10
Tande pawòl la ke SENYÈ a ap pale ak ou, O lakay Israël. Konsa pale SENYÈ a:
Lev 18:3“Pa aprann abitid a nasyon yo,
ni pa vin krent sign nan syèl yo,
malgre nasyon yo krent yo anpil.
Paske abitid a pèp yo se afè twonpe moun;
konsi se És 44:9-20bwa ki koupe nan forè,
zèv men atizan ki koupe ak zouti.
Yo dekore l ak ajan ak lò;
yo És 40:20tache li ak klou ak mato, pou l pa deplase.
Yo tankou yon bwa palmis
ki fòme pa men moun,
men yo Sòm 115:5pa ka pale.
Fòk yo pote yo,
paske yo pa ka mache!
Pa krent yo;
paske yo p ap ka fè okenn mal,
ni yo p ap ka fè anyen ki bon.”
Egz 15:11Nanpwen moun ki tankou Ou, O SENYÈ.
Ou gran!
Gran se non Ou an pwisans!
Se Rev 15:4kilès ki pa ta krent Ou,
O Wa a nasyon yo?
Anverite, se sa Ou merite!
Paske pami tout moun saj nan nasyon yo,
ak nan tout wayòm yo,
nanpwen okenn tankou Ou.
Men yo tout ansanm se Jr 4:22ensanse e plen ak foli;
instwi pa zidòl yo——se bwa yo ye!
Ajan byen bat pote soti Tarsis ak lò ki sòti Uphaz,
travay a yon atizan e men a yon òfèv.
Vètman yo an vyolèt e mov;
tout se Sòm 115:4zèv a ouvriye byen fò.
10 Men SENYÈ a se És 65:16vrè Bondye a;
Li se Bondye vivan an e Wa etènèl la.
Devan kòlè Li, tout latè tranble
e nasyon yo p ap ka sipòte gwo kòlè Li a.
11 Konsa ou va di yo: Sòm 96:5“dye ki pa t fè syèl la ak tè yo va peri soti sou latè ak anba syèl yo.”
12 Bondye te fè tè a pa pouvwa Li.
Li te Sòm 78:69etabli lemonn ak sajès Li;
ak konprann Li, Li te etann syèl yo.
13 Lè Li fè vwa L sone,
dlo yo mele nan syèl yo.
Li fè Job 36:27-29nwaj yo monte soti nan dènye pwent tè a.
Li fè loray pou lapli,
e Li fè van sòti nan depo Li yo.
14 Tout moun se Jr 10:8ensanse, san konesans.
Tout òfèv yo vin wont akoz zidòl li;
paske imaj fonn li se desepsyon.
Nanpwen souf nan yo.
15 Yo És 41:24san valè, yon zèv k ap twonpe.
Nan lè règleman pa yo, yo va peri.
16 Pòsyon ki pou Jacob la pa konsa;
paske És 45:7Kreyatè a tout bagay se Li menm;
e Israël se tribi eritaj Li.
SENYÈ dèzame yo se non Li.
17  Éz 12:3-12Leve pakèt ou atè a, nou menm ki anba syèj!
18 Paske konsa pale SENYÈ a:
“Gade byen, M ap I Sam 25:29voye pèp peye sa a deyò nan moman sa a.
Mwen va fè yo pase anpil doulè, jis yo byen santi li.”
19 Malè a mwen, akoz Jr 14:17blesi m nan!
Blesi m nan byen grav.
Men mwen te di:
“Anverite, sa se gwo doulè m;
fòk mwen pote l.”
20  Jr 4:20Tant mwen an fin detwi.
Tout kòd mwen yo fin chire.
Fis mwen yo te kite mwen.
Yo pa la ankò.
Nanpwen moun ki pou laji tant mwen an ankò,
ni pou monte rido mwen yo.
21 Paske bèje yo vin tankou bèt ensanse;
yo Jr 2:8pa t chache SENYÈ a.
Akoz sa, yo pa reyisi;
tout bann mouton yo fin gaye.
22 Bri rapò a rive!
Gade byen, l ap vini— yon gwo zen k ap Jr 1:14sòti nan peyi nò a!
K ap fè vil a Juda yo vin yon dezolasyon,
yon andwa pou chen mawon.
23 Mwen konnen, O SENYÈ, ke Pwov 16:1chemen a yon nonm pa nan li menm,
ni se pa posib pou moun ki mache a dirije pwòp pa pye li.
24  Sòm 6:1Korije mwen, O SENYÈ, men avèk jistis;
pa nan kòlè Ou,
sinon Ou va fè m vin pa anyen menm.
25  Sòm 79:6-7Vide gwo kòlè Ou a sou nasyon ki pa konnen Ou yo
ak sou fanmi ki pa rekonèt non Ou yo;
paske yo te devore Jacob.
Yo te devore li, manje l nèt e te devaste tout abitasyon li an.

10:2 Lev 18:3

10:3 És 44:9-20

10:4 És 40:20

10:5 Sòm 115:5

10:6 Egz 15:11

10:7 Rev 15:4

10:8 Jr 4:22

10:9 Sòm 115:4

10:10 És 65:16

10:11 Sòm 96:5

10:12 Sòm 78:69

10:13 Job 36:27-29

10:14 Jr 10:8

10:15 És 41:24

10:16 És 45:7

10:17 Éz 12:3-12

10:18 I Sam 25:29

10:19 Jr 14:17

10:20 Jr 4:20

10:21 Jr 2:8

10:22 Jr 1:14

10:23 Pwov 16:1

10:24 Sòm 6:1

10:25 Sòm 79:6-7