28
Egz 15:26“Alò, li va rive ke si yo obeyi avèk dilijans SENYÈ a, Bondye nou an, e fè atansyon pou fè tout kòmandman Li yo ke mwen kòmande nou jodi a, SENYÈ a va plase nou wo, pi wo pase tout lòt nasyon sou latè yo.
“Tout benediksyon sila yo va Za 1:6vini sou nou, epi yo va tonbe sou nou nèt, si nou tande vwa SENYÈ a, Bondye nou an. Nou va beni nan vil, e beni Jen 39:5andeyò. Beni va fwi a vant nou, pòtre a bèt nou yo, kwasans a twoupo nou yo ak jenn pòtre a bann mouton nou yo. Beni va panyen nou avèk veso k ap foule pat pen an. Beni lè nou Sòm 121:8antre, epi beni lè nou sòti.
“SENYÈ a va fè lènmi ki leve kont nou yo bat devan nou. Yo va vin parèt kont nou nan yon sèl direksyon, men y ap sove ale devan nou nan sèt direksyon.
“SENYÈ a va kòmande benediksyon sou nou nan depo nou yo, nan Det 15:10tout bagay, depi nou mete men nou ladann. Li va beni nou nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, bannou an.
Egz 19:5“SENYÈ a va etabli nou kòm yon pèp ki sen a Li Menm, jan Li te sèmante a nou menm nan, si nou kenbe kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, pou mache nan chemen Li yo. 10 Konsa, tout pèp sou latè yo va wè ke II Kwo 7:14nou rele pa non SENYÈ a, e yo va pè nou. 11  Det 28:4“SENYÈ a va fè nou ogmante an pwosperite, nan fwi zantray nou, nan fètilite bèt nou yo, ak nan pwodwi tè nou yo, nan peyi ke SENYÈ a, te sèmante a zansèt nou yo pou bannou an.
12 “SENYÈ a va louvri pou nou depo bonte Li a, syèl la, pou bay lapli sou peyi nou nan sezon li, pou beni tout travay a men nou yo. Det 23:20Nou va prete lajan bay anpil nasyon, men nou p ap janm mande prete. 13  Det 28:1-44SENYÈ a va fè nou tèt olye de ke. Nou va anwo tou sèl, e nou p ap anba, si nou koute kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, ke mwen pase lòd bannou jodi a, pou nou swiv avèk atansyon, 14 epi Det 5:32pa vire akote okenn nan pawòl ke mwen kòmande nou jodi a, ni adwat, ni agoch, pou ale apre lòt dye yo pou sèvi yo.
15  Lev 26:14-43“Men li va vin rive ke si nou pa obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, pou swiv tout kòmandman Li yo avèk lwa Li yo ke mwen pase lòd bannou jodi a, ke tout malediksyon sa yo va vini sou nou, pou pran nou.
16  Det 28:3“Modi nou va ye nan vil la, epi modi nou va ye andeyò.
17  Det 28:5“Modi va panyen nou ak bòl k ap pote pen nou.
18  Det 28:4“Modi va fwi zantray nou ak pwodwi a tè nou yo, kwasans twoupo a, avèk jenn pòtre bann mouton nou yo.
19  Det 28:6“Modi nou va ye lè nou antre, epi modi nou va ye lè nou sòti.
20  Det 28:8“SENYÈ a va voye sou nou madichon, twoub, avèk menas nan tout sa nou eseye fè, jiskaske nou fin detwi nèt, akoz mechanste a zèv nou yo, akoz ke nou te abandone mwen.
21  Lev 26:25“SENYÈ a va fè gwo epidemi vin kole sou nou jiskaske li fin manje nou soti nan peyi kote nou ap antre pou posede a.
22  Lev 26:16“SENYÈ a va frape nou avèk epidemi tibèkiloz ak lafyèv, enflamasyon ak chalè ki brile, avèk nepe, maladi ki seche jaden, avèk pichon. Yo va kouri dèyè nou jiskaske nou mouri. 23 Syèl sou tèt nou an va vin bwonz, epi tè anba pye nou an va vin fè. 24  Det 11:17SENYÈ a va fè lapli tè nou an avèk poud e pousyè ki soti nan syèl la. Li va tonbe sou nou jiskaske nou fin detwi.
25  Det 28:7“SENYÈ a va lakoz ke nou vin bat devan lènmi nou yo. Nou va sòti yon direksyon kont yo e nou va sove ale nan sèt direksyon devan yo. Konsa, nou va jete ale retou pami tout wayòm latè yo. 26  Jr 7:33Kadav nou va fè manje pou zwazo anlè yo ak bèt sovaj latè yo. Epi konsa, p ap gen moun ki pou chase yo ale.
27  Egz 9:9“SENYÈ a va frape nou avèk abse Égypte yo, avèk I Sam 5:6timè e avèk kal sou po nou, ak gratèl, nan sila p ap gen gerizon yo.
28 “SENYÈ a va frape nou pou fè nou fou, avèg ak sezi nan kè. 29 Nou va Egz 10:21tatonnen gwo midi, tankou yon avèg tatonnen nan tenèb, epi nou pa p pwospere nan zafè nou yo. Men nou va tout tan oprime e kontinyèlman viktim vòl, san genyen pèsòn pou bannou sekou.
30  Job 31:10“Nou va fiyanse yon madanm, men yon lòt mesye va vyole li. Am 5:11Nou va bati yon kay, men nou p ap viv ladann. Nou va plante yon chan rezen, men nou p ap sèvi nan fwi li.
31 “Bèf nou va touye devan zye nou, men nou p ap manje ladann. Bourik nou va rache nan men nou, e yo p ap remèt bannou. Mouton nou va bay a lènmi nou yo, e nou p ap gen okenn moun ki pou sove nou.
32  Det 28:41“Fis nou yo ak fi nou yo va bay a yon lòt pèp. Zye nou yo ap gade sou sa e anvi wè yo tout tan, men p ap gen anyen nou kapab fè.
33  Jr 5:15-17“Yon pèp nou pa menm konnen va vin manje pwodwi a tè nou yo ak tout travay nou yo. Nou p ap janm wè anyen sof ke oprime e kraze tout tan. 34 Sa nou wè ak zè nou va fè nou vin fou nèt. 35  Det 28:27SENYÈ a va frape nou sou jenou ak janm avèk abse ki fè mal, ki pa gen gerizon soti anba pye nou rive jis anwo tèt nou.
36  II Wa 17:4-5“SENYÈ a va mennen nou avèk wa ke nou mete sou nou yo, a yon nasyon ki ni nou menm, ni zansèt nou yo pa t konnen. Epi la, nou va sèvi lòt dye yo, fèt ak bwa ak wòch. 37  I Wa 9:7-8Nou va devni yon objè meprize etonan, yon pwovèb, yon plezi pami tout pèp kote SENYÈ a pouse nou ale yo.
