16
Alò, yo te kite Élim, e tout asanble fis Israël yo te vini nan dezè Nonb 33:10,11 Sin, ki te antre Élim ak Sinai an. Sa te fèt nan kenzyèm jou dezyèm mwa apre depa yo nan peyi Égypte la.
Konsa, tout asanble fis Israël yo te Sòm 106:25 plenyen kont Moïse avèk Aaron nan dezè a. Fis Israël yo te di yo: “Pito ke nou te mouri pa men SENYÈ a nan peyi Égypte la Nonb 11:4,5 pandan nou t ap chita akote chodyè vyann yo, pandan nou t ap manje pen jis nou vin plen. Men ou mennen nou deyò nan dezè sila a pou touye tout asanble a avèk grangou.”
Alò, SENYÈ a te di Moïse: “Gade byen, Mwen va vide pen sòti nan syèl la tankou lapli pou nou. Epi pèp la va sòti chak jou pou ranmase sa ki kont pou jounen an, pou Mwen kapab fè yo pase Egz 15:25 a leprèv; pou M wè si yo va mache nan enstriksyon Mwen yo. Egz 16:22 Nan sizyèm jou a, lè yo prepare sa ke yo fè antre, li va doub sa ke yo konn pran pa jou yo.”
Alò, Moïse avèk Aaron te di a tout fis Israël yo: “Nan aswè Egz 6:7 nou va rekonèt ke SENYÈ a te mennen nou sòti nan peyi Égypte la. Nan maten a nou va wè És 35:2 glwa SENYÈ a, paske Li tande plent nou yo kont SENYÈ a. Epi kisa nou ye pou nou ta plenyen kont nou?”
Moïse te di: “Sa va vin rive lè SENYÈ a bannou vyann pou nou manje nan aswè, ak pen jiskaske nou vin satisfè nan maten. Paske SENYÈ a tande plent ke nou fè kont Li. Epi kisa nou ye? Plent nou yo I Sam 8:7 pa kont nou, men kont SENYÈ a.”
Alò Moïse te di a Aaron: “Pale a tout asanble fis Israël yo, Nonb 16:16 ‘Rapwoche nou devan SENYÈ a, paske Li tande plent nou yo.’ ”
10 Li te vin rive ke pandan Aaron t ap pale a tout asanble a fis Israël yo, ke yo te gade vè dezè a, e vwala, Egz 13:21 glwa SENYÈ a te parèt nan nwaj la.
11 Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse e te di: 12 “Mwen tande plent a fis Israël yo. Pale ak yo pou di: ‘Nan aswè avan li fènwa, nou va manje vyann, e nan maten, nou va vin plen avèk pen. Konsa, Egz 6:7 nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’ ”
13 Alò, li vin rive nan aswè ke Sòm 78:27-29 zwazo kay yo te monte. Yo te kouvri tout kan an. Nan maten an te gen yon kouch lawouze ki te antoure kan an. 14  Nonb 11:7-9 Lè kouch lawouze a te disparèt, gade, sou sifas dezè a, te gen yon bagay ki te sanble yon ti kal byen fen, ki sanble frechè lawouze sou tè a. 15 Lè fis Israël yo te wè li, yo te di a youn lòt: “Kisa sa ye?” Paske yo pa t konnen kisa sa li te ye.
Epi Moïse te di yo: Jn 6:31 “Sa se pen ke SENYÈ a bannou pou nou manje. 16 Men sa ke SENYÈ a kòmande: ‘Chak moun ranmase ladann selon sa ke li va manje. Nou va pran Egz 16:32-36 yon omè pou chak, selon kantite moun chak nan nou genyen nan tant li.’ ”
17 Fis Israël yo te fè sa, kèk te pran plis, e kèk te pran mwens. 18 Lè yo te mezire li avèk yon omè, II Kor 8:15 sa ki te pran anpil yo pa t gen twòp, ni sa ki te pran piti yo pa t manke. Chak moun te ranmase sa ke li te dwe manje.
