12
Lè wayòm a Roboam nan te fin etabli e li te gen fòs, II Kwo 26:13-16li menm ak tout Israël avèk li te abandone lalwa SENYÈ a. I Wa 14:25Konsa, li te vin rive nan senkyèm ane a Roboam nan, akoz yo pa t fidèl a SENYÈ a, ke Schischak, wa Égypte la, te monte kont Jérusalem, avèk mil-de-san cha ak swasann-di-mil chevalye. Epi moun ki te vini avèk li soti an Égypte yo te depase kontwòl: II Kwo 16:8Libyen yo, Sikyen ak Etyopyen yo. Li te kaptire II Kwo 11:5-12vil fòtifye Juda yo, e li te rive jis Jérusalem. Epi II Kwo 11:2 Schemaeja, pwofèt la, te vin kote Roboam avèk chèf Juda ki te rasanble nan Jérusalem akoz Schischak yo, e li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Ou te abandone Mwen, e pou sa, Mwen te abandone ou bay Schischak.’ ”
Pou sa, chèf Israël yo avèk wa a te imilye yo. Yo te di: Egz 9:27“SENYÈ a jis.”
Lè SENYÈ a te wè ke yo te imilye yo, pawòl SENYÈ a te vini a Schemaeja, e te di: I Wa 21:29“Yo te imilye yo. Pou sa, Mwen p ap detwi yo, men Mwen va ba yo yon mezi delivrans, e lakòlè Mwen p ap vide sou Jérusalem pa mwayen a Schischak. Men yo va devni esklav li, pou yo Det 28:47-48 kab vin konprann antre sèvi Mwen ak sèvi wayòm lòt peyi yo.”
Konsa Schischak, wa Égypte la, te monte kont Jérusalem, e li te pran tout trezò lakay SENYÈ a ak trezò nan palè wa a. Li te pran tout bagay. 10 Konsa, Wa Roboam te fè boukliye defans an bwonz pou ranplase yo, e li te mete yo anba pwotèj a kòmandan gad ki te gadyen pòtay lakay wa yo. 11 Depi wa a te antre lakay SENYÈ a, gad yo te pote yo vini, e apre, yo te mennen yo tounen nan chanm gad yo. 12 Epi lè li te fin imilye li, lakòlè SENYÈ a te vire kite li, pou l pa ta detwi nèt; epi anplis, II Kwo 19:3tout bagay te mache byen an Juda.
13  I Wa 14:21Konsa, Wa Roboam te ranfòse tèt li Jérusalem, e li te renye. Alò, Roboam te gen laj karanteyen ane lè li te kòmanse renye, e li te renye di-sèt-ane Jérusalem, vil ke SENYÈ a te chwazi soti nan tout tribi Israël yo pou mete non Li an. Epi non manman li te Naama, Amoreyèn nan. 14 Li te fè mal, II Kwo 19:3paske li pa t aplike kè l pou konnen SENYÈ a.
15  I Wa 14:29Alò, zèv a Roboam yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, èske yo pa ekri nan rekò a Schemaeja yo, pwofèt a II Kwo 9:29Iddo a, konseye a, selon anrejistreman zansèt yo? Epi te gen lagè kont Roboam avèk Jéroboam tout tan. 16 Konsa, Roboam te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere nan lavil David la. Epi fis li a, II Kwo 11:20Abija te vin wa nan plas li.

12:1 II Kwo 26:13-16

12:2 I Wa 14:25

12:3 II Kwo 16:8

12:4 II Kwo 11:5-12

12:5 II Kwo 11:2

12:6 Egz 9:27

12:7 I Wa 21:29

12:8 Det 28:47-48

12:12 II Kwo 19:3

12:13 I Wa 14:21

12:14 II Kwo 19:3

12:15 I Wa 14:29

12:15 II Kwo 9:29

12:16 II Kwo 11:20