14
Nan lè sa a, Abija, fis a Jéroboam nan, te vin malad. Jéroboam te di a madanm li: “Leve vit e abiye kòmsi pou yo pa rekonèt ou kòm madanm a Jéroboam. Konsa, ale Jos 18:1Silo! Gade byen, Achija, pwofèt ki te I Wa 11:29-31pale konsènan mwen kòm wa sou pèp sa a la. I Sam 9:7-8Pran dis pen avèk ou, kèk gato ak yon boutèy siwo myèl, e ale kote li. Li va di ou kisa ki va rive gason an.”
Madanm a Jéroboam nan te fè sa, li te leve ale Silo e li te rive kote lakay I Wa 11:29Achija. Alò, Achija pa t kab wè, pwiske zye li te vin fèb akoz laj li. Alò, SENYÈ a te di a Achija: “Gade byen, madanm a Jéroboam nan ap vin mande ou konsèy de fis li a, paske li malad. Ou va pale li konsa; paske li va fèt ke lè l rive, II Sam 14:2l ap fè kòmsi se yon lòt fanm li ye.”
Lè Achija te tande son a pye li ki t ap antre nan pòtay la, li te di: “Antre, madanm a Jéroboam, poukisa w ap fè kòmsi se yon lòt fanm ou ye a? Paske mwen te voye kote ou avèk yon mesaj byen di. Ale, pale Jéroboam: ‘Konsa pale SENYÈ a. Bondye Israël la: I Wa 11:28-31“Akoz Mwen te egzalte ou soti nan mitan pèp la, e te fè ou chèf sou pèp Mwen an, Israël, e akoz Mwen te I Wa 11:31chire wayòm nan sòti lakay David pou te bay li a ou menm—sepandan, ou pa t fè jan sèvitè mwen an, David, ki te kenbe kòmandman Mwen yo e ki te swiv Mwen avèk tout kè li, pou fè sèlman sa ki te dwat nan zye Mwen. Anplis, ou te fè plis mechanste pase tout sila ki te avan ou yo, epi ou I Wa 12:28te fè pou ou menm lòt dye avèk Egz 34:17imaj fonn pou pwovoke mwen a lakòlè, e ou te jete Mwen dèyè do ou— 10 Pou sa, gade byen, Mwen ap mennen gwo malè sou lakay Jéroboam e Mwen va I Wa 21:21koupe retire nan men Jéroboam tout gason, ni lib, ni esklav an Israël e Mwen va fè bale nèt lakay Jéroboam jan yon moun ta bale fè sòti poupou bèt jiskaske li retire li nèt. 11  I Wa 16:4Nenpòt moun ki apatyen a Jéroboam ki mouri nan vil la, chen va manje li. Epi sila ki mouri nan chan an, zwazo syèl yo va manje l, paske SENYÈ a te pale.” ’ 12 Koulye a, ou menm, leve ale lakay ou. I Wa 14:17Lè pye ou fin antre nan vil la, pitit la va mouri. 13 Tout Israël va fè lamantasyon pou li e antere li, paske se sèlman li nan tout fanmi Jéroboam ki va rive nan tonm nan, akoz nan li, II Kwo 19:3yon bon bagay te twouve anvè SENYÈ a, Bondye Israël la, nan kay Jéroboam nan. 14 Anplis, I Wa 15:27-29SENYÈ a va fè leve pou kont Li, yon wa sou Israël ki va koupe lakay Jéroboam. Men jou sa rive! E kisa? Wi. Koulye a menm! 15 Paske SENYÈ a va frape Israël, tankou yon wozo k ap tranble nan dlo. Epi Det 29:28Li va dechouke Israël soti nan bon peyi ke Li te bay a zansèt pa li yo, e Li II Wa 15:29va gaye yo lòtbò Rivyè Euphrate la, akoz yo te fè Asherim pa yo, ki te pwovoke SENYÈ a a lakòlè. 16 Li va abandone Israël akoz peche ke Jéroboam te fè a, e avèk sila ke li te fè Israël antre nan peche a.”
