13
Alò, vwala, te vini I Wa 12:22 yon nonm Bondye soti Juda rive Béthel pa pawòl SENYÈ a, pandan Jéroboam te kanpe akote lotèl la pou brile lansan an. Li te kriye kont lotèl la pa pawòl SENYÈ a. Li te di: “O lotèl, lotèl, konsa di SENYÈ a: ‘Veye byen, yon fis va ne nan kay David la. II Wa 23:15-16Josias va non li. Epi sou ou, li va fè sakrifis a prèt ki brile lansan sou ou yo, ak zo Kretyen yo ki va brile sou ou.’ ” Konsa, li te bay yon sign nan menm jou sa, e li te di: Jn 2:18“Sa se sign ke SENYÈ a te pale a: Gade byen, lotèl la va vin fann separe e sann ki sou li yo va vide deyò.”
Alò, lè wa a te tande pawòl a nonm Bondye a, ke li te kriye kont lotèl Béthel la, Jéroboam te lonje men l soti nan lotèl la. Li te di: “Sezi li.” Men men ke li te lonje kont li an te vin sèch, jiskaske li pa t kab rale retounen l kote li. Lotèl la osi te ouvri fann e sann yo te vide nèt soti nan lotèl la, selon sign ke nonm a Bondye a te bay selon pawòl SENYÈ a. Wa a te di a nonm Bondye a: “Souple, fè yon lapriyè a SENYÈ a, Bondye ou a e mande pou mwen, pou men m kapab vin restore a mwen menm.”
Konsa, Luc 6:27-28nonm Bondye a te priye a SENYÈ a, epi men a wa a te restore de li menm. Li te vin jan li te ye avan an.
Alò, wa a te di a nonm Bondye a: “Vin lakay la avèk mwen pou rafrechi ou, e I Sam 9:7-8mwen va ba ou yon rekonpans.”
Men nonm Bondye a te di a wa a: Nonb 22:18“Menmsi ou te ban mwen menm mwatye kay ou, mwen pa t ap prale avèk ou, ni mwen pa t ap manje pen, ni bwè dlo nan plas sa a. Paske se konsa li te kòmande mwen pa pawòl SENYÈ a e te di: ‘Ou pa pou manje okenn pen, ni bwè dlo, ni retounen pa chemen ke ou te vini an.’ ” 10 Pou sa, li te fè yon lòt chemen e li pa t retounen pa chemen ke li te vini Béthel la.
11 Alò, yon I Wa 13:25pwofèt granmoun t ap viv Béthel, epi fis li yo te vini pou te di li tout zèv ke nonm Bondye a te fè pandan jou sa nan Béthel. Yo te pale li pawòl yo ke li te pale a wa a.
12 Papa yo te di yo: “Se ki direksyon li te pran?” Alò, fis li yo te wè direksyon ke nonm Bondye ki te sòti Juda a te pran an. 13 Epi li te di a fis li yo: “Sele bourik la pou mwen.” Konsa, yo te sele bourik la pou li e li te sòti sou li. 14 Konsa, li te ale dèyè nonm Bondye a. Li te twouve li te chita anba yon pye bwadchenn. Konsa, li te mande l: “Èske ou menm se nonm Bondye ki te sòti Juda a?”
Li te reponn: “Se mwen”.
15 Konsa, li te di li: “Vin lakay mwen pou manje pen.”
16 Li te di: I Wa 13:8-9“Mwen p ap kab retounen avèk ou, ni ale avèk ou, ni mwen p ap manje pen ni bwè dlo avèk ou nan plas sa a. 17 Paske yon lòd rive jwenn mwen I Wa 20:35pa pawòl SENYÈ a: ‘Ou pa pou manje pen, ni bwè dlo, ni pa retounen pa chemen ke ou te vini an.’ ”
18 Li te di li: “Mwen menm se yon pwofèt tankou ou, e Gal 1:8yon zanj te pale avèk mwen pa pawòl SENYÈ, e li te di: ‘Mennen li retounen lakay ou avèk ou pou l kab manje pen ak bwè dlo. Men se manti li t ap fè.’ ”
