102
Koute lapriyè mwen, O SENYÈ!
Epi kite kri sekou mwen Egz 2:23rive bò kote Ou.
Pa kache figi Ou sou mwen nan jou gwo twoub mwen an;
Panche zòrèy Ou bò kote m.
Nan jou ke m rele Ou a, Sòm 69:17reponn mwen vit.
Paske jou m yo Sòm 37:20te manje nèt nan lafimen,
e zo m te chofe tankou yon chemine.
Kè m Sòm 90:5-6fin frape tankou zèb.
Li fennen nèt.
Anverite, mwen bliye manje pen mwen.
Akoz gwo bri kri mwen yo,
Job 19:20zo m yo kole sou chè m.
Mwen sanble ak yon És 34:11grangozye nan dezè.
Mwen tankou yon frize nan gran savann.
Mwen Sòm 77:4kouche zye tou louvri.
Mwen tankou yon zwazo izole sou twati kay la.
Lènmi m yo repwoche m tout lajounen.
Sila ki Trav 26:11moke m yo sèvi ak non mwen kon madichon.
Paske mwen te manje sann kon pen e
Sòm 42:3mele bwason m ak dlo zye m,
10 akoz endiyasyon avèk kòlè Ou.
Ou te Job 27:21leve m wo e te jete m lwen.
11 Jou m yo tankou yon Job 14:2lonbraj ki vin long.
Mwen vin fennen tankou zèb.
12 Men Ou menm, O SENYÈ, Ou dire jis pou tout tan
E Egz 3:15non Ou jis a tout jenerasyon yo.
13 Ou va leve pou fè pitye sou Sion,
paske se lè pou És 60:10fè li gras.
Lè apwente a fin rive l.
14 Anverite, sèvitè Ou yo twouve plezi nan wòch li yo.
Yo plen tristès akoz pousyè li.
15 Pou sa, I Wa 8:43nasyon yo va krent non SENYÈ a,
e tout wa latè yo va krent glwa Ou.
16 Paske se SENYÈ a ki te Sòm 142:2ranfòse Sion.
Li te parèt nan glwa Li.
17 Li te Né 1:6prete atansyon a lapriyè malere yo,
e pa t meprize priyè yo.
 
18 Sa va ekri pou jenerasyon k ap vini an.
Pou Sòm 22:31yon pèp ki poko kreye kapab bay lwanj a SENYÈ a.
19 Li te gade anba soti nan wotè sen Li an.
Sòm 33:13Soti nan syèl la, SENYÈ a te veye sou latè,
20 pou tande vwa plenyen a prizonye a,
pou Sòm 146:7mete an libète sila ki te kondane a lanmò yo,
21 Pou lezòm ta kab Sòm 22:22pale sou non SENYÈ a nan Sion,
e bay lwanj Li nan Jérusalem,
22 pandan Sòm 22:27pèp yo rasanble ansanm ak
wayòm yo, pou sèvi SENYÈ a.
 
23 Li fin febli fòs mwen nan chemen an.
Li Sòm 39:5rakousi nonb de jou mwen yo.
24 Mwen te di: “O Bondye mwen an,
Sòm 39:13pa rache m nan mitan jou mwen yo.
Ane pa Ou yo dire pandan tout jenerasyon yo.
25 Depi tan ansyen yo, Ou te Jen 1:1fonde latè,
e syèl yo se zèv lamen Ou yo.
26 Malgre yo És 34:4peri, Ou menm va rete toujou.
Wi, tout bagay nan yo va vin epwize tankou yon vètman.
Tankou rad, Ou va chanje yo, e yo va chanje.
27 Men Ou menm, se menm jan an Ou ye.
Ane pa Ou yo p ap janm fini.
28 Pitit a sèvitè Ou yo va kontinye,
e desandan pa yo va etabli devan Ou.”

102:1 Egz 2:23

102:2 Sòm 69:17

102:3 Sòm 37:20

102:4 Sòm 90:5-6

102:5 Job 19:20

102:6 És 34:11

102:7 Sòm 77:4

102:8 Trav 26:11

102:9 Sòm 42:3

102:10 Job 27:21

102:11 Job 14:2

102:12 Egz 3:15

102:13 És 60:10

102:15 I Wa 8:43

102:16 Sòm 142:2

102:17 Né 1:6

102:18 Sòm 22:31

102:19 Sòm 33:13

102:20 Sòm 146:7

102:21 Sòm 22:22

102:22 Sòm 22:27

102:23 Sòm 39:5

102:24 Sòm 39:13

102:25 Jen 1:1

102:26 És 34:4