2
Se te konsa syèl yo avèk tè a te fin fèt, avèk tout Det 4:19lanmè yo.
Nan Egz 20:8-11setyèm jou a, Bondye te fin fè travay ke Li te fè yo. Konsa, Li te repoze nan setyèm jou a sou tout travay ke Li te fè yo. Epi Bondye te beni setyèm jou a. Li te fè li sen, akoz nan li, Li te repoze de tout travay kreyasyon an, ke Li te fè a.
Job 38:4-11Sa se listwa syèl yo avèk tè a lè yo te kreye, nan jou ke SENYÈ Bondye a e fè tè a avèk syèl la. Jen 1:11Alò potko gen ti bwa chan ki te parèt nan tè a, ni plant chan ki te boujonnen, paske Senyè Bondye a potko voye lapli sou tè a, e pa t gen moun pou kiltive tè a. Men yon vapè te konn leve sòti nan tè a pou wouze tout sifas li. Alò Senyè Bondye a te fòme lòm sòti nan Jen 3:19 pousyè tè a. Li te respire souf lavi fè l vin antre nan nen l, e I Kor 15:45lòm te devni yon nanm vivan.
Senyè Bondye a te plante yon Jen 13:10jaden nan pati lès Eden, e se la Li te mete lòm ke Li te fòme a. Soti nan tè a, SENYÈ Bondye a te fè grandi chak ab ki bèl pou gade e ki bon pou manje. Avèk yo nan mitan jaden a te gen Jen 3:22ab lavi a, ak ab konesans a sa ki bon ak sa ki mal la.
10 Alò, yon Sòm 46:4rivyè te sòti nan Eden pou wouze jaden an. Epi soti la, li te divize ou fè kat rivyè. 11 Premye rivyè a rele Pischon; li pase antoure tout peyi Jen 25:18Havila, kote ki gen lò a. 12 Lò peyi sa a bon; wòch bdelyèm avèk onyx konn twouve la. 13 Dezyèm rivyè a rele Guihon; li kouri antoure peyi Cush la. 14 Yo rele twazyèm rivyè Dan 10:4Tigrès; li koule nan lès Assyrie. Epi katriyèm rivyè a se Jen 15:18Euphrate.
15 Alò, Senyè Bondye a te pran lòm nan; Li te mete l nan jaden Eden pou kiltive li e pran swen li.
16 Senyè Bondye a te Jen 3:2-3kòmande lòm nan. Li te di l: “Nan nenpòt sa nan jaden an, ou kapab manje, 17 men sou ab konesans bon avèk mal la, ou pa pou manje li, paske nan jou ke ou manje li, Det 30:15-20 ou va mouri.”
18 Alò, Senyè Bondye a te di: “Sa pa bon pou lòm nan rete sèl. Mwen va I Kor 11:9 fè yon asistan jan li dwe genyen”.
19  Jen 1:24Sòti nan tè a, Senyè Bondye a te fòme chak bèt chan ak chak zwazo syèl la, e Li te mennen yo kote lòm po wè kòman li ta rele yo. Nenpòt jan li te rele yon kreyati vivan, sa te vin non li. 20 Lòm nan te bay non a tout bèt domestik yo, a tout zwazo syèl yo, e a chak bèt chan, men pou lòm nan, pa t gen yon Jen 2:18asistan sanblab ak li.
21 Alò, Senyè Bondye a te fè yon Jen 15:2Pwofon somèy pran lòm nan, e li te dòmi. Konsa, li te pran youn nan zo kòt li yo, e te fèmen chè a nan plas li. 22 Senyè Bondye a te fòme yon fanm avèk I Kor 11:8-9kòt ke Li te pran nan lòm nan, e Li te pote li bay li.
23 Lòm nan te di: “ Jen 29:14Koulye a sa se zo a zo mwen, e chè a chè mwen. Li va rele fanm akoz li te retire nan lòm.
24  Mat 19:5 “Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè.” 25  Jen 3:7,10,11Epi lòm nan avèk fanm nan te toutouni, e yo pa t wont.

2:1 Det 4:19

2:2 Egz 20:8-11

2:4 Job 38:4-11

2:5 Jen 1:11

2:7 Jen 3:19

2:7 I Kor 15:45

2:8 Jen 13:10

2:9 Jen 3:22

2:10 Sòm 46:4

2:11 Jen 25:18

2:14 Dan 10:4

2:14 Jen 15:18

2:16 Jen 3:2-3

2:17 Det 30:15-20

2:18 I Kor 11:9

2:19 Jen 1:24

2:20 Jen 2:18

2:21 Jen 15:2

2:22 I Kor 11:8-9

2:23 Jen 29:14

2:24 Mat 19:5

2:25 Jen 3:7,10,11