12
Alò, SENYÈ a te di a Moïse avèk Aaron nan peyi Égypte la: Egz 3:14 “Mwa sa a va vin premye nan mwa yo pou nou. Li va premye mwa nan ane a pou nou.
“Pale a tout asanble Israël la, e di: ‘Nan dizyèm mwa sa a, yo chak va pran yon jenn mouton pou yo menm, selon kay pa yo, yon mouton pou chak kay. Alò, si kay la twò piti pou yon jenn mouton, li menm avèk vwazen li ap pran youn pou kont yo, selon kantite moun ki nan yo selon sa ke chak moun ta kab manje, nou va divize jenn mouton an.
“ ‘Jenn mouton nou an va Lev 22:18-21 yon jenn mal, ak laj yon lane, san defo. Nou ka pran li pami mouton yo, oswa kabrit yo. Nou va kenbe li jis rive nan Egz 12:14,17 katòzyèm jou nan menm mwa sa a, e tout asanble kongregasyon Israël la va touye li nan aswè. Egz 12:22 Anplis, yo va pran kèk nan san an, e mete li sou de chanbrann pòt kay la, ak sou de travès lento pòt kay la kote yo va manje li a.
“ ‘Yo va manje chè a menm nwit lan, boukannen li nan dife, e yo va manje li avèk Det 16:3,4pen san ledven, ak zèb anmè. Pa manje anyen nan li ki pa kwit, ni ki bouyi avèk okenn dlo, men pito ki boukannen nan dife, ni tèt li, ni janm li yo ansanm avèk Egz 29:13,17,22 zantray li yo. 10  Egz 16:19 Epi nou pa pou kite anyen nan li pou maten men nenpòt sa ki rete nan li, nan maten nou va brile li nan dife. 11 Alò, nou va manje li konsa: avèk senti nou mare, sapat nan pye nou ak baton nou nan men nou; epi nou va manje li byen vit—sa se Egz 12:13,21,27,43 Pak SENYÈ a.
12 “ ‘Paske Egz 11:4,5 Mwen va pase nan peyi Égypte la nan nwit lan, e Mwen va frape tout premye ne nan peyi Égypte la, ni moun, ni bèt. Epi kont tout dye an Égypte yo, Mwen va egzekite jijman—Mwen menm se SENYÈ a. 13  Eb 11:28 San an va yon sign pou nou sou kay kote nou rete yo. Lè Mwen wè san an, Mwen va pase sou nou, e nanpwen touman k ap rive nou, ni detwi nou lè Mwen frape peyi Égypte la.
14 “ ‘Alò, Egz 12:6 jou sa a va vin yon jou pa janm bliye pou nou, e nou va selebre li kòm yon fèt a SENYÈ a. Pami tout jenerasyon yo nou gen pou fete li kòm yon règleman k ap la pou tout tan.’ ”
15  Egz 13:6,7 “Pandan Sèt jou nou va manje pen san ledven, men nan premye jou a, nou va retire tout ledven ki nan kay nou yo. Paske nenpòt moun ki manje nenpòt bagay avèk ledven depi nan premye jou a jis rive nan setyèm jou a, moun sa va koupe retire nèt de Israël.
16 “Nan Lev 23:7,8 premye jou a nou va fè yon konvokasyon sen, e yon lòt konvokasyon sen nan setyèm jou a. P ap gen travay k ap fèt nan yo, sof sa ki oblije fèt pou manje a chak moun; se sa sèl nou kapab prepare.
17 “Nou va osi obsève Det 16:3-8fèt Pen San Ledven an, paske nan Egz 12:41jou sa a menm, Mwen te fè lame nou yo sòti nan peyi Égypte la. Pou sa, nou va obsève jou sa pandan jenerasyon nou yo kòm yon règleman k ap la pou tout tan.
18  Egz 12:2 “Nan premye mwa a, nan katòzyèm jou nan mwa a, nan aswè, nou va manje pen san ledven an, jiska vente-yen jou nan mwa a, lè l rive nan aswè. 19 Pandan sèt jou yo nou pa pou twouve ledven lakay nou paske nenpòt moun ki manje sa ki leve, Nonb 9:13 moun sa a va vin koupe retire nèt de asanble Israël la, menm si se yon etranje, oswa yon natif peyi a. 20 Nou pa pou manje anyen avèk ledven. Nan tout abitasyon nou yo nou va manje pen san ledven.”
21 Alò, Eb 11:28Moïse te rele tout ansyen Israël yo e te di yo: “Ale Egz 12:3pran pou nou menm jenn mouton yo selon fanmi nou, e touye jenn mouton Pak la. 22  Egz 12:7 Nou va pran yon pake izòp e fonse li nan san basen an, epi mete kèk nan san basen an sou de chanbrann yo avèk travès lento pòt yo. Pèsòn pa pou ale deyò pòt kay li jis rive nan maten. 23 Paske SENYÈ a va travèse pou frape Ejipsyen yo; epi lè Li wè san sou travès lento pòt yo, ak sou de chanbrann pòt yo, SENYÈ a va pase sou pòt la, e Li p ap kite I Kor 10:10 destriktè a antre nan kay nou pou frape nou.
24 “Epi nou va obsève evènman sa a kòm yon règleman pou nou menm avèk pitit nou yo pou tout tan. 25 Lè nou antre nan peyi ke SENYÈ a va bannou an, jan Li te pwomèt nou an, nou va obsève sèvis sakre sila a.
26  Egz 10:2 “Epi lè pitit nou di nou: ‘Kisa sa vle di selon sèvis sila a?’ 27 Nou va di: ‘Sa se yon sakrifis Pak la pou Egz 12:11SENYÈ a ki te pase sou kay a fis Israël yo nan Égypte lè Li t ap frape Ejipsyen yo, men te epanye lakay nou.’ ”
Egz 4:31Konsa, pèp la te bese ba, e te adore. 28 Alò, fis Israël yo te ale fè sa, jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse avèk Aaron an, konsa yo te fè.
29 Alò li te vin rive nan Egz 11:4minwi, Nonb 8:17SENYÈ a te frape tout premye ne nan peyi Égypte yo, depi premye ne a Farawon ki te chita sou twòn li an, jis rive nan premye ne nan