17 Alò, madanm a Jéroboam te leve ale e te rive Thirtsa. I Wa 14:12Pandan li t ap pase nan chanbrann pòt la, pitit la te mouri. 18  I Wa 14:13Tout Israël te antere li e te kriye pou li, selon pawòl SENYÈ a te pale pa sèvitè li, Achija, pwofèt la.
19 Alò, tout lòt zèv a Jéroboam yo, I Wa 14:30jan li te fè lagè ak jan li te renye, men vwala, yo ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo. 20 Tan ke Jéroboam te renye a te venn-dezan. Konsa, li te dòmi avèk zansèt li yo, e Nadab, fis li a te renye nan plas li a.
21  II Kwo 12:13Alò, Roboam fis a Salomon an te renye Juda. Roboam te gen trante-yen ane daj lè li te vin wa, e li te renye di-sèt ane Jérusalem, vil ke SENYÈ a te chwazi soti nan tout tribi Israël yo pou mete non Li a. Epi manman li te Naama, yon fi Amonit. 22  II Kwo 12:1-14Juda te fè mal nan zye a SENYÈ a e yo te Det 32:21pwovoke Li a jalouzi plis pase tout zansèt pa yo te fè, avèk peche ke yo te fè yo. 23 Paske yo tou te bati pou yo menm Éz 16:24wo plas yo, Det 16:22pilye sakre yo avèk Asherim sou chak wotè ti kolin e anba chak bèl bwa vèt. 24 Te gen osi Jen 19:5gason ki fè pwostitiye tanp zidòl nan peyi a. Yo te fè selon tout abominasyon a lòt nasyon ke SENYÈ a te fè sòti devan fis Israël yo.
25  I Wa 11:40 Alò, li te fèt nan senkyèm ane a Wa Roboam, Schischak, wa Égypte la te vin monte kont Jérusalem. 26 Li te pran trezò lakay SENYÈ a avèk trezò lakay wa a. Li te pran tout bagay yo, I Wa 10:17menm tout boukliye an lò ke Salomon te fè yo. 27 Pou sa, Wa Roboam te fè boukliye an bwonz nan plas yo e te fè kòmandan a gad ki te veye pòtay kay la wa a responsab sou yo. 28 Epi li te vin rive ke nenpòt lè wa a te antre lakay SENYÈ a, ke gad yo ta pote mennen yo retounen nan chanm gad yo.
29  II Kwo 12:15-16Alò, tout lòt zèv a Roboam avèk tout sa li te fè yo, èske yo pa ekri nan liv a Kwonik a Wa Juda yo? 30  I Wa 12:21Te gen lagè antre Roboam avèk Jéroboam tout tan. 31 Epi Roboam te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere avèk zansèt li yo nan lavil David. I Wa 14:21Non manman li se te Naama, fi Amonit lan. Abijam, fis li a, te vin wa nan plas li.

14:2 Jos 18:1

14:2 I Wa 11:29-31

14:3 I Sam 9:7-8

14:4 I Wa 11:29

14:5 II Sam 14:2

14:7 I Wa 11:28-31

14:8 I Wa 11:31

14:9 I Wa 12:28

14:9 Egz 34:17

14:10 I Wa 21:21

14:11 I Wa 16:4

14:12 I Wa 14:17

14:13 II Kwo 19:3

14:14 I Wa 15:27-29

14:15 Det 29:28

14:15 II Wa 15:29

14:17 I Wa 14:12

14:18 I Wa 14:13

14:19 I Wa 14:30

14:21 II Kwo 12:13

14:22 II Kwo 12:1-14

14:22 Det 32:21

14:23 Éz 16:24

14:23 Det 16:22

14:24 Jen 19:5

14:25 I Wa 11:40

14:26 I Wa 10:17

14:29 II Kwo 12:15-16

14:30 I Wa 12:21

14:31 I Wa 14:21