4
Pandan yo t ap pale ak pèp la, prèt avèk kaptenn gad tanp lan avèk Mc 12:18Sadiseyen yo te rive kote yo. Yo te byen deranje paske yo t ap enstwi pèp la e t ap pwoklame Trav 3:15nan non Jésus rezirèksyon a lanmò yo. Yo te mete men sou yo, e te Trav 5:18mete yo nan prizon pou jis rive nan demen, paske li te gen tan fènwa. Men anpil nan sila yo ki te tande mesaj la te kwè, e Trav 2:41fòs kantite moun ki te kwè yo te vini toupre senk-mil.
Nan landemen, Luc 23:13chèf yo, avèk ansyen ak skrib yo te reyini ansanm nan Jérusalem. Luc 3:2Anne, wo prèt la te la, avèk Caïphe, Jean, Alexandre, ak tout sila ki te desandan wo prèt yo. Lè yo te kanpe yo nan mitan yo, yo te kòmanse mande yo: “Pa ki pouvwa, oswa nan ki non nou te fè sa a?”
Alò, Pierre Trav 2:4ranpli avèk Lespri Sen an, te di yo: “Chèf ak ansyen a pèp la, Si nou parèt devan tribinal jodi a pou Trav 3:7benefis ki fèt a yon moun malad, kòmsi, kijan nonm sa a te fè geri, 10 kite li byen konnen pami nou tout, ak tout Israël, ke Trav 2:22pa non a Jésus Kri, Nazareyen ke nou te krisifye a, ke Bondye te fè leve soti nan lanmò a, pa non de sila a menm, mesye sa a a kanpe devan nou an bòn sante. 11 ‘Se Li menm ki Sòm 118:22wòch ki te rejte pa nou menm ki t ap bati yo, men ki vin fè wòch ang prensipal la.’
12 “Konsa, pa gen sali nan Mat 1:21okenn lòt. Paske nanpwen lòt non anba syèl la ki bay pami lòm pa kilès nou dwe sove.”
13 Alò, lè yo te wè Trav 4:31konfyans a Pierre avèk Jean, e te konprann ke yo pa t gen anpil edikasyon ni enstriksyon, yo te etone. Yo Jn 7:15te rekonèt yo kon moun ki te avèk Jésus yo. 14 Epi lè yo te wè mesye ki te geri a te kanpe la avèk yo, yo pa t gen repons pou bay.
15 Men lè yo fin mande yo Mat 5:22kite konsèy la, yo te fè konferans ansanm. 16 Yo te di: “Alò Jn 11:47kisa pou nou fè avèk mesye sa yo? Paske li byen klè a tout sila ki rete Jérusalem yo ke Trav 3:7-10yon mirak byen enpòtan te fèt pa yo, e nou pa kapab di ke se pa vrè.
17 “Men pou sa pa rive pi lwen pami pèp la, annou avèti yo pou yo pa pale ankò a okenn moun Jn 15:21nan non sila a.” 18 Yo te rele yo, e te Trav 5:28kòmande yo pou yo pa pale ni enstwi menm nan non Jésus a.
19 Men Pierre avèk Jean te reponn yo e te di: Trav 5:28“Si li bon devan Bondye pou obeyi a nou menm olye a Bondye, nou mèt jije. 20 Paske I Kwo 9:16nou menm, nou pa kapab sispann pale sa ke nou te wè ak tande.”
21 Konsa, lè yo te fin menase yo anplis, yo te lage yo, paske yo pa t kapab twouve baz pou pini yo, e Trav 5:26akoz perèz a pèp la, paske yo tout t ap Mat 9:8bay Bondye glwa pou sa ki te rive a. 22 Paske mesye a ki te resevwa mirak sila a, te gen plis ke karant ane.
