31
 1 “Mwen te fè yon akò ak ✡Mat 5:28zye m;  
alò kòman konsa mwen ta kab voye rega mwen sou yon vyèj?   
 2 Paske se kisa ki ✡Job 20:29pòsyon Bondye soti anwo a,  
ak eritaj a Toupwisan an soti anwo a?   
 3 Èske li pa yon malè pou sila ki pa dwat yo,  
ak yon dezas pou ✡Job 34:22sila ki fè inikite yo?   
 4 Èske Li pa ✡II Kwo 16:9wè chemen mwen yo  
e kontwole tout pa mwen yo?   
 5 “Si mwen te ✡Job 15:31mache nan sa ki fo,  
e pye m te kouri dèyè twonpe moun,   
 6 (kite Li ✡Job 6:2-3peze mwen nan yon balans ki jis  
e kite Bondye konnen entegrite m).   
 7 Si pa m yo te ✡Job 23:11vire kite chemen an,  
oswa kè m te swiv zye m,  
oswa si gen yon tach ki kole sou men m,   
 8 kite mwen ✡Lev 26:16simen pou yon lòt ta manje,  
e kite tout sa m plante vin rache.   
 9 “Si kè m te ✡Job 24:15sedwi pa yon fanm,  
oswa mwen te mize nan pòtay vwazen mwen,   
 10 kite madanm mwen graje pou yon lòt  
e kite ✡Det 28:30lòt yo vin kouche sou li.   
 11 Paske sa ta yon krim ✡Lev 20:10sansyèl;  
anplis, li ta yon inikite ki ta dwe jije.   
 12 Paske li ta yon dife ki pou limen jis rive nan ✡Job 26:6 Sejou Lanmò yo  
e ta derasine tout byen mwen ranmase yo.   
 13 Si mwen te ✡Det 24:14-15refize demand esklav mwen an,  
gason kon fanm, lè l te fè yon plent kont mwen,   
 14 alò, kisa mwen ta kab fè lè Bondye leve?  
Konsa, lè L rele m pou jijman,  
ki repons mwen ta kab bay Li?   
 15 Èske ✡Job 10:3Sila ki te fè m nan vant lan pa t fè li menm tou?  
Se pa Li sèl ki te fòme nou nan vant lan?   
 16 Si mwen te ✡Job 5:16anpeche malere yo nan dezi yo,  
oswa te fè zye a vèv la pa wè klè,   
 17 oswa te manje pòsyon pa mwen pou kont mwen  
san ✡Job 29:12 òfelen an pa jwen ladann,   
 18 (Men depi jenès mwen, òfelen an te grandi avè m tankou papa l  
e soti nan anfans lan, mwen te fè gid pou vèv la),   
 19 si mwen te wè yon moun peri akoz mank rad,  
oswa ke ✡Job 24:4sila ak bezwen pa t gen anyen pou kouvri l,   
 20 si kè li pa t beni m,  
si li pa t chofe ak lenn mouton mwen an,   
 21 si mwen te leve men m kont ✡Job 29:12òfelen an,  
akoz mwen te wè soutyen mwen nan pòtay la,   
 22 alò, kite zepòl mwen tonbe sòti nan zepòl li,  
e ✡Job 38:15bra m kase soti nan zo li.   
 23 Paske m pè anpil malè Bondye a.  
Li tèlman gran ak ✡Job 13:11majeste,  
m pa ka fè anyen devan L.   
 24 Si se nan ✡Job 22:24lò mwen te mete espwa m,  
pou m te di lò fen an, ‘se ou ki konfyans mwen,’   
 25 Si mwen te ✡Job 1:3-10rejwi akoz byen mwen yo te tèlman gran,  
e akoz men m te tèlman ranmase anpil;   
 26 si mwen te ✡Det 4:19gade solèy la lè l t ap brile,  
oswa lalin nan lè li prale nan bèlte li,   
 27 epi kè m te vin sedwi an sekrè,  
e men mwen te voye yon bo ki sòti nan bouch mwen,   
 28 sa osi ta yon inikite ki merite jijman,  
paske mwen t ap ✡Jos 24:27abandone Bondye anwo a.   
 29 Èske mwen te ✡Pwov 17:5rejwi lè lènmi m te vin disparèt nèt?  
Oswa bat men m lè mal vin rive li?   
 30 Non, ✡Sòm 7:4mwen pa t kite bouch mwen peche,  
ni mwen pa t mande pou l ta mouri avèk malediksyon.   
 31 Èske mesye nan tant mwen yo p ap di:  
‘Ou pa p twouve yon moun ki pa ✡Job 22:7satisfè ak vyann pa li a?’   
 32 Etranje a pa t rete deyò;  
mwen te ouvri pòt mwen yo a vwayajè a.   
 33 Èske m te ✡Jen 3:10kouvri transgresyon mwen yo tankou Adam?  
Oswa kache inikite mwen nan kè mwen,   
 34 akoz mwen te ✡Egz 23:2krent gwo foul la?  
Oswa akoz krent gwo wont lan devan lòt fanmi yo,  
te kenbe silans mwen e pa t sòti deyò?   
 35 O ke m te gen yon moun ki pou tande mwen!  
Gade byen, men òtograf mwen! Kite Toupwisan an reponn mwen!  
Mennen pwosè vèbal ke ✡Job 27:7akizè a te ekri.   
 36 Anverite, mwen ta pote l sou zepòl mwen;  
mwen ta mare l sou mwen tankou yon kouwòn.   
 37 Mwen ta deklare a Li fòs kantite pa pye mwen yo pran.  
Tankou ✡Job 1:3yon prens mwen ta parèt devan L.   
 38 Si menm ✡Job 24:2tèren mwen an rele kont mwen,  
e tout tranch li yo kriye ansanm;   
 39 si mwen te manje fwi li san lajan,  
oswa te ✡I Wa 21:19kòz ke mèt li yo te pèdi lavi yo,   
 40 kite ✡Job 32:13pikan yo grandi olye ble  
e zèb santi fò ranplase lòj la.”  
Pawòl yo a Job se fini.