13
Alò te gen nan Antioche, nan legliz ki te la a, pwofèt ak Wo 12:6mèt yo; Barnabas ak Simon ki te rele Niger, ak Lucius de Cyrène, ak Manaen ki te grandi avèk Hérode, tetrak la (youn nan kat wa yo), ak Saul.
Pandan yo t ap fè sèvis pou Senyè a, e t ap jene, Lespri Sen an te di: “Mete apa pou Mwen Barnabas ak Saul, pou Trav 9:15travay ke mwen rele yo a.”
Alò, lè yo te fin fè jèn nan ak lapriyè, yo te Trav 6:6poze men sou yo e te voye yo ale.
Trav 4:36Konsa, ranvoye pa Lespri Sen an, yo te desann Séleucie. Depi la yo te pran yon bato pou Chypre. Lè yo te rive Salamine, yo te kòmanse pwoklame pawòl Bondye a nan sinagòg Jwif yo. Anplis Trav 12:12Jean te la pou ede yo.
Lè yo te fin travèse tout lil la, jis rive nan Paphos yo twouve yon sèten Trav 8:9majisyen Jwif, yon Mat 7:15fo pwofèt ke yo te rele Bar-Jésus ki te avèk Trav 13:8,12pwokonsil la, Sergius Paulus, yon nonm byen entèlijan. Mesye sa te rele Barnabas avèk Saul pou vini pou l ta kapab tande pawòl Bondye a.
Men majisyen an, Elymas (se konsa non li tradwi) t ap opoze yo, e t ap chache detounen pwokonsil la kont Trav 6:7lafwa a. Men Saul, ki te osi konnen kon Paul, Trav 2:4ranpli avèk Lespri Sen an, te fikse zye li sou li. 10 Li te di: “Ou menm ki ranpli ak desepsyon ak fwod, ou menm Mat 13:38fis a dyab la, ou menm lènmi a tout ladwati, èske ou p ap janm sispann fè kwochi chemen dwat a Senyè a? 11 Koulye a, gade byen Egz 9:3men Bondye sou ou, ou va vin avèg e ou p ap wè solèy la pandan yon tan.”
Imedyatman, yon brouya avèk yon fènwa te tonbe sou li, e li te ale toupatou pou chache moun pou ta mennen l pa lamen.
12 Answit, pwokonsil la te vin kwè lè li te wè sa ki te rive a, byen etone de Trav 8:25doktrin Senyè a.
13 Alò, Paul avèk konpanyon li yo te monte sou lanmè a soti Paphos. Yo te rive nan vil Perge nan Pamphylie. Trav 12:12Jean te kite yo la pou retounen Jérusalem.
14 Men kontinye soti Perge yo te rive Trav 14:19,21Antioche Pisidie a. Nan jou Saba a yo te antre nan sinagòg la, e yo te chita. 15 Aprè Lalwa ak Trav 13:27Pwofèt yo Trav 15:21te fin li, ofisye yo te voye kote yo e te di: “Frè yo, si nou gen nenpòt pawòl pou egzòte pèp la, pale.”
16 Paul te kanpe. Li te fè sinyal avèk men l, e te di: “Lezòm Israël yo, ak nou menm ki Trav 10:2krent Bondye, koute: 17 Bondye a pèp Israël sa a te chwazi zansèt nou yo, e te Egz 1:7fè pèp la onore pandan sejou yo nan peyi Égypte. Epi avèk yon bra leve Egz 12:51Li te mennen yo sòti ladann. 18  Nonb 14:34Pandan anviwon yon tan de karant ane, konsa, li te sipòte yo nan dezè a.
19 “Lè L te fin detwi Det 7:1sèt nasyon nan tè Canaan an, Li te Jos 14:1divize tè pa yo a kòm eritaj. Sa te pran anviwon kat san senkant ane. 20 Apre bagay sa yo, Li te Jij 2:16bay yo jij yo jiska Samuel, pwofèt la.
21 “Yo te I Sam 8:5mande pou yon wa, epi Bondye te bay yo I Sam 9:1Saul, Fis a Kis la, yon nonm nan tribi Benjamin an pou karant ane.
22 “Lè L te fin retire li, Li te fè leve David pou l ta kapab wa sou yo. Selon Li, te temwaye e te di: I Sam 13:14‘Mwen twouve David, fis a Jessé a, yon nonm selon pwòp kè Mwen ki va fè tout volonte M’.
23 “Soti nan desandan a nonm sila a, selon pwomès la, Bondye te fè vini a Israël Luc 2:11yon Sovè, Jésus.
24 “Avan Li te vini Mc 1:1-4Jean te preche yon batèm repantans pou tout pèp Israël la. 25 Alò, pandan Jean t ap konplete pakou li, Mat 3:11li te kontinye ap mande: ‘Kisa nou sipoze ke mwen ye? Mwen se pa Li menm nan. Men gade byen, youn ap vini aprè mwen e sapat a pye li, mwen pa menm dign pou delase.
