13
Alò, SENYÈ a te pale Moïse avèk Aaron. Li te di: “Lè yon nonm vin gen sou po kò li yon enflamasyon, yon gal, oswa yon tach blanch, e li vin gen yon enfeksyon lalèp sou po kò li, alò, Det 24:8 li va pote bay Aaron, prèt la, oswa yon prèt nan fis li yo. Prèt la va gade bouton an sou po kò a. Si plim nan enfeksyon an vin blan, e enfeksyon an parèt pi fon ke po kò a, li se yon enfeksyon lalèp. Lè prèt la fin gade li, li va pwononse li pa pwòp. Men si bouton blan an sou po kò a, men li pa parèt pi fon ke po a, epi plim sou li pa vin blan, alò, prèt la va izole li pandan sèt jou. Prèt la va gade li nan setyèm jou a. Epi selon sa li wè, si enfeksyon an pa chanje, enfeksyon an pa gaye sou po a, alò, prèt la va fè l izole pandan sèt jou ankò. Prèt la va gade li ankò nan setyèm jou a. Si enfeksyon an ap disparèt, e bouton an pa gaye sou po a, alò prèt la va pwoklame li pwòp. Se sèlman yon gal. Li va Lev 11:25 lave rad li; li va pwòp. Men si gal la vin gaye plis sou po a apre li te fin vizite prèt la pou pirifikasyon li, li va parèt ankò devan prèt la. Prèt la va gade, e si gal la vin gaye sou po a, alò prèt la va pwoklame li pa pwòp. Li se lalèp.
“Lè enfeksyon lalèp la sou yon moun, alò, li va vin mennen bay prèt la. 10 Prèt la va gade l. Si gen yon II Wa 5:27 enflamasyon blan sou po a, li fè plim li vin blan, e gen maleng nan enflamasyon an, 11 sa se yon lalèp kwonik sou po kò li. Prèt la va pwoklame li pa pwòp. Li p ap izole li ankò, paske li deja pa pwòp. 12 Si lalèp la vin gaye plis sou po a, e lalèp la kouvri tout po de sila ki gen enfeksyon an soti nan tèt li, jis rive nan pye li, toupatou kote prèt la kab wè, 13 alò, prèt la va gade, e veye byen, si lalèp la vin kouvri tout kò li, li va pwoklame li pwòp. Li te vin blanch nèt, e koulye a, li vin pwòp. 14 Men nenpòt maleng ki vin parèt sou li, li va vin pa pwòp. 15 Prèt la va gade maleng lan, e li va pwoklame li pa pwòp. Maleng lan pa pwòp, se lalèp li ye. 16 Oswa, si maleng lan chanje ankò vin tou blanch, alò, li va Luc 5:12-14 vini kote prèt la. 17 Konsa, prèt la va gade li, e veye byen, si enfeksyon an te vin tou blanch, alò prèt la va pwoklame li pwòp de enfeksyon an. Li pwòp.
18 “Si kò a gen yon abse sou po a, e li vin geri, 19 epi nan plas abse a, li vin gen yon enflamasyon tou blanch oswa yon tach blanch e wouj fonse, byen vif, li va montre l a prèt la. 20 Prèt la va gade li, e veye byen, si li vin parèt pi fonse ke po a, e plim sou li a vin tou blanch, alò prèt la va pwoklame li pa pwòp. Sa se enfeksyon lalèp, li vin parèt nan abse a. 21 Men si prèt la gade li, e veye byen, li pa gen plim blanch ladann, li pa pi fon ke po a, e l ap vin disparèt, alò, prèt la va izole li pandan sèt jou. 22 Si li gaye plis sou po a, alò, prèt la va pwoklame li pa pwòp. Se yon enfeksyon li ye. 23 Men si tach vif la rete nan plas li, e li pa gaye, se sèlman sikatris abse a. Konsa, prèt la va pwoklame li pwòp.
24 “Oubyen, si kò a vin brile nan dife, e maleng brile a vin yon mak vif, blan wouj fonse, oswa blan, 25 alò, prèt la va gade li. Epi si plim nan mak vif la vin Nonb 12:10 tou blanch e parèt pi fonse ke chè a, sa se lalèp. Li vin parèt nan kote ki brile a. Konsa, prèt la va pwoklame li pa pwòp. Sa se yon enfeksyon lalèp. 26 Men si prèt la gade li, e vrèman, pa gen plim blan nan mak vif la e li pa pi fon ke po a, men li vin pal; alò, prèt la va izole li pandan sèt jou. 27 Epi prèt la va gade li nan setyèm jou a. Si li gaye plis sou po a, alò, prèt la va pwoklame li pa pwòp.Sa se yon enfeksyon lalèp. 28 Men si mak vif la toujou rete nan plas li, e li pa gaye nan po a, men li vin pal, sa se sèlman enflamasyon ki soti nan brile a, epi prèt la va pwoklame li pwòp, paske se sèlman sikatris brile a.
