4
Men Jn 16:13Lespri a di byen klè ke nan dènye tan yo, kèk moun va tonbe kite lafwa pou prete atansyon a Lespri twonpè ak doktrin a dyab yo, epi pa mwayen ipokrizi a mantè yo, vin Ef 4:19make nan pwòp konsyans pa yo, kòmsi li brile avèk fè etanp ki cho; moun ki entèdi maryaj, e k ap rekòmande evite manje, ke Jen 9:3Bondye te kreye pou pataje avèk remèsiman pa sila ki kwè e ki konnen verite yo. Paske tout bagay kreye pa Bondye, bon, e anyen pa dwe rejte, si li Wo 14:6resevwa avèk remèsiman, paske li sanktifye pa mwayen Jen 1:25,31pawòl Bondye a ak lapriyè.
Nan montre bagay sa yo a frè yo, nou va yon bon sèvitè a Kris Jésus, e nou va nouri tout tan nan pawòl lafwa ak bon doktrin ke nou II Tim 3:10deja ap swiv yo. Men pa okipe vye listwa mond yo ki fèt pou vye fanm yo.
Sou lòt kote, disipline tèt ou I Tim 4:8pou vi sentete a. Paske Kol 2:23disiplin pou kò a sèlman, pa gen gran avantaj men vi sentete a gen avantaj nan tout jan, paske li kenbe pwomès pou Mat 6:33lavi koulye a, e osi pou lavi k ap vini an.
I Tim 1:15Sa se yon vrè Pawòl ki merite aksepte pa tout moun. 10 Paske se pou sa nou travay ak fè efò a. Nou gen tan fikse II Kor 1:10esperans nou sou Bondye vivan an, ki se I Tim 2:4Sovè a tout moun, sitou a kwayan yo.
11  I Tim 5:7Preskri e enstwi bagay sa yo.
12 Pa kite pèsòn gade ou ba akoz jenès ou, men de preferans nan pawòl, kondwit Tit 2:7lanmou, lafwa, ak yon vi san tach, prezante tèt ou kòm I Tim 1:14yon egzanp a sila ki kwè yo.
13 Jiskaske m vini, bay enpòtans a II Tim 3:15li lekriti sen yo an piblik, a egzòtasyon ak enstriksyon.
14 Pa neglije don Lespri Bondye ki nan ou a, ki te bay a ou menm pa yon pawòl pwofetik avèk Trav 6:6men Ansyen ki te poze sou ou Trav 11:30yo.
15 Konsakre ou seryezman a bagay sa yo; antre ladan yo, pou pwogrè ou kapab klè a tout moun.
16  Trav 20:28Prete anpil atansyon a tèt ou e ak enstriksyon ou an. Pèsevere nan bagay sa yo, paske lè ou fè sa, ou va asire Sali tèt ou ak sila ki tande ou yo.

4:1 Jn 16:13

4:2 Ef 4:19

4:3 Jen 9:3

4:4 Wo 14:6

4:5 Jen 1:25,31

4:6 II Tim 3:10

4:7 I Tim 4:8

4:8 Kol 2:23

4:8 Mat 6:33

4:9 I Tim 1:15

4:10 II Kor 1:10

4:10 I Tim 2:4

4:11 I Tim 5:7

4:12 Tit 2:7

4:12 I Tim 1:14

4:13 II Tim 3:15

4:14 Trav 6:6

4:14 Trav 11:30

4:16 Trav 20:28