3
Alò, Moïse t ap swiv bann mouton Jétro a, bòpè li, prèt Madyan an. Li te mennen bann mouton an vè fas lwès nan dezè a, e li te vini Egz 33:6 Horeb, sou mòn Bondye a.
Egz 3:4-11 Zanj Bondye a te parèt kote li nan yon flanm dife ki t ap brile nan mitan yon ti bwa. Li te gade, e vwala, ti bwa a t ap fè flanm dife, men brile a pa t fè l disparèt.
Alò, Moïse te di: “Se fò Trav 7:31 pou m vire akote koulye a pou m al wè bagay etonan sila a, poukisa ti bwa a pa brile nèt.”
Lè SENYÈ a te wè ke li te vire akote pou gade, Egz 4:5 Bondye te rele li depi nan mitan ti bwa a, e te di: “Moïse, Moïse!”
Li te di: “Men Mwen.”
Li te di: “Pa vin pre isit la. Jos 5:15 Retire sapat nan pye ou, paske plas kote ou kanpe a se tè sen.” Li te di anplis: “ Jen 28:13Mwen se Bondye a zansèt ou yo, Bondye Abraham nan, Bondye a Isaac, e Bondye a Jacob la.”
Moïse te kache figi li, paske li te pè gade Bondye.
SENYÈ a te di: “Mwen vrèman te Egz 2:25 wè soufrans a pèp Mwen an ki an Égypte la, e Mwen te reponn a kri pa yo, akoz sila yo k ap peze yo, paske Mwen konnen soufrans yo. Konsa, Mwen te desann Jen 15:13-16 pou delivre yo anba pouvwa Ejipsyen yo, pou mennen yo monte kite peyi sa a pou rive nan yon bon peyi byen vast, yon peyi k ap koule lèt ak myèl, nan plas kote Kananeyen yo avèk Etyen yo, Amoreyen yo avèk Ferezyen yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo. Alò, gade byen Egz 2:23 kri fis Israël yo gen tan rive devan M. Anplis, Mwen te wè avèk ki opresyon Ejipsyen yo ap oprime yo a. 10 Pou sa, vin koulye a, e Mwen va voye ou kote Farawon, Mi 6:4 pou ou kapab mennen fis Israël yo soti an Égypte.”
11 Men Moïse te di Bondye: “Kilès mwen ye, pou mwen ta ale kote Farawon, e pou m ta mennen fis Israël yo soti an Égypte?”
12 Li te di: “Anverite, Mwen va avèk ou. Men sign a ou menm ke se Mwen ki te voye ou; lè ou fin mete pèp la deyò Égypte, Egz 19:2-3 ou va adore Bondye sou mòn sila a.”
13 Epi Moïse te reponn Bondye: “Gade byen, lè m ale kote fis Israël yo, e Mwen va di yo: ‘Bondye a zansèt nou yo te voye mwen vè nou.’ Alò, yo kab petèt di mwen: ‘Kòman yo rele Li?’ Kisa m ap di yo?”
14 Bondye te di a Moïse: Egz 6:3 “Mwen Se ke Mwen Ye!” epi Li te di: “Konsa ou va pale a fis Israël yo: ‘Mwen Se te voye mwen kote nou.’ ”
15 Bondye, anplis ke sa te di a Moïse: “Konsa ou va di a fis Israël yo, ‘SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo a, Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la, e Bondye a Jacob la, te voye mwen vin kote nou.’ Sa se non Mwen pou tout tan, e sa se non Mwen k ap Sòm 30:4 nan memwa a tout jenerasyon yo.
16 ‘Ale rasanble tout ansyen an Israël yo ansanm e di yo: SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo a, Bondye Abraham nan, Isaac, ak Jacob la, te parèt kote mwen e te di: “ Egz 4:31 Mwen anverite te vizite nou menm, e Mwen te wè sa k ap fèt a nou menm an Égypte la.
17 “ ‘Epi Mwen te di: ‘Mwen va mennen nou soti deyò pou kite afliksyon Égypte la, pou rive nan peyi ki pou Jos 24:11Kananeyen yo, Etyen yo, Amoreyen yo ak Ferezyen yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo nan yon peyi Egz 3:8ki koule lèt ak myèl.’ ”
18 “Yo va koute sa ke ou di yo a. Konsa, ou menm avèk ansyen an Israël yo va vin kote wa Égypte la, e nou va di li: ‘SENYÈ a, Bondye a Ebre yo, te rankontre ansanm avèk nou. Pou sa, souple, kite nou fè yon vwayaj Egz 5:3 distans a twa jou nan dezè a, pou nou kapab fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye nou an.’ 19 Men Mwen konnen ke wa Égypte la p ap kite nou ale, Egz 6:1 sof ke pa lafòs. 20 “Pou sa Mwen va lonje men M pou frape Égypte avèk tout Egz 7:3 zèv etonan ke Mwen va fè nan mitan tout sa. Epi apre sa, li va kite nou ale.
21 “Mwen va bay Egz 11:3 favè a pèp sa a devan zye Ejipsyen yo, e sa va fè ke lè nou prale, nou p ap soti men vid. 22 Men chak fanm Jen 15:4 va mande a vwazen li ak fanm ki rete lakay li a pou bay li kèk bagay ki fèt an ajan, avèk kèk bagay ki fèt an lò avèk rad yo. Nou va mete yo sou fis nou ak fi nou yo. Se konsa nou va piyaje Ejipsyen yo.’ ”

3:1 Egz 33:6

3:2 Egz 3:4-11

3:3 Trav 7:31

3:4 Egz 4:5

3:5 Jos 5:15

3:6 Jen 28:13

3:7 Egz 2:25

3:8 Jen 15:13-16

3:9 Egz 2:23

3:10 Mi 6:4

3:12 Egz 19:2-3

3:14 Egz 6:3

3:15 Sòm 30:4

3:16 Egz 4:31

3:17 Jos 24:11

3:17 Egz 3:8

3:18 Egz 5:3

3:19 Egz 6:1

3:20 Egz 7:3

3:21 Egz 11:3

3:22 Jen 15:4