29 “Alò, si yon nonm oswa yon fanm gen yon enfeksyon nan tèt oswa nan bab, 30 alò, prèt la va gade enfeksyon an. Si li parèt pi fonse pase po a e li vin gen yon ti plim avèk yon koulè jon, alò prèt la va pwoklame li pa pwòp. Li se yon kal. Sa se lalèp nan tèt oubyen nan bab. 31 Men si prèt la gade enfeksyon kal la, e vrèman, li parèt pi fonse ke po a, e nanpwen plim nwa ladann, alò, prèt la va izole moun avèk enfeksyon kal la pandan sèt jou. 32 Nan setyèm jou a, prèt la va gade enfeksyon an; epi si kal la pa gaye pi lwen, li pa gen ti plim jon ki grandi ladann, e li pa sanble ke kal la pi fonse ke po a, 33 answit, li va pase razwa sou li, men pa sou kal la; epi prèt la va izole moun avèk kal la pandan sèt jou anplis. 34 Answit, nan setyèm jou a, prèt la va gade kal la, si kal la pa gaye nan po a, e li pa parèt pi fonse ke po a, prèt la va pwoklame li pwòp. Li va lave rad li, e li va vin pwòp. 35 Men si kal la vin gaye plis sou po a apre pirifikasyon li, 36 alò, prèt la va gade li, e si kal la ap gaye nan po a, prèt la pa bezwen chèche plim jon nan. Li pa pwòp. 37 Si nan zye li, kal la rete, malgre sa, plim nwa yo vin grandi ladann, kal la vin geri, li pwòp. Konsa, prèt la va pwoklame li pwòp.
38 “Lè yon nonm oswa yon fanm gen mak vif sou po kò a, menm mak tou blanch, 39 alò prèt la va gade, e si mak vif sou po kò yo se blan pal, se sèlman ekzema ki parèt sou po a. Li pwòp.
40 “Alò, si yon nonm pèdi cheve nan tèt li, li vin És 15:2 chòv. Li pwòp. 41 Si tèt li vin kale pa devan e sou kote, li chòv pa devan. Li pwòp. 42 Men si nan tèt chòv la oswa nan fwontèn chòv la, vin rete yon enfeksyon koulè blan— wouj fonse, sa se lalèp k ap parèt sou tèt chòv li oswa fwontèn chòv li a. 43 Answit, Lev 10:10 prèt la va gade li. Konsa, si enflamasyon enfeksyon an blan-wouj fonse sou tèt chòv oswa sou fwontèn chòv li, tankou aparans lalèp sou po kò a, 44 li se yon moun lalèp. Li pa pwòp. Prèt la va vrèman pwoklame li pa pwòp. Enfeksyon li sou tèt li a. 45 Pou moun lalèp ki gen enfeksyon an, fòk li mete rad chire, e lese cheve nan tèt li san penyen. Li va Éz 24:17-22 kouvri moustach li e kriye: ‘Pa pwòp, pa pwòp.’ 46 Li va rete pa pwòp pandan tout jou ke enfeksyon an dire yo. Li pa pwòp. Li va abite izole pou kont li. Li gen pou rete Nonb 5:1-4 deyò kan an.
47 “Lè yon vètman vin gen lalèp kanni, kit se twal len nèt kit se twal len fen, 48 kit li tise, kit li trikote avèk len nèt oswa avèk len fen, kit se an kwi oswa an okenn bagay ki fèt an kwi, 49 si mak la tou vèt oswa wouj nan vètman an, kit se an kwi, oswa an tise ou trikote, oswa an okenn bagay an kwi, li se yon mak lalèp kanni, e fòk li vin montre bay prèt la. 50 Alò, Éz 44:23 prèt la va gade mak la e li va izole bagay avèk mak la pandan sèt jou. 51 Konsa, li va gade mak la nan setyèm jou a. Si mak la vin gaye sou rad la nan tise a, oswa trikote a, oswa an kwi oubyen nenpòt bagay ke kwi a sèvi, mak la se lalèp kanni, e li se yon maleng. Li pa pwòp. 52 Pou sa, li va brile rad la, kit an tise, oswa an trikote, oswa an len nèt, an len fen, oubyen nenpòt bagay an kwi kote mak la parèt, paske li se lalèp kanni maleng. Li va brile nan dife.
53 “Men si prèt la ta gade, e vrèman, mak la pa gaye nan vètman an, ni nan tise a, ni nan trikote a, ni nan bagay an kwi a, 54 alò, prèt la va pase lòd pou lave bagay ki te gen mak la e li va vin izole li pandan sèt jou anplis. 55 Lè bagay la avèk mak la fin lave, prèt la va gade ankò, e si mak la pa chanje aparans li, malgre mak la pa gaye, li pa pwòp. Nou va brile li nan dife, menm si li epwize pa anwo oswa pa devan li. 56 Alò, si prèt la gade e mak la vin mwens, li va chire e retire li nan vètman an, oswa an kwi a, kit se nan tise, kit se nan trikote a; 57 epi si li parèt ankò nan vètman an, kit se nan tise a, oswa nan trikote a, oswa nan nenpòt bagay ki fèt an kwi, sa se yon epidemi lalèp kanni. Bagay la avèk mak la va brile nan dife. 58 Vètman an, kit se nan tise, oswa nan trikote, oswa nan nenpòt bagay ki fèt an kwi kote mak la te sòti lè nou te lave li a, li va konsa lave yon dezyèm fwa e li va vin pwòp.”
59 Sa se lalwa pou mak lalèp kanni nan yon vètman an len nèt, oswa len fen, oswa an tise, oswa an trikote, oswa an nenpòt bagay ki fèt an kwi, pou pwoklame li pwòp oswa pa pwòp.

13:2 Det 24:8

13:6 Lev 11:25

13:10 II Wa 5:27

13:16 Luc 5:12-14

13:25 Nonb 12:10

13:40 És 15:2

13:43 Lev 10:10

13:45 Éz 24:17-22

13:46 Nonb 5:1-4

13:50 Éz 44:23