38  És 5:10“Nou va pote anpil semans nan chan yo, men nou va ranmase piti, paske krikèt yo va manje yo. 39  És 5:10Nou va plante e kiltive chan rezen yo, men nou p ap bwè diven, ni ranmase fwi yo, paske vè va devore yo. 40  Jr 11:16Nou va genyen pye doliv nan tout teritwa nou yo, men nou p ap onksyone nou avèk lwil, paske fwi doliv yo va tonbe.
41  Det 28:32“Nou va gen fis ak fi, men yo p ap pou nou, paske yo va antre an kaptivite.
42  Det 28:38“Krikèt va posede tout bwa ak pwodwi latè nou yo.
43  Det 28:13“Etranje ki pami nou an, va leve pi wo e pi wo ke nou, men nou va desann piba, e piba. 44  Det 28:12Li va prete nou lajan, men nou p ap gen pou prete li. Li va tèt, nou menm, nou va ke.
45 “Konsa tout madichon sa yo va vini sou nou pou pran nou Det 4:25-26jiskaske nou fin detwi, akoz nou pa t obeyi SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa t kenbe Kòmandman Li yo ak lwa Li yo, ke Li te kòmande nou.
46 “Madichon sa yo va devni Nonb 26:10yon sign ak yon mèvèy pou nou ak desandan nou yo jis pou tout tan. 47 Akoz nou pa t sèvi SENYÈ a, Bondye nou an, pou nou ta twouve tout bagay, avèk jwa ak kè kontan. 48 Pou sa, nou va sèvi lènmi nou yo ke SENYÈ a va voye kont nou, Lam 4:4-6nan grangou, nan swaf, nan toutouni ak nan manke tout bagay. Konsa, Li Jr 28:13-14va mete yon jouk fèt an fè sou kou nou jiskaske Li fin detwi nou.
49  És 5:26-30“SENYÈ a va mennen yon nasyon kont nou soti lwen nan dènye pwent latè, Jr 48:40tankou èg desann; yon nasyon ak yon langaj nou p ap konprann, 50 yon nasyon, avèk figi fewòs, ki És 47:6 p ap gen respè pou ansyen yo, ni montre favè a jèn yo. 51 Yo va manje fwi a twoupo nou yo ak pwodwi a tè nou yo jiskaske nou fin detwi. Yo p ap kite anyen, ni diven nèf la, ni lwil, ni fwi a twoupo nou yo oswa bann mouton nou yo jiskaske yo fè nou mouri. 52  Jr 10:17-18Yo va mete syèj sou nou nan tout vil nou yo jiskaske miray wo byen fòtifye nan sila nou te mete konfyans nou yo tonbe atravè peyi nou an. Yo va fè syèj sou nou nan vil nou yo nan tout peyi ke SENYÈ a te bannou an.
53 “Konsa, nou va vin manje pitit a pwòp vant nou, chè a fis nou yo avèk fi nou yo ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou yo, pandan syèj la, ak tan rèd lan lè lènmi nou yo oprime nou.
54 “Nonm pami nou ki byen rafine e ki janti a va vin sovaj anvè frè li, anvè madanm ke li renmen anpil la, ak anvè tout lòt pitit li ki rete yo, 55 jis li p ap bay menm youn nan yo okenn nan chè a pitit li ke li va manje a; akoz nanpwen anyen ki rete, pandan syèj la ak tan di anpil la, pa sila ke lènmi nou yo va oprime nou nan tout vil nou yo.
56  Lam 4:10“Fanm pami nou ki byen rafine e ki janti a, ki pa t ap eseye menm mete pye li atè tèlman li rafine e janti, li va vin sovaj anvè mari li ke li renmen anpil la, anvè fis li avèk fi li, 57 epi anvè vant ki sòti antre janm li yo lè l fè pitit e anvè pitit li yo ke li fè; paske II Wa 6:28-29li va manje yo an sekrè akoz mank tout lòt bagay pandan syèj la, e akoz soufrans pa sila lènmi nou va oprime nou nan vil nou yo.
58 “Konsa, si nou pa fè atansyon pou swiv tout pawòl a lwa sila yo ki ekri nan liv sila yo, avèk Sòm 99:3krent non sa a ki plen onè e ki mèvèye la, SENYÈ a, Bondye nou an, 59 alò, SENYÈ a va mennen toumant ekstrawòdinè vin sou nou avèk desandan nou yo, menm gran toumant ki sevè e ki dire anpil, epidemi ki pa janm fini, e maladi ki rete mize. 60  Det 28:27Li va fè retounen sou nou tout maladi Égypte ke nou pè yo e yo va kole sou nou. 61 Osi, tout kalite maladi ak toumant ki pa menm ekri nan liv lalwa sila a, SENYÈ a va mennen yo sou nou Det 4:25 jiskaske nou fin detwi.
62 “Konsa, nou va rete piti an kantite, Det 1:10 malgre avan nou te gran an kantite tankou zetwal syèl yo, akoz ke nou pa t obeyi SENYÈ a, Bondye nou an.
63 “Li va rive ke menm jan SENYÈ a te Jr 32:41fè kè kontan sou nou pou fè nou pwospere e miltipliye nou an; konsa, SENYÈ a va Pwov 1:26fè kè kontan sou nou pou fè nou peri e detwi nou. Nou va chire sòti nan tè ke nou ap antre pou posede a.
64 “Anplis, SENYÈ a va fè nou Lev 26:33 gaye pami tout pèp la jis soti nan pwent latè pou rive nan lòt la. Epi la, nou va sèvi lòt dye yo, bwa avèk wòch, ke nou menm avèk zansèt nou yo pa t janm konnen. 65  Lam 1:3Pami nasyon sila yo, nou p ap twouve repo, ni p ap gen plas repo pou pla pye nou. Men la, Lev 26:36SENYÈ a va bannou kè sote, zye ki febli ak nanm ki pèdi espwa.
66 “Konsa, lavi nou va pandye nan dout devan nou. Nou va gen gwo laperèz lannwit kon lajounen, ni nou p ap gen asirans lavi nou.
67  Job 7:4“Nan maten, nou va di: ‘Pito lannwit te rive’, e nan aswè, nou va di: ‘Pito se te maten!’ akoz krent kè nou ki bannou laperèz e pou vizyon a zye nou ke yo va wè.
68 “SENYÈ a va mennen nou retounen an Égypte nan gwo bato, pa chemen ke m te pale nou an: ‘Nou p ap janm wè li ankò!’ Epi la, nou va ofri tèt nou menm pou vann a lènmi nou yo kòm esklav mal ak femèl, men p ap gen moun pou achte nou.”

