28

1:9 Ef 2:9

1:10 I Kor 15:26

1:11 I Tim 2:7

1:12 II Tim 1:8,16

1:13 Tit 1:9

1:13 I Tim 1:14

1:14 Wo 8:9

1:15 II Tim 4:10,16

1:16 II Tim 4:10,16

1:18 I Kor 1:8