24
Alò, Li te di a Moïse: Egz 19:24 “Vin monte vè SENYÈ a, ou menm avèk Aaron, Nadab, Abihu avèk swasann-dis nan ansyen Israël yo, e nou va adore a yon distans. Men se sèl Moïse k ap vin toupre SENYÈ a, men yo menm p ap vin pre. Pèp la p ap monte avèk li.”
Alò Moïse te vin rakonte a pèp la tout pawòl a SENYÈ a yo, avèk tout òdonans yo; epi tout pèp la te reponn avèk yon sèl vwa. Yo te di: Egz 19:8 “Tout pawòl sa yo ke SENYÈ a pale, nou va fè yo!” Egz 17:4Moïse te ekri tout pawòl SENYÈ a yo.
Konsa, li te leve granmmaten e li te bati yon lotèl nan pye mòn nan avèk douz pilye pou douz tribi Israël yo. Li te voye jèn mesye nan fis Israël yo, Egz 18:12 yo te ofri ofrann brile e yo te fè sakrifis jèn towo kòm ofrann lapè bay SENYÈ a.
Eb 9:18 Moïse te pran mwatye nan san an. Li te mete li nan basen yo, e lòt mwatye san an li te aspèje li sou lotèl la. Epi li te pran Egz 24:4 liv akò a, e li te li li nan zòrèy a tout pèp la. Epi yo te di: “Tout sa ke SENYÈ a pale, nou va fè yo, e nou va obeyi yo.”
Alò, Eb 9:19,20 Moïse te pran san an. Li te aspèje li sou pèp la. Li te di: “Gade byen san akò a, ke SENYÈ a te fè avèk nou selon tout pawòl sa yo.”
Alò, Moïse te pran Aaron, Egz 24:1 Nadab, Abihu, ak swasann-dis nan ansyen Israël yo pou monte. 10  Egz 24:11 Yo te wè Bondye Israël la. Anba pye li, te parèt yon choz tankou yon pave ki fèt an safì, klè tankou syèl la menm. 11 Malgre Li pa t lonje men Li kont prens Israël sa yo. Jen 16:3 Yo te wè Bondye, yo te manje e yo te bwè.
12 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Vin monte vè Mwen nan mòn nan e rete la, epi Egz 31:18 Mwen va bay ou tab wòch yo avèk lalwa ak kòmandman ke M te ekri pou enstwi yo.”
13 Alò, Moïse te leve avèk Egz 17:9-14Josué, sèvitè li a, e Moïse te monte nan Egz 3:1mòn Bondye a. 14 Men a ansyen yo li te di: “Tann isit la pou nou jis lè nou retounen kote nou. Epi gade byen, Egz 17:10,12 Aaron avèk Hur isit avèk nou. Nenpòt moun ki genyen yon pwosè lalwa kapab pwoche yo.”
15 Alò Moïse te monte nan mòn nan, e Egz 19:9 nwaj la te kouvri mòn nan.
16  Egz 16:10 Glwa SENYÈ a te rete sou Mòn Sinai a, e nwaj la te kouvri li pandan sis jou. Nan setyèm jou a, Li te rele Moïse soti nan mitan nwaj la.
17 Nan zye a fis Israël yo, aparans glwa SENYÈ a te tankou yon Det 4:24 dife ki t ap ravaje sou tèt mòn nan.
18 Moïse te antre nan mitan nwaj la pandan li te monte sou mòn nan. Konsa, Moïse te rete sou mòn nan pandan Egz 34:28 karant jou ak karant nwit.

24:1 Egz 19:24

24:3 Egz 19:8

24:4 Egz 17:4

24:5 Egz 18:12

24:6 Eb 9:18

24:7 Egz 24:4

24:8 Eb 9:19,20

24:9 Egz 24:1

24:10 Egz 24:11

24:11 Jen 16:3

24:12 Egz 31:18

24:13 Egz 17:9-14

24:13 Egz 3:1

24:14 Egz 17:10,12

24:15 Egz 19:9

24:16 Egz 16:10

24:17 Det 4:24

24:18 Egz 34:28