12
Marie avèk Aaron te vin pale kont Moïse akoz fanm Koushit ke li te marye a; paske li te marye avèk yon fanm Egz 2:21 Koushit; Nonb 16:3 Konsa, yo te di: “Èske SENYÈ a vrèman te pale sèlman ak Moïse? Èske Li pa t pale ak nou menm tou?” Epi SENYÈ a te tande sa.
Alò, nonm Moïse la te Mat 11:29 trè enb, plis pase tout moun ki te sou sifas latè a.
Sibitman, SENYÈ a te di a Moïse ak Aaron avèk Marie: “Nou twa a, vin sòti nan tant asanble a”. Alò, yo twa a te sòti. Epi SENYÈ a te desann nan yon Egz 19:9 pilye nwaj. Li te kanpe nan pòtay tant asanble a, e Li te rele Aaron avèk Marie. Yo toude te vin avanse. Li te di: “Koute pawòl Mwen koulye a: Si gen yon pwofèt pami nou, Mwen, SENYÈ a, Mwen va fè Mwen menm vin rekonèt a li menm nan yon I Sam 3:15 vizyon. Mwen va pale avèk li nan yon Jen 31:11 rèv. Se pa konsa avèk sèvitè Mwen, Moïse. Eb 3:2-5 Li fidèl nan tout kay Mwen; Avèk li, Mwen pale bouch a bouch, byen klè, pa nan pawòl parabòl, epi li wè Egz 24:10-11 fòm SENYÈ a menm. Poukisa, konsa, nou pa t pè pou pale kont sèvitè Mwen an, kont Moïse?”
Epi kòlè SENYÈ a te brile kont yo, e Jen 17:22 Li te pati. 10 Lè nwaj la te kite tant lan, vwala, Marie te gen lalèp, blan tankou lanèj.
Epi lè Aaron te gade, alò, Marie te gen Egz 4:6 lalèp. 11 Aaron te di Moïse: “O senyè Mwen an! Mwen mande ou souple, II Sam 19:19 pa konte peche sa a kont nou, nan sila nou te aji avèk foli a, ak nan sila nou te peche a. 12 O Pa kite chè Marie rete kòm yon timoun ki fenk fèt mouri, ki sòti nan vant manman li avèk chè li mwatye manje!”
13 Moïse te kriye fò bay SENYÈ a. Li te di: “O Bondye, És 30:26 geri li, mwen priye Ou!”
14 Men SENYÈ a te reponn Moïse: “Si papa li te sèlman krache nan figi li, èske li pa t ap pote wont li pandan sèt jou? Kite li rete fèmen pandan sèt jou Nonb 5:1-4 deyò kan an. Apre, l ap kapab rantre ankò.” 15 Konsa Det 24:9 Marie te fèmen deyò kan an pandan sèt jou, e pèp la pa t deplase jiskaske Marie te vin rantre ankò.
16 Apre sa a, pèp la te deplase kite Hatséroth pou te fè kan nan dezè Paran an.

12:1 Egz 2:21

12:2 Nonb 16:3

12:3 Mat 11:29

12:5 Egz 19:9

12:6 I Sam 3:15

12:6 Jen 31:11

12:7 Eb 3:2-5

12:8 Egz 24:10-11

12:9 Jen 17:22

12:10 Egz 4:6

12:11 II Sam 19:19

12:13 És 30:26

12:14 Nonb 5:1-4

12:15 Det 24:9