28:1 Egz 15:26

28:2 Za 1:6

28:3 Jen 39:5

28:6 Sòm 121:8

28:8 Det 15:10

28:9 Egz 19:5

28:10 II Kwo 7:14

28:11 Det 28:4

28:12 Det 23:20

28:13 Det 28:1-44

28:14 Det 5:32

28:15 Lev 26:14-43

28:16 Det 28:3

28:17 Det 28:5

28:18 Det 28:4

28:19 Det 28:6

28:20 Det 28:8

28:21 Lev 26:25

28:22 Lev 26:16

28:24 Det 11:17

28:25 Det 28:7

28:26 Jr 7:33

28:27 Egz 9:9

28:27 I Sam 5:6

28:29 Egz 10:21

28:30 Job 31:10

28:30 Am 5:11

28:32 Det 28:41

28:33 Jr 5:15-17

28:35 Det 28:27

28:36 II Wa 17:4-5

28:37 I Wa 9:7-8

28:38 És 5:10

28:39 És 5:10

28:40 Jr 11:16

28:41 Det 28:32

28:42 Det 28:38

28:43 Det 28:13

28:44 Det 28:12

28:45 Det 4:25-26

28:46 Nonb 26:10

28:48 Lam 4:4-6

28:48 Jr 28:13-14

28:49 És 5:26-30

28:49 Jr 48:40

28:50 És 47:6

28:52 Jr 10:17-18

28:56 Lam 4:10

28:57 II Wa 6:28-29

28:58 Sòm 99:3

28:60 Det 28:27

28:61 Det 4:25

28:62 Det 1:10

28:63 Jr 32:41

28:63 Pwov 1:26

28:64 Lev 26:33

28:65 Lam 1:3

28:65 Lev 26:36

28:67 Job 7:4