23 Lè yo te fin lage yo, yo te ale bò kote moun pa yo, e te rapòte a tout moun sa ke chèf prèt yo avèk ansyen yo te di yo. 24 Lè yo te tande sa, yo te leve vwa yo a Bondye ansanm, e te di: “O Bondye, se te Ou menm ki te Egz 20:11fè syèl la ak tè a, lanmè, ak tout sa ki ladann, 25 ki Trav 1:16pa Lespri Sen an, selon bouch a Zansèt nou David te di:
Sòm 2:1‘Poukisa nasyon yo anraje konsa;
e poukisa pèp yo anvizaje yon bagay anven?
26  Sòm 2:2Wa sou latè yo ap pran pòz yo
e gwo chèf yo ap mete tèt yo ansanm kont Senyè a
ak kont Kris Li a.’
27 “Paske vrèman, nan vil sa a, yo te rasanble ansanm kont Trav 3:13sèvitè sen Ou an, Jésus, ke ou menm te onksyone a; Hérode ak Ponce Pilate ansanm avèk nasyon payen yo ak pèp Israël la, 28 pou fè nenpòt bagay ke men Ou ak Trav 2:23volonte Ou te deja planifye, pou fèt. 29 E koulye a, Senyè, byen gade menas ke yo fè, e kite sèvitè ki mare ak Ou yo Fil 1:14pale pawòl Ou avèk tout konfyans, 30 pandan W ap lonje men Ou pou fè gerizon Jn 4:48sign ak mirak yo k ap fèt nan non a sèvitè Sen Ou an, Jésus.”
31 Lè yo te fin priye, plas kote yo te reyini an te vin souke. Yo tout te Trav 2:4ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te Fil 1:14pale pawòl Bondye a avèk kouraj.
32 Tout nan gran foul a ki te kwè yo te vin yon sèl nan kè ak nanm. Pa t gen youn nan yo ki te gen byen ki te reklame pou pwòp tèt yo, men Trav 2:44tout bagay te pou tout moun. 33  Trav 1:8Avèk gran pouvwa, apòt yo t ap bay temwayaj a rezirèksyon Jésus Kris la, e lagras an abondans te vini sou yo tout. 34 Paske pa t gen yon moun pami yo ki te nan bezwen, pwiske sila ki te mèt tè yo oubyen kay yo Mat 19:21te vann yo e pote benefis a vant lan bay, 35 pou Trav 4:37mete yo nan pye apòt yo. Konsa, yo Trav 2:45te distribiye a chak en ki te gen nenpòt bezwen.
36 Joseph, yon Levit ki te ne an Trav 13:4Chypre ke yo te rele osi Barnabas, pa apòt yo, ki vle di Fis Trav 11:23Ankourajman an 37 te gen yon mòso tè. Li te vann li e te pote kòb la mete l nan pye apòt yo.

4:1 Mc 12:18

4:2 Trav 3:15

4:3 Trav 5:18

4:4 Trav 2:41

4:5 Luc 23:13

4:6 Luc 3:2

4:8 Trav 2:4

4:9 Trav 3:7

4:10 Trav 2:22

4:11 Sòm 118:22

4:12 Mat 1:21

4:13 Trav 4:31

4:13 Jn 7:15

4:15 Mat 5:22

4:16 Jn 11:47

4:16 Trav 3:7-10

4:17 Jn 15:21

4:18 Trav 5:28

4:19 Trav 5:28

4:20 I Kwo 9:16

4:21 Trav 5:26

4:21 Mat 9:8

4:24 Egz 20:11

4:25 Trav 1:16

4:25 Sòm 2:1

4:26 Sòm 2:2

4:27 Trav 3:13

4:28 Trav 2:23

4:29 Fil 1:14

4:30 Jn 4:48

4:31 Trav 2:4

4:31 Fil 1:14

4:32 Trav 2:44

4:33 Trav 1:8

4:34 Mat 19:21

4:35 Trav 4:37

4:35 Trav 2:45

4:36 Trav 13:4

4:36 Trav 11:23