29
Ankò, Job te reprann Nonb 23:7diskou li epi te di:
“O ke m te menm jan ke m te ye nan mwa pase yo!
Kon nan jou ke Bondye te Jr 31:28bay rega sou mwen yo;
Job 18:6lanp Li yo te briye sou tèt mwen,
e pa limyè Li, mwen te mache pase nan fènwa a;
Jan mwen te ye nan pi bèl nan jou mwen yo,
Sòm 25:14amitye Bondye te sou tant mwen an;
lè Toupwisan an te toujou avè m
e pitit mwen yo te antoure mwen;
lè pa mwen yo te benyen nan bè
e Det 32:13wòch la t ap vide ban mwen gwo flèv lwil!
Lè m te konn sòti nan Job 31:21pòtay lavil la,
pou m te gen chèz mwen sou plas la.
Jennonm yo te wè m e te kache kò yo,
e granmoun yo te konn leve kanpe.
Prens yo te sispann pale
e te Job 21:5mete men yo sou bouch yo.
10 Vwa a moun pwisan yo te rete
e Sòm 137:6lang yo te kole anlè nan bouch yo.
11 Paske lè Job 4:3-4zòrèy la te tande m, li te rele m beni,
e lè zye a te wè m, li te fè temwayaj pou mwen menm,
12 akoz mwen te delivre malere ki te kriye pou sekou a,
avèk Job 31:17-21òfelen ki pa t gen moun pou ede l la.
13 Benediksyon a sila ki te prèt pou peri yo
te rive sou mwen e mwen te fè Job 22:9kè vèv la chante avèk jwa.
14 Mwen te És 61:10abiye nan ladwati e li te kouvri m;
jistis mwen te tankou yon manto, avèk yon tiban.
15 Mwen te sèvi kon Nonb 10:31zye pou avèg yo
e pye pou sila bwate yo.
16 Mwen te yon papa pou Job 24:4 malere a
e ka ke m pa konnen an, mwen te chache twouve bout li.
17 Mwen te Sòm 3:7kase machwè a mechan an
e mwen te retire viktim nan anba dan l.
18 Konsa, mwen te reflechi, “Mwen va mouri nan pwòp nich mwen
e mwen va miltipliye jou m yo tankou sab.”
19  Os 14:5Rasin mwen gaye tankou dlo e lawouze
kouche tout lannwit sou branch mwen yo.
20 Laglwa mwen toujou nèf
e Jen 49:24banza m renouvle nan men m.’
 
21 “Pou mwen menm Job 4:3yo te koute e te tann.
epi te rete san pale pou koute konsèy mwen.
22 Apre pawòl pa m, yo pa t pale ankò
e Det 32:2pawòl mwen yo te tonbe sou yo.
23 Yo te tann mwen tankou lapli e te ouvri bouch yo,
konsi se pou lapli nan sezon prentan.
24 Mwen te souri sou yo lè yo pa t kwè
e limyè a figi m pa t janm vin ba.
25 Mwen te chwazi yon chemen pou yo,
te chita tankou Job 1:3chèf e te demere tankou wa
pami sòlda yo,
tankou yon moun ki bay rekonfò a sila ki andèy yo.”
 

29:1 Nonb 23:7

29:2 Jr 31:28

29:3 Job 18:6

29:4 Sòm 25:14

29:6 Det 32:13

29:7 Job 31:21

29:9 Job 21:5

29:10 Sòm 137:6

29:11 Job 4:3-4

29:12 Job 31:17-21

29:13 Job 22:9

29:14 És 61:10

29:15 Nonb 10:31

29:16 Job 24:4

29:17 Sòm 3:7

29:19 Os 14:5

29:20 Jen 49:24

29:21 Job 4:3

29:22 Det 32:2

29:25 Job 1:3