11
Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Yon malè anplis Mwen va fè rive sou Farawon, ak sou Égypte; Egz 12:31,33,39 apre sa li va kite nou sòti isit la. Lè li kite nou ale, anverite li va pouse nou ale sòti isit la nèt. Pale koulye a pou tout moun tande, ke Egz 3:22 chak gason mande vwazin li, e chak fanm vwazen pa li pou kèk bagay fèt an ajan ak bagay ki fèt an lò.”
SENYÈ a te bay pèp la favè nan zye Ejipsyen yo. Det 34:10-12 Anplis nonm nan, Moïse te byen estime nan peyi Égypte la, ni nan zye sèvitè a Farawon yo, ni nan zye a moun yo.
Moïse te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Vè Egz 12:29 minwit M ap prale nan mitan Égypte la. Epi Egz 12:12,29 tout nan premye ne nan peyi Égypte yo va mouri, soti nan premye ne Farawon ki chita sou twòn li a, jiska premye ne nan fi esklav ki dèyè wòch moulen yo; menm tout nan premye ne nan bèt yo tou. Anplis de sa, va gen yon gran Egz 12:30 kri lamantasyon jan li pa t genyen avan, ak jan li p ap janm genyen ankò. Egz 8:22 Men kont fis Israël yo, menm yon chen p ap jape, ni kont moun ni kont bèt, pou nou kapab konprann, jan SENYÈ a fè yon distenksyon antre Égypte avèk Israël.
Egz 12:31-33 “ ‘Tout sa yo, sèvitè pa w yo va vin bese ba devan m, e yo va di: ‘Ale deyò, ou menm avèk tout moun ki swiv ou yo, e apre sa, mwen va ale deyò.’ ” Epi li te sòti devan Farawon, ranpli avèk kòlè e byen cho.
Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Farawon p ap koute ou, Egz 7:3 pou mèvèy Mwen yo kapab vin miltipliye nan peyi Égypte la.”
10  Egz 4:21; Egz 9:12 Moïse avèk Aaron te fè tout mèvèy sa yo devan Farawon; malgre sa, SENYÈ a te fè kè l di, e li pa t kite fis Israël yo sòti deyò peyi li a.

11:1 Egz 12:31,33,39

11:2 Egz 3:22

11:3 Det 34:10-12

11:4 Egz 12:29

11:5 Egz 12:12,29

11:6 Egz 12:30

11:7 Egz 8:22

11:8 Egz 12:31-33

11:9 Egz 7:3

11:10 Egz 4:21; Egz 9:12