19 Moïse te di yo: “ Egz 12:10 Pa kite pèsòn konsève anyen ladann pou rive demen.”
20 Men yo pa t koute Moïse. Kèk nan yo te kite yon pati pou maten. Konsa, li te kale vè, e te vin rans. Moïse te fache avèk yo.
21 Yo te ranmase li chak jou, chak moun selon sa li ta dwe manje. Men lè solèy la te vin cho, li te vin fann. 22  Egz 16:5 Alò nan sizyèm jou a, yo te pran doub fòs pen, de omè pou chak moun. Tout dirijan asanble yo te fè rapò sa a Moïse.
23 Alo, konsa li te reponn yo: “Men sa ke SENYÈ a vle: Jen 2:3 ‘Demen se yon jou Saba, yon Saba sen a SENYÈ a. Kwit sa ke nou va kwit, bouyi sa ke nou va bouyi, e tout sa ki rete, mete l akote pou konsève jis rive nan maten.’ ”
24 Alò, yo te mete li akote jis rive nan maten, jan Moïse te kòmande a, e Egz 16:20 li pa t vin kanni, ni li pa t gen okenn vè ladann. 25 Moïse te di: “Manje li jodi a, paske jodi a se yon Saba a SENYÈ a. Jodi a nou p ap twouve li nan chan an. 26  Egz 20:9,10 Sis jou nou va pran li, men nan setyèm jou a, jou Saba a, p ap genyen okenn.”
27 Li te rive nan setyèm jou a, ke kèk nan moun yo te ale pran, men yo pa t twouve menm.
28 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: II Wa 17:14 “Pou konbyen de tan nou va refize kenbe kòmandman Mwen yo, ak enstriksyon Mwen yo? 29 Gade, SENYÈ a te bannou Saba a. Pou sa, Li bannou pen pou de jou nan sizyèm jou a. Kite chak moun rete nan plas li. Pa kite pèsòn sòti nan plas li nan setyèm jou a.” 30 Pou sa, pèp Israël la te poze nan setyèm jou a.
31  Nonb 11:7-9 Lakay Israël te nonmen li lamàn. Li te tankou grenn koryandè, blan avèk yon gou tankou gato avèk siwo myèl.
32 Alò, Moïse te di: “Men Sa ke SENYÈ a te kòmande, ‘Kite yon omè ladann pami tout jenerasyon yo pou yo kapab wè pen ke Mwen te bannou nan dezè a, lè Mwen te mennen nou sòti nan peyi Égypte la.’ ”
33 Moïse te di a Aaron: Eb 9:4 “Pran yon bokal, mete yon omè plen lamàn ladann, epi plase li devan SENYÈ a pou kenbe li pandan tout jenerasyon nou yo.”
34 Jan SENYÈ a te kòmande Moïse la, konsa Aaron te plase li devan Egz 25:16,21 temwen an, pou l konsève. 35  Det 8:2 Fis Israël yo te manje lamàn pandan karant ane, jis lè yo te rive nan yon peyi ki te peple deja. Yo te manje lamàn jis yo rive nan fwontyè peyi Canaan an.
36 Alò, yon Egz 16:16 Omè se yon dizyèm pati a yon efa.

16:1 Nonb 33:10,11

16:2 Sòm 106:25

16:3 Nonb 11:4,5

16:4 Egz 15:25

16:5 Egz 16:22

16:6 Egz 6:7

16:7 És 35:2

16:8 I Sam 8:7

16:9 Nonb 16:16

16:10 Egz 13:21

16:12 Egz 6:7

16:13 Sòm 78:27-29

16:14 Nonb 11:7-9

16:15 Jn 6:31

16:16 Egz 16:32-36

16:18 II Kor 8:15

16:19 Egz 12:10

16:22 Egz 16:5

16:23 Jen 2:3

16:24 Egz 16:20

16:26 Egz 20:9,10

16:28 II Wa 17:14

16:31 Nonb 11:7-9

16:33 Eb 9:4

16:34 Egz 25:16,21

16:35 Det 8:2

16:36 Egz 16:16