26 “Frè yo, Fis a fanmi Abraham yo, sila pami nou ki krent Bondye yo, a nou mesaj Jn 6:68sali sila a voye. 27 Paske sila ki rete Jérusalem yo, avèk gouvernè pa yo, pa t rekonèt ni Li menm, ni pawòl a pwofèt yo, malgre, yo konn li toupatou chak Saba a. Men yo te akonpli bagay sa yo lè yo te kondane Li. 28 Malgre yo pa t twouve okenn choz ki merite lanmò, yo te Mat 27:22,23mande Pilate pou li ta fè l mouri. 29 Epi lè yo te Trav 26:22fin akonpli tout sa ki te ekri konsènan Li yo, yo te Luc 23:53retire Li sou kwa a, e yo te mete l nan yon tonm.
30 “Men Bondye te leve Li soti nan lanmò. 31 Konsa, pandan anpil jou, sa yo ki te sòti Galilée pou monte Jérusalem avè L yo, Trav 1:3 te wè li, menm sila yo ki koulye a se Luc 24:48temwen Li a pèp la.
32 “Konsa, nou preche a nou menm bòn nouvèl a Wo 4:13pwomès ki te fèt a zansèt nou yo, 33 ke Bondye te akonpli pou zanfan pa nou yo, lè l te resisite Jésus a, menm jan ke sa osi ekri nan dezyèm Sòm nan:
Sòm 2:7‘Ou se Fis Mwen;
jodi a Mwen fè Ou.’
34 “Selon reyalite ke Li te leve soti nan lanmò, pou l pa ankò retounen nan pouriti, Li te pale konsa: És 55:3‘Mwen va bannou benediksyon a David ki sen e byen asire yo.’
35 “Konsa, Li pale osi nan yon lòt Sòm ke Sòm 16:10‘Ou p ap kite pa W, Sila Ki Sen an, sibi pouriti.’
36 “Paske David, apre li te sèvi Trav 13:22plan Bondye a nan jenerasyon pa l la, te dòmi. Li te vin plase pami zansèt li yo, e li te sibi dekonpozisyon. 37 Men Sila ke Bondye te Trav 2:24fè leve a, pa t sibi dekonpozisyon menm.
38 “Konsa, kite sa vin konnen a nou menm, frè yo, ke Luc 24:47atravè Li menm, padon pou peche yo pwoklame a nou menm. 39 Selon Li menm, Trav 10:43tout moun ki kwè yo, vin lib de tout bagay ke nou pa t kapab libere pa Lalwa Moïse la.
40 “Konsa, fè atansyon, pou sa ki te pale Luc 24:44nan pwofèt yo pa vini sou nou:
41  Hab 1:5‘Gade byen mokè yo;
Vin etone, e peri!
Paske M ap acheve yon zèv nan jou nou yo,
yon zèv ke nou p ap janm kwè,
menmsi yon moun ta eksplike nou li.’ ”
42 Pandan Paul ak Barnabas t ap sòti, pèp la te kontinye mande pou yo ta kapab pale yo bagay sa yo ankò nan pwochen Trav 13:14Saba a. 43 Alò, lè sinagòg la te lage, anpil nan Jwif yo ak Trav 17:4pèp etranje ki te vin krent Bondye yo, te swiv Paul ak Barnabas. Yo te pale avèk yo pou ankouraje yo kontinye nan Trav 11:23gras Bondye a.
44 Nan Trav 13:14pwochen Saba a, prèske tout vil la te vin rasanble pou koute pawòl Bondye a.
45 Men lè Trav 13:50Jwif yo te wè foul la, yo te ranpli avèk jalouzi, e yo te kòmanse pale kont bagay ke Paul te pale yo, e t ap fè blasfèm.
46 Paul ak Barnabas te pale avèk gwo kouraj. Yo te di: “Li te nesesè pou pawòl Bondye a ta pale a nou menm Trav 3:26avan. Men akoz ke nou refize l, e jije pwòp tèt nou endign pou lavi etènèl la, gade byen Trav 18:6n ap vire bò kote pèp etranje yo. 47 Paske konsa Senyè a te kòmande nou:
És 42:6‘Mwen plase nou kòm yon limyè pou pèp etranje yo,
pou nou ta pote delivrans jiska dènye ekstremite tè a.’ ”
48 Lè pèp etranje yo te tande sa, yo te kòmanse rejwi e t ap bay glwa a pawòl Bondye a. Konsa, tout sila ki Wo 8:28te nome pou lavi etènèl yo te kwè. 49  Trav 13:12Pawòl Senyè a te gaye nan tout rejyon an.
50 Men Jwif yo te chofe fanm fidèl yo, ak chèf ki t ap dirije vil yo, pou Trav 16:14fòmante yon pèsekisyon kont Paul ak Barnabas, e te chase yo deyò teritwa yo.
51 Men Mat 10:14yo te souke pousyè a, fè l sòti nan pye yo, kòm yon sign kont yo, e yo te ale Icone.
52 Epi disip yo te kontinye Trav 2:4ranpli avèk jwa, e avèk Lespri Sen an.

