10
Nan twazyèm ane Cyrus, wa Perse la, yon mesaj te revele a Daniel, ki te rele Belschatsar. Dan 8:26Mesaj la te vrè; menm yon gran gè. Li te konprann mesaj la, e te Dan 1:17 gen konprann vizyon an.
Nan jou sila yo, mwen menm, Daniel, mwen t ap fè dèy pandan twa semèn. Mwen Dan 6:18 pa t manje okenn bon manje; ni vyann, ni diven nan pa t antre nan bouch mwen. Ni mwen pa t sèvi okenn pomad pou onksyone jiskaske tout twa semèn sila yo te fin akonpli.
Nan venn-katriyèm jou nan premye mwa a, pandan mwen te akote gran Éz 1:3 rivyè a, ki se Hiddékel, mwen te leve zye m gade e vwala, te gen yon sèten nonm Éz 9:2; Rev 1:13 abiye an len, ak senti l mare ak yon sentiwon lò pi, ki sòti Uphaz. Anplis, kò li te tankou krizolit, figi li kon aparans ak loray, Rev 1:14 zye li kon tòch flanm dife, bra li ak pye li tankou bwonz byen poli, e son a pawòl li yo, kon son a yon gran foul.
Alò, mwen menm, Daniel, mwen II Wa 6:17-20 tou sèl te wè vizyon an, pandan mesye ki te avè m yo pa t wè vizyon an, men yon gwo laperèz te vin tonbe sou yo, e yo te kouri ale kache kò yo. Konsa, mwen te Jen 32:24rete sèl, e mwen te wè gran vizyon sila a. Konsa, Dan 7:28 pa t gen fòs ki te rete nan mwen, paske koulè po m te vin pal tankou moun ki mouri, e mwen te pèdi tout fòs mwen nèt. Men mwen te tande son a pawòl li yo. Depi mwen te tande son pawòl li yo, mwen te Jen 15:12 tonbe nan yon gwo somèy sou figi mwen, figi m atè nèt.
10 Konsa, gade byen, yon men te Jr 1:9 touche mwen ki te plase m sou men ak jenou m yo. 11 Li te di mwen: “O Daniel, nonm ki trè byeneme a, Dan 8:16,17konprann pawòl ke mwen va pale ou yo. Éz 2:1 Kanpe dwat! Paske mwen te voye kote ou koulye a.” Lè li te pale pawòl sa a, mwen menm, mwen te kanpe. Mwen t ap tranble.
12 Alò, li te di mwen: “Pa pè, Daniel, paske depi premye jou ke ou te dedye kè ou pou konprann sa a, lè ou te Dan 9:20-23 imilye ou devan Bondye ou a, pawòl ou yo te vin tande. Konsa, mwen te vini Trav 10:30,31akoz pawòl ou yo. 13 Men prens a wayòm Perse la te kanpe kont mwen pandan venteyen jou; epi gade byen Dan 10:21 Micaël, youn nan chèf a prens yo, te vin ede m, paske mwen te rete la sèl ak wa a Perse yo. 14 Koulye a, mwen gen tan vini pou bay ou konprann de sa ki va rive a pèp ou a nan Det 31:29; Dan 8:26 dènye jou yo, paske vizyon an apatyen a anpil jou ki poko rive.”
15 Lè li te pale ak mwen konsènan pawòl sila yo, mwen te vire figi mwen vè tè a e mwen Éz 3:26 pa t ka pale menm. 16 Epi gade byen, yon bagay ki te sanble ak yon fis a lòm te És 6:7touche lèv mwen. Konsa, mwen te louvri bouch mwen pou te pale, e mwen te di a sila ki te kanpe devan m nan: “O senyè mwen an, akoz vizyon an Dan 7:15,28 chagren te antre nan mwen e tout fòs mwen te kite m. 17 Paske Egz 24:10-11 kòman yon kalite sèvitè konsa kapab pale ak youn tankou senyè mwen an? Epi pou mwen, fòs pa rete nan mwen, ni okenn souf pa rete nan mwen.”
18 Epi sila a ki te sanble ak fis a lòm nan, te touche mwen ankò e te És 35:3-4 ban m fòs. 19 Li te di mwen: “O nonm trè byeneme a, Jij 6:23pa pè. Lapè avèk ou. Pran kouraj! Wi, se pou vin vanyan!”
Alò, depi lè li te fin pale ak mwen an, mwen te resevwa fòs, e mwen te di: “Kite senyè mwen an pale, paske ou te ban m fòs.”
20 Konsa, li te di: “Èske ou pa konprann poukisa mwen te vin kote ou a? Men mwen va retounen koulye a, pou goumen kont prens a Perse la. Lè mwen ale, gade byen Dan 8:21 prens a Grèce la va vini. 21 Men mwen va di ou sa ki enskri nan pawòl Dan 12:4 verite a. Nanpwen okenn moun k ap kanpe avè m kont sila yo, sòf ke Dan 10:13 Micaël, prens ou an.

10:1 Dan 8:26

10:1 Dan 1:17

10:3 Dan 6:18

10:4 Éz 1:3

10:5 Éz 9:2; Rev 1:13

10:6 Rev 1:14

10:7 II Wa 6:17-20

10:8 Jen 32:24

10:8 Dan 7:28

10:9 Jen 15:12

10:10 Jr 1:9

10:11 Dan 8:16,17

10:11 Éz 2:1

10:12 Dan 9:20-23

10:12 Trav 10:30,31

10:13 Dan 10:21

10:14 Det 31:29; Dan 8:26

10:15 Éz 3:26

10:16 És 6:7

10:16 Dan 7:15,28

10:17 Egz 24:10-11

10:18 És 35:3-4

10:19 Jij 6:23

10:20 Dan 8:21

10:21 Dan 12:4

10:21 Dan 10:13