19 Konsa, li te retounen avèk li e te manje pen lakay li a e te bwè dlo. 20 Alò, li te vin rive, pandan yo te chita sou tab la a, ke pawòl SENYÈ a te vini a pwofèt ki te fè li retounen an; 21 epi li te kriye a nonm Bondye ki te sòti Juda a, e li te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz ou te dezobeyi kòmandman SENYÈ a e pa t swiv lòd ke SENYÈ a, Bondye ou a, te kòmande ou a, 22 men ou te retounen, ou te manje pen e bwè dlo nan plas kote Li te di ou: “Pa manje okenn pen ni bwè okenn dlo a”; kò ou p ap rive nan tonm papa ou a.’ ”
23 Li te vin rive lè li te fin manje pen an e bwè a, ke li te sele bourik la pou li, pou pwofèt la te mennen li retounen. 24 Alò, lè li t ap prale, I Wa 20:36yon lyon te rankontre li sou wout la e te touye li, kò li te jete sou wout la, avèk bourik la kanpe akote li ak lyon an osi te kanpe akote kò a. 25 Epi vwala, moun yo t ap pase kote l, e yo te wè kò a jete sou wout la ak lyon an ki te kanpe akote kò a. Konsa, yo te rive pale sa nan vil kote I Wa 13:11pwofèt granmoun nan te rete a. 26 Alò, lè pwofèt ki te mennen li retounen soti nan chemen an te tande sa, li te di: “Se nonm Bondye ki te dezobeyi lòd SENYÈ a. Pou sa, SENYÈ a te bay li a lyon, ki te chire li e touye li selon pawòl ke SENYÈ a te pale li a.” 27 Alò, li te pale avèk fis li yo e te di: “Sele bourik la pou mwen.” Epi yo te sele li. 28 Li te ale twouve kò li ki te jete sou wout la avèk bourik la ak lyon ki te kanpe akote kò a. Lyon an pa t manje kò a, ni li pa t chire bourik la. 29 Konsa, pwofèt la te leve pran kò a nonm Bondye a. Li te kouche li sou bourik la, e li te mennen li retounen. Li te rive nan vil a pwofèt granmoun nan pou kriye pou li e antere li. 30 Li te kouche kadav la nan pwòp tonm pa li, e yo te kriye pou li, e te di: Jr 22:18“Anmwey, frè m!”
31 Apre li te fin antere li, li te pale avèk fis li yo e te di: “Lè m mouri, antere mwen nan tonm kote nonm Bondye a antere a. Rt 1:17 Kouche zo pa m yo akote zo pa l yo. 32  I Wa 13:2Paske bagay la, anverite, va rive ke li te kriye selon pawòl SENYÈ a kont lotèl la Béthel ak kont tout kay plas wo ki nan vil a Samarie yo.”
33 Apre evenman sa a, Jéroboam pa t kite chemen mechanste li, men I Wa 12:31-32ankò li te fè prèt pou wo plas yo soti nan tout pèp la. Jij 17:5Nenpòt moun ki ta vle fè sa, li te òdone pou devni prèt nan wo plas yo. 34  I Wa 12:30Evenman sa a te devni peche lakay Jéroboam, jis menm pou ta detwi kay li e fè l disparèt sou fas tè a.

13:1 I Wa 12:22

13:2 II Wa 23:15-16

13:3 Jn 2:18

13:6 Luc 6:27-28

13:7 I Sam 9:7-8

13:8 Nonb 22:18

13:11 I Wa 13:25

13:16 I Wa 13:8-9

13:17 I Wa 20:35

13:18 Gal 1:8

13:24 I Wa 20:36

13:25 I Wa 13:11

13:30 Jr 22:18

13:31 Rt 1:17

13:32 I Wa 13:2

13:33 I Wa 12:31-32

13:33 Jij 17:5

13:34 I Wa 12:30