2
Poukisa nasyon yo ap boulvèse konsa,
e pèp yo fòmante yon vye bagay?
Wa latè yo pran pòz yo e chèf yo
pran konsèy ansanm kont SENYÈ a,
e Jn 1:41kont onksyone pa Li a:
“Annou Jr 5:5chire chenn sa yo,
e jete kòd ki mare nou yo!”
Sila ki chita nan syèl la Sòm 37:13ri;
SENYÈ a ap moke yo.
Anplis, Li va pale avèk yo nan Sòm 21:8-9kòlè Li.
Li va fè yo sezi nan kòlè Li.
Men pou Mwen menm,
Mwen fin plase Wa Mwen an sou Sion,
Sòm 48:1-2mòn sen Mwen an.
Anverite, Mwen va pale selon deklarasyon SENYÈ a;
SENYÈ a te di Mwen: “Ou se Trav 13:33Fis Mwen.
Se jodi a, Mwen te fè Ou.
Mande Mwen, e Mwen va bay Ou
Sòm 22:27nasyon yo kon eritaj,
jis rive nan Sòm 67:7dènye pwent latè
kon posesyon pa Ou.
Ou va Rev 2:26-27kase yo avèk yon baton fè,
Ou va Sòm 28:5kraze yo tankou veso kanari.”
10 Konsa, O wa yo, Pwov 8:15sèvi ak sajès.
Fè atansyon, O jij sou latè yo.
11 Adore SENYÈ a avèk gran respè e
rejwi avèk Sòm 119:119-120tranbleman.
12 Fè omaj a Fis la, pou L pa vin fache,
epi ou ta mouri nan chemen an.
Paske gwo chalè Li kab limen ase vit.
A la beni se tout sila ki Sòm 5:11kache nan Li.

2:2 Jn 1:41

2:3 Jr 5:5

2:4 Sòm 37:13

2:5 Sòm 21:8-9

2:6 Sòm 48:1-2

2:7 Trav 13:33

2:8 Sòm 22:27

2:8 Sòm 67:7

2:9 Rev 2:26-27

2:9 Sòm 28:5

2:10 Pwov 8:15

2:11 Sòm 119:119-120

2:12 Sòm 5:11