2
Li te di mwen: “Fis a lòm, Dan 10:11kanpe sou pye ou pou m ka pale avèk ou!” Pandan Li t ap pale ak mwen an, Éz 3:24Lespri a te antre nan mwen. Li te mete mwen sou pye mwen, epi mwen te tande Li pale ak mwen.
Li te di m: “Fis a lòm, Mwen ap voye ou kote fis Israël yo, a yon pèp rebèl ki te fè rebèl kont Mwen. Éz 20:18-30Yo menm ak papa zansèt yo te transgrese kont Mwen jis rive jodi a. M ap voye ou kote sila yo ki angran, ki gen Sòm 95:8tèt di. Ou va di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a.’ Pou yo menm, menm si yo koute oswa pa koute—paske se kay rebèl ke yo ye—yo va Éz 33:33konnen ke yon pwofèt te pami yo. Epi ou menm, fis a lòm, És 51:12pa krent yo ni krent pawòl yo, malgre pikan ak zepin avèk ou, e malgre ou chita pami eskòpyon yo. Ni pa krent pawòl yo, ni twouble nan prezans yo, paske se yon kay rebèl ke yo ye. Men ou va Jr 1:7-17pale pawòl Mwen yo avèk yo, menm si yo koute oswa yo pa koute, paske se rebèl yo ye. Alò, ou menm, fis a lòm, koute sa ke M ap pale ou a. Pa vin fè rebèl tankou kay rebèl sila a. Ouvri bouch ou pou Jr 15:16manje sa ke M ap bay ou a.”
Konsa, mwen te gade e gade byen, yon men te lonje vè mwen menm. Epi alò, yon Jr 36:2woulo liv te ladann. 10 Lè L te louvri li devan mwen, li te ekri ni pa devan ni pa dèyè, e ekri sou li, se te lamantasyon, doulè ak És 3:11mizè.

2:1 Dan 10:11

2:2 Éz 3:24

2:3 Éz 20:18-30

2:4 Sòm 95:8

2:5 Éz 33:33

2:6 És 51:12

2:7 Jr 1:7-17

2:8 Jr 15:16

2:9 Jr 36:2

2:10 És 3:11