6
Alò nan lè sa a pandan Trav 11:26disip yo t ap vin ogmante plis, yon plenyen te vin leve nan pati a Trav 9:29Jwif Grèk yo kont Jwif natal yo, paske vèv pa yo te neglije nan separasyon manje chak jou a.
Donk, douz yo te rele rasanble ak disip yo e te di: “Li pa bon pou nou neglije pawòl Bondye a pou nou sèvi tab yo. Konsa, frè yo, chwazi pami nou sèt mesye ak bon jan repitasyon Trav 2:4ranpli ak Lespri a e ak sajès, pou nou kapab mete an chaj tach sila a. Men nou menm nou va Trav 1:14dedye nou a lapriyè ak ministè a pawòl Bondye a.”
Pawòl sila a te fè plezi a tout asanble a, e yo te chwazi Trav 6:8Étienne, yon nonm ranpli ak lafwa e ak Lespri Sen an, ak Philippe, Prochore, Nicanor, Timon, Parménas, epi Nicolas, yon konvèti nan relijyon a Jwif yo ki sòti Antioche. Epi sila yo te mennen devan apòt yo, e lè yo te fin Trav 1:24fè lapriyè, yo te Nonb 8:10poze men sou yo.
Pawòl Bondye a te kontinye gaye, e kantite disip yo te kontinye ogmante anpil nan Jérusalem, e yon gran nonb pami prèt yo t ap vin obeyisan a Trav 13:8lafwa a.
Epi Étienne, ranpli avèk gras ak pouvwa, te fè Jn 4:48mèvèy ak mirak pami pèp la.
Men kèk moun ki te sòti nan sa ke yo te rele Sinagòg Dèzòm Lib, ki te gen moun Mat 27:32Sireneyen ak moun Alexandryen yo, e kèk moun Cilicie ak Asie, te leve pou diskite avèk Étienne. 10 Men yo pa t kapab fè fas avèk sajès ak Lespri ki t ap fè l pale a.
11 Alò, an sekrè yo te fè moun yo di: “Nou tande li pale pawòl blasfèm kont Moïse ak kont Bondye”.
12 Konsa, yo te soulve pèp la, ansyen yo ak skrib yo. Yo te Luc 20:1sezi li, e te trennen li pou mennen l devan konsèy la. 13 Yo te mete devan Mat 26:59-61fo temwayaj ki te di: “Nonm sila a tout tan ap pale kont Mat 24:15lye sakre sila a, ak Lalwa. 14 Paske nou konn tande li di ke Mat 26:61Nazareyen sila a, Jésus, va detwi plas sila a e chanje koutim ke Moïse te bannou yo.”
15 Konsa, yo tout nan konsèy la te fikse zye yo sou li, e yo te wè figi li tankou figi a yon zanj.

6:1 Trav 11:26

6:1 Trav 9:29

6:3 Trav 2:4

6:4 Trav 1:14

6:5 Trav 6:8

6:6 Trav 1:24

6:6 Nonb 8:10

6:7 Trav 13:8

6:8 Jn 4:48

6:9 Mat 27:32

6:12 Luc 20:1

6:13 Mat 26:59-61

6:13 Mat 24:15

6:14 Mat 26:61