13
Job 29:21,22Lè Éphraïm te pale, te gen tranbleman.
Li te leve tèt li wo an Israël;
men ak Baal, li te fè mal, e li te mouri.
Epi koulye a, yo peche plis toujou,
e yo fè pou tèt yo És 46:6imaj fonn an ajan,
menm zidòl yo selon jan yo konprann.
Yo tout se zèv a mèt ouvriye yo ye.
Yo di a yo menm: “Yo ofri sakrifis imen yo, e bo Os 8:5,6 ti bèf yo!”
Akoz sa, yo va tankou Os 6:4nwaj nan maten an
ak lawouze k ap disparèt bonè,
tankou pay ke van pote ale soti nan glasi vannen,
e tankou Sòm 68:2 Lafimen soti nan chemine.
Malgre sa, Mwen se SENYÈ, Bondye ou,
depi nan peyi Égypte la;
epi ou pa pou konnen Egz 20:3okenn dye
sof ke Mwen;
paske nanpwen sovè És 43:11 sof ke Mwen.
Mwen te Det 2:7pran swen ou nan dezè a,
nan peyi sechrès la.
Lè yo te vin jwenn patiraj yo, yo te vin satisfè;
yo te vin satisfè e kè yo te vin ògeye.
Konsa, yo te bliye Mwen. Os 7:14; Os 2:13
Akoz sa, Mwen va vin Lam 3:10 tankou yon lyon anvè yo.
Kon yon Jr 5:6leyopa, Mwen va kouche
an kachèt bò chemen an.
Mwen va rankontre yo II Sam 17:8 kon yon lous
ki fenk fin pèdi pitit li,
e mwen va chire lestomak yo nèt.
Sou plas, Mwen va Sòm 50:22devore yo tankou
yon manman lyon,
jan yon bèt sovaj ta chire yo.
Se destriksyon pa w, O Israël!
Akoz ou kont Mwen, kont Det 33:26,29 sekou ou.
10 Kote II Wa 17:4 wa ou a koulye a,
pou li ta ka sove ou nan tout vil ou yo?
Ak I Sam 8:5,6jij ke ou te mande yo: “Ban mwen
yon wa ak prens yo”?
11 Mwen I Sam 8:7te bay ou yon wa nan kòlè Mwen,
e Mwen te fè l soti nan kòlè Mwen.
12 Inikite a Éphraïm vin ogmante nèt;
peche li vin Det 32:34,35 mete nan depo.
13 Doulè a yon fanm k ap pouse pitit va vini sou li;
se pa Det 32:6 yon fis ki saj, k ap rete nan vant
ki ouvri e k ap tann li soti a.
14 Mwen va rachte yo soti
anba pouvwa a Sejou mò yo;
mwen va Sòm 49:15 rachte yo soti anba lanmò.
O lanmò! Kote pikan ou yo?
O Sejou mò yo! Kote destriksyon ou an?
Repantans va vin kache devan zye M.
15 Malgre li pote fwi pami frè li yo,
yon Jen 41:6 van nan lès va vini;
van SENYÈ a k ap monte soti nan dezè a.
Sous dlo li va vin sèch,
e fontèn dlo li va seche.
Li va Jr 20:5 piyaje trezò tout bagay ki gen valè.
16 Samarie va pote Os 10:2koupabilite li,
paske li te Os 7:14fè rebèl kont Bondye li a.
Yo va tonbe pa nepe.
Timoun piti yo va vin kraze an mòso,
epi fanm ansent yo va vin dechire nèt.

13:1 Job 29:21,22

13:2 És 46:6

13:2 Os 8:5,6

13:3 Os 6:4

13:3 Sòm 68:2

13:4 Egz 20:3

13:4 És 43:11

13:5 Det 2:7

13:6 Os 7:14; Os 2:13

13:7 Lam 3:10

13:7 Jr 5:6

13:8 II Sam 17:8

13:8 Sòm 50:22

13:9 Det 33:26,29

13:10 II Wa 17:4

13:10 I Sam 8:5,6

13:11 I Sam 8:7

13:12 Det 32:34,35

13:13 Det 32:6

13:14 Sòm 49:15

13:15 Jen 41:6

13:15 Jr 20:5

13:16 Os 10:2

13:16 Os 7:14