Liv
JÉRÉMIE
1
Pawòl a II Kwo 35:25Jérémie yo, fis a Hilkija a, yon nan prèt yo ki te nan Anathoth nan peyi Benjamin. Pawòl SENYÈ a te vini kote li nan jou I Wa 13:2Josias yo, fis a Amon an, wa Juda a, nan trèzyèm ane règn li an. Li te anplis, vin rive nan jou II Wa 23:34Jojakim yo, fis a Josias la, wa Juda a, jis rive nan fen onzyèm ane Sédécias, fis a Josias la, wa Juda a, jis rive nan egzil a Jérusalem nan senkyèm mwa a. Alò, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di:
Avan Mwen te fòme ou nan vant, Mwen te konnen ou,
e avan ou te fèt mwen te konsakre ou.
Mwen te Jr 1:10deziye ou kon yon pwofèt a nasyon yo.
Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, Senyè BONDYE! Gade byen, mwen pa menm konnen kijan pou m pale, paske I Wa 3:7mwen se sèlman yon jennonm.”
Men SENYÈ a te di mwen: “Pa di: ‘Mwen se sèlman yon jennonm’, paske tout kote Mwen voye ou, ou va ale, e Nonb 22:20tout sa ke Mwen kòmande ou, ou va pale l. Egz 3:12Pa pè yo, Paske Mwen avèk ou pou delivre ou”, SENYÈ a di.
Epi SENYÈ a te lonje men L e te És 6:7touche bouch mwen. Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Gade byen, Mwen te mete pawòl Mwen nan bouch ou. 10 Ou wè, Rev 11:3-6Mwen te deziye ou nan jou sa a sou nasyon yo, ak sou wayòm yo, pou rache, pou demoli, pou detwi, pou boulvèse, pou bati ak pou plante.”
11 Pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: “Se kisa ou wè, Jr 24:3Jérémie?” Mwen te reponn: “Mwen wè yon bout branch zanmann.”
12 Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Ou te wè byen; paske Jr 31:28Mwen ap veye sou pawòl Mwen pou pawòl Mwen vin fèt.”
13 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen yon dezyèm fwa epi te di: “Se kisa ou wè”?
Epi mwen te di: “Mwen wè yon chodyè k ap bouyi, k ap apiye fas li kont nò a.” Za 4:2 14 Konsa, SENYÈ a te di mwen: És 41:25“Depi nan nò a, mal la va pete vin parèt sou tout sila ki rete nan peyi a. 15 Paske gade byen, Mwen ap rele tout fanmi a wayòm yo nan nò”, deklare SENYÈ a;
“Yo va vini, e yo chak va És 22:7plase twòn yo
nan antre pòtay Jérusalem nan,
kont tout miray antoure li yo, e kont tout vil Juda yo.
16 Mwen va pwononse jijman Mwen sou yo pou tout mechanste yo,
akòz yo te abandone Mwen,
te Jr 7:9ofri sakrifis a lòt dye yo,
e te adore pwòp zèv men pa yo.
17 “Alò, pou sa a, I Wa 18:46mare senti ou, epi leve pou pale yo tout sa ke M kòmande ou. Pa pè devan yo, sinon Mwen va fè ou pè devan yo. 18 Gade byen, Mwen te fè ou menm jodi a kon yon vil fòtifye, kon yon pilye fè e kon miray an bwonz kont yon peyi nèt—a wa Juda yo, ak prens li yo, vè prèt li yo e a pèp a peyi a. 19 Yo va goumen kont ou, men yo p ap reyisi; paske Nonb 14:9Mwen avèk ou pou delivre ou,” deklare SENYÈ a.

1:1 II Kwo 35:25

1:2 I Wa 13:2

1:3 II Wa 23:34

1:5 Jr 1:10

1:6 I Wa 3:7

1:7 Nonb 22:20

1:8 Egz 3:12

1:9 És 6:7

1:10 Rev 11:3-6

1:11 Jr 24:3

1:12 Jr 31:28

1:13 Za 4:2

1:14 És 41:25

1:15 És 22:7

1:16 Jr 7:9

1:17 I Wa 18:46

1:19 Nonb 14:9