13:1 Wo 12:6

13:2 Trav 9:15

13:3 Trav 6:6

13:4 Trav 4:36

13:5 Trav 12:12

13:6 Trav 8:9

13:6 Mat 7:15

13:7 Trav 13:8,12

13:8 Trav 6:7

13:9 Trav 2:4

13:10 Mat 13:38

13:11 Egz 9:3

13:12 Trav 8:25

13:13 Trav 12:12

13:14 Trav 14:19,21

13:15 Trav 13:27

13:15 Trav 15:21

13:16 Trav 10:2

13:17 Egz 1:7

13:17 Egz 12:51

13:18 Nonb 14:34

13:19 Det 7:1

13:19 Jos 14:1

13:20 Jij 2:16

13:21 I Sam 8:5

13:21 I Sam 9:1

13:22 I Sam 13:14

13:23 Luc 2:11

13:24 Mc 1:1-4

13:25 Mat 3:11

13:26 Jn 6:68

13:28 Mat 27:22,23

13:29 Trav 26:22

13:29 Luc 23:53

13:31 Trav 1:3

13:31 Luc 24:48

13:32 Wo 4:13

13:33 Sòm 2:7

13:34 És 55:3

13:35 Sòm 16:10

13:36 Trav 13:22

13:37 Trav 2:24

13:38 Luc 24:47

13:39 Trav 10:43

13:40 Luc 24:44

13:41 Hab 1:5

13:42 Trav 13:14

13:43 Trav 17:4

13:43 Trav 11:23

13:44 Trav 13:14

13:45 Trav 13:50

13:46 Trav 3:26

13:46 Trav 18:6

13:47 És 42:6

13:48 Wo 8:28

13:49 Trav 13:12

13:50 Trav 16:14

13:51 Mat 10:14

13:52 Trav 2:4