79
Yon Sòm Asaph
1 O Bondye, nasyon yo te anvayi eritaj Ou a.
Yo te souye sen tanp Ou an.
Yo te fè Jérusalem kouche nan yon pil ranblè.
2 Yo te bay kadav sèvitè Ou yo kon manje
pou zwazo syèl yo,
chè a fidèl Ou yo fin bay a bèt latè yo.
3 Yo te vide san yo tankou dlo toupatou
Jérusalem.
✡ Jr 14:16 Pa t genyen moun ki pou antere yo.
4 Nou gen tan vin yon repwòch pou
vwazen nou yo,
Yon rizib ak yon betiz pou sila ki
antoure nou yo.
5 Jiskilè, O SENYÈ?
Èske Ou va rete fache nèt?
Èske jalouzi Ou va ✡ Sòm 89:46 brile tankou dife
tout tan?
6 ✡ Sòm 69:24 Vide kòlè Ou sou nasyon
ki pa rekonèt Ou yo ak sou wayòm yo
ki pa rele non Ou yo.
7 Paske yo te ✡ Sòm 53:4 devore Jacob,
e fè devaste abitasyon Li an.
8 ✡ Sòm 106:6 Pa sonje inikite a papa zansèt nou yo
pou kenbe kont nou.
Kite mizerikòd Ou vini vit rankontre nou,
paske nou fin rive ba nèt.
9 ✡ II Kwo 14:11 Fè nou sekou, O Bondye sali nou an,
pou glwa a non Ou.
Delivre nou e padone peche nou yo,
pou koz a non Ou.
10 ✡ Sòm 42:10 Poukisa nasyon yo ta di:
“Kote Bondye yo ye?”
Kite li vin rekonèt pami nasyon yo
devan zye nou,
ke vanjans pou san sèvitè Ou yo ap vèse.
11 Kite ✡ Sòm 102:20 vwa prizonyè k ap plenyen yo
rive devan Ou.
Selon grandè fòs Ou, prezève sila ki
kondane pou mouri yo.
12 Fè retounen a vwazen nou yo, ✡ Jen 4:15 sèt fwa
antre nan vant yo, repwòch avèk sila
yo te repwoche Ou a, O SENYÈ.
13 Konsa nou menm, pèp Ou a,
ak ✡ Sòm 74:1 mouton a patiraj Ou a,
Va bay Ou remèsiman jis pou tout tan.
A tout jenerasyon yo, nou va pale lwanj Ou.