24
1 “Lè yon nonm pran yon madanm pou marye avèk li; epi li rive ke li pa jwenn favè nan zye li, akoz ke li twouve kèk defo nan li, ✡ Mat 5:31li ekri li yon sètifika divòs, mete sètifika a nan men li pou mete li deyò lakay li, 2 epi li kite kay li pou ale devni madanm a yon lòt mesye 3 epi si dezyèm mari a vire kont li e ekri li yon sètifika divòs, e mete sètifika a nan men li pou mete li deyò lakay li; oswa, si dezyèm mari li te genyen an, vin mouri, 4 premye mari ki te voye li ale a, pa gen dwa pran li ankò kòm madanm li, akoz sa konwonpi. Paske, sa se yon bagay abominab devan SENYÈ a.
“Epi nou pa pou mennen peche sou peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, bannou kòm eritaj la.
5 “Lè yon nonm fenk pran yon madanm tounèf, li pa pou sòti avèk lame a vin responsab okenn chaj; li va rete lib lakay li pandan 1 nan pou fè madanm ke li te pran an, gen kè kontan.
6 “Pèsòn pa pou pran wòch moulen anwo a kòm sekirite; paske, se tankou li te pran vi a moun nan ensekirite.
7 ✡ Egz 21:16“Si yo pran yon moun nan kidnape nenpòt nan sitwayen fis Israël yo; epi li te aji avèk vyolans sou li, oswa li te vann li; alò, vòlè sila a va mouri. Konsa, nou va retire mechanste pami nou.
8 ✡ Lev 13:1-57“Fè atansyon kont enfeksyon lalèp, pou nou swiv avèk dilijans e fè tout sa ke prèt Levit yo te enstwi nou; jan mwen te kòmande yo a; se konsa, nou va fè atansyon pou nou fè. 9 Sonje sa ke SENYÈ Bondye nou an, te fè Marie nan chemen an pandan nou t ap sòti an Égypte la.
10 ✡ Egz 22:26-27“Lè nou fè nenpòt kalite prè a vwazen nou, nou pa pou antre lakay li pou pran garanti. 11 Nou va rete deyò, e nonm k ap resevwa prè a va pote garanti a deyò bannou. 12 Si se yon malere, ou pa pou dòmi avèk garanti li. 13 ✡ Egz 22:26Lè solèy la fin kouche, nou va, anverite, remèt garanti a li, pou li kapab dòmi nan manto li, beni nou; epi ✡ Det 6:25sa va sèvi kòm ladwati pou nou devan SENYÈ a, Bondye nou an. 14 ✡ Lev 25:35-43Nou pa pou oprime yon sèvitè k ap travay pou nou ki malere e ki nan nesesite, kit se yon sitwayen parèy nou, oswa youn nan etranje nou yo ki rete nan peyi nou nan vil nou yo. 15 ✡ Lev 19:13Nou va ba li salè li nan jou li avan solèy la kouche; paske, li se malere, e espwa kè li sou sa; jis pou li pa kriye kont nou vè SENYÈ a, pou sa devni yon peche nan nou.
16 “Papa yo p ap mete a lanmò pou zak kriminèl fis yo, ni fis a lanmò yo pou zak kriminèl papa yo; tout moun ap vin mete a lanmò sèlman pou pwòp peche pa yo.
17 ✡ Egz 23:9“Nou pa pou tòde lajistis la ki se dwa a yon etranje, oswa yon òfelen, ni pran rad a yon vèv kòm garanti. 18 Men nou va sonje ke nou te esklav an Égypte, e ke SENYÈ a, Bondye nou an, te peye ranson nou soti la; akoz sa, mwen ap kòmande nou pou fè bagay sa a.
19 “Lè nou fè rekòlt nou nan chan nou, nou bliye yon pakèt nan chan an, nou pa pou retounen pran li; li va ✡ Det 14:29pou etranje a, pou òfelen an ak pou vèv la, pou SENYÈ a, Bondye nou an, ✡ Pwov 19:17kapab beni nou nan tout travay men nou yo. 20 ✡ Lev 19:10Lè nou keyi pye doliv la, nou pa pou pase sou branch yo yon dezyèm fwa; li va pou etranje a, pou òfelen an ak pou vèv la. 21 Lè nou rekòlte rezen nan chan rezen an, nou p ap pase sou li yon lòt fwa; li va pou etranje a, pou òfelen an ak pou vèv la.
22 “Nou va sonje ke nou te yon esklav nan peyi Égypte la; pou sa, mwen ap kòmande nou pou fè bagay sa a.