5
1 “Mache ale retou toupatou nan lari Jérusalem, gade koulye a e pran nòt. Epi chèche nan plas ouvri li yo, si ou ka twouve yon moun ✡ Jen 18:26-32ki fè jistis, k ap chache verite; alò Mwen va padone li Jérusalem. 2 E ✡ És 48:1poutan, yo di: ‘Tankou SENYÈ a viv la’, anverite, se yon fo temwayaj.”
3 O SENYÈ, èske zye ou pa chache verite? Ou te frape yo, men yo pa t vin febli; Ou te manje yo, men yo pa t aksepte korije. Yo fè figi yo pi di pase wòch; yo refize repanti.
4 Alò, mwen te di: “Se sèlman malere ke yo ye; se ensanse yo ye; ✡ És 27:11yo pa konnen chemen SENYÈ a, ni règleman a Bondye yo. 5 Mwen va ale kote gwo moun yo e se ak yo ke mwen va pale, paske ✡ Mi 3:1yo menm konnen chemen SENYÈ a e règleman a Bondye yo.” Men yo menm tou, ak volonte ansanm te kraze fado a e chire tout kòd yo. 6 Akoz sa, yon lyon ki sòti nan forè va touye yo, yon lou a dezè va detwi yo, yon ✡ Os 13:7leyopa ap veye vil yo. Tout moun ki sòti kote yo va chire an mòso, akoz transgresyon yo anpil, enfidelite yo bokou.
7 Pou ki rezon Mwen ta padone ou? Fis ou yo te abandone Mwen e te ✡ Jos 23:7sèmante pa sila ki pa dye yo. Lè M te fin bay yo manje vant plen, yo te fè adiltè e yo te mache rive lakay pwostitiye a. 8 Se te gwo cheval kò dyanm, byen nouri, yo chak t ap ranni dèyè ✡ Jr 13:27madanm vwazen yo. 9 “Èske Mwen p ap pini pèp sa a,” deklare SENYÈ a: “Epi sou yon nasyon konsa, ✡ Jr 9:9èske Mwen p ap pran vanjans?
10 “Ale monte nan ranje chan rezen li yo e detwi yo, men pa fin detwi nèt; rache branch li yo, paske se pa pou SENYÈ a yo ye. 11 Paske lakay Israël ak lakay Juda te fè M trèt anpil”, deklare SENYÈ a.
12 Yo te manti sou SENYÈ a, epi te di: “Li p ap fè anyen; malè p ap rive nou e nou ✡ Jr 23:17p ap wè nepe ni gwo grangou. 13 ✡ Job 8:2Pwofèt yo se tankou van e pawòl la pa nan yo. Konsa, li va rive yo!”
14 Pou sa, pale SENYÈ a, Bondye dèzame yo: “Akoz nou te pale pawòl sa a, gade byen, Mwen ap fè ✡ És 24:6pawòl Mwen nan bouch ou vin dife, pèp sa a vin bwa a e li va manje yo. 15 Gade byen, M ap ✡ Det 28:49fè parèt yon nasyon kont nou soti byen lwen, O lakay Israël,” deklare SENYÈ a. “Li se yon nasyon ki dire anpil, yon nasyon depi nan tan lansyen yo, yon nasyon ak yon lang ou pa konnen, ni ou p ap ka konprann sa y ap di. 16 Fouwo pa yo se kon yon tonm tou ✡ Sòm 5:9louvri; yo tout se gèrye vanyan. 17 Yo va devore rekòlt ou ak manje ou; yo va devore fis ou yo ak fi ou yo; yo va devore bann mouton ou yo ak twoupo ou yo; yo va devore chan rezen ou yo ak figye etranje ou yo; yo va kraze ak nepe, tout ✡ Os 8:14vil fòtifye ou yo kote ou konn mete konfyans ou.”
18 “Malgre, menm nan jou sa yo”, deklare SENYÈ a, “Mwen p ap fin detwi nou nèt. 19 Li va vin rive ke lè yo di: ‘Poukisa SENYÈ Bondye nou an te fè nou tout bagay sa yo?’ ke ou va di yo: ‘Jan nou te abandone M nan pou te sèvi dye etranje nan peyi nou; alò, se konsa nou va ✡ Det 28:48sèvi etranje nan yon peyi ki pa pou nou.’
20 “Deklare sa a nan kay Jacob la e pwoklame li nan Juda, epi di: 21 ‘Alò, tande sa, O pèp ki plen foli e ki san konprann, ki gen ✡ És 6:9zye, men ki pa ka wè; ki gen zòrèy, men ki pa ka tande. 22 Èske nou pa ✡ Det 28:58krent Mwen?’ deklare SENYÈ a. ‘Èske nou pa tranble devan prezans Mwen? Paske Mwen te poze sab la kon lizyè lanmè a, yon dekrè etènèl, pou l pa ka travèse l. Malgre lanm lanmè yo vole, yo p ap ka enpoze yo; malgre yo fè raj, yo p ap ka travèse li.’
23 “Men pèp sa a gen kè rebèl ak kè ki ✡ Det 21:18di; yo te vire sou kote e yo te ale. 24 Yo pa di nan kè yo: ‘Alò koulye a, annou gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, ki ✡ Sòm 147:8bay lapli nan sezon li ni lapli sezon otòn ak lapli sezon prentan, Sila ki kenbe pou nou semèn rekòlt nou yo.’
25 ✡ Jr 2:17“Inikite nou yo fin detounen sa yo e peche nou yo te retire tout sa ki bon pou nou. 26 Paske moun mechan twouve yo pami pèp Mwen an, yo ✡ Sòm 10:9veye tankou moun k ap pran bèt nan pèlen; yo ranje pèlen an, epi se moun yo pran. 27 Kon yon kalòj plen zwazo, se konsa lakay yo plen ✡ Jr 9:6desepsyon; akoz sa, yo te vin moun byen enpòtan ak anpil byen. 28 Yo ✡ Det 32:15gra, kò yo plen ak grès e yo vin reyisi depase ak zèv fèt ak mechanste yo; Yo pa plede koz òfelen an, pou yo ka reyisi; epi yo pa defann dwa malere yo.
29 ✡ Jr 5:9 “Èske Mwen p ap pini pèp sa a?” deklare SENYÈ a, “Sou yon nasyon konsa, èske Mwen p ap pran vanjans Mwen?
30 “Yon bagay degoutan e ✡ Jr 23:14etonan te rive nan peyi a: 31 ✡ Éz 13:6Pwofèt yo fè fo pwofesi e prèt yo domine selon pwòp otorite yo. Epi a la renmen pèp Mwen an renmen l konsa! Men se kisa n ap fè lè sa rive nan bout pou l fini?