21
“Konsa, Job te reponn:
Koute pawòl mwen byen pre;
kite sa sèvi tankou chemen pou konsole.
Pran pasyans pou m kab pale,
epi tann lè m fini pou ou kab Job 11:3 giyonnen m.
Pou mwen, èske Job 7:11 plent mwen an se anvè yon nonm?
Epi poukisa mwen pa ta dwe manke pasyans?
Gade mwen! Vin etone!
Jij 18:19 Kouvri bouch ou ak men ou!
Lè m sonje, mwen twouble.
Chè m vin ranpli ak Sòm 55:5 laperèz.
 
“Poukisa Jr 12:1 mechan yo viv toujou,
vin vye e vin pwisan nèt?
Sòm 17:14 Desandan yo vin etabli pou yo ka wè yo,
ak pitit pa yo devan zye yo.
Lakay yo Job 12:6 pwoteje kont laperèz,
e baton Bondye pa janm rive sou yo.
10 Towo yo toujou kouple san manke.
Vach yo fè pitit e pa fè foskouch.
11 Yo mete pitit yo deyò tankou yon bann.
Yo flannen e danse toupatou.
12 Yo chante ak tanbouren avèk ap,
e rejwi ak son flit la.
13 Yo Job 21:23 pase jou yo nan byen reyisi.
Epi konsa yo desann nan Sejou Lanmò Yo.
14 Yo di Bondye: Job 22:17 ‘Kite nou!’
Nou pa menm vle konnen chemen Ou yo.
15 ‘Se kilès Toupwisan an ye pou nou ta sèvi Li,
e ki rekonpans nou ta twouve si nou ta priye anvè Li?’
16 Gade byen, bonè pa yo pa rete nan men yo;
Job 22:18 konsèy a mechan yo lwen mwen.
 
17 “Èske se souvan ke Job 18:5-6 lanp a mechan yo etenn?
Èske Job 31:2-3 malè konn vin tonbe sou yo?
Èske Bondye mezire destriksyon nan lakòlè Li?
18 Èske se tankou pay nan van yo ye vrè,
pay ke van pouse ale?
19 Ou di ke ‘Bondye konsève inikite a yon nonm pou fis li yo.’
Kite Bondye rekonpanse li menm pou l konnen sa.
20 Kite Jr 31:30 pwòp zye pa li wè lè l pouri gate.
Kite li bwè lakòlè Bondye.
21 Paske ki konsiderasyon ki genyen
pou lakay sila ki swiv li a,
lè fòs kantite mwa li yo vin koupe?
 
22 “Èske gen moun kab Wo 11:34bay Bondye konesans?
Se Li menm ki jije sila anwo yo.
23 Yon moun Job 20:11 mouri ak tout fòs li,
byen alèz e kal;
24 Tout bokal li yo plen lèt
e tout Pwov 3:8mwèl zo l li byen mou,
25 Pandan yon lòt mouri ak yon nanm anmè,
e pa janm goute nan sa ki bon.
26 Ansanm yo Job 3:13kouche nan pousyè a
e vè vin kouvri yo.
 
27 “Gade byen, mwen konnen sa ou ap panse
ak plan nou sèvi pou fè m tò yo.
28 Paske ou ap di: ‘Kote kay a Job 1:3prens lan
e kote tant kote mechan an rete a?’
29 Èske nou pa janm mande vwayajè yo?
Èske nou pa konnen temwayaj yo bay?
30 Paske mechan an, li menm, konsève pou gwo jou malè a;
Y ap vin parèt nan jou kòlè a.
31 Se kilès ki va fè l repwòch pou zak li yo?
E kilès ki va rekonpanse li pou sa l fè?
32 Pandan l ap pote nan tonbo a, y ap veye tonm li.
33 Bòl tè vale a va kouvri l ak tout dousè;
anplis, Job 3:19tout moun va swiv dèyè li,
menm ak gran fòs san kontwòl yo,
yo te ale devan l.
34 Konsa, se kijan pou m ta Job 16:2twouve rekonfò
nan konsolasyon an ven nou yo?
Paske repons nou yo fèt ak manti.”

21:3 Job 11:3

21:4 Job 7:11

21:5 Jij 18:19

21:6 Sòm 55:5

21:7 Jr 12:1

21:8 Sòm 17:14

21:9 Job 12:6

21:13 Job 21:23

21:14 Job 22:17

21:16 Job 22:18

21:17 Job 18:5-6

21:17 Job 31:2-3

21:20 Jr 31:30

21:22 Wo 11:34

21:23 Job 20:11

21:24 Pwov 3:8

21:26 Job 3:13

21:28 Job 1:3

21:33 Job 3:19

21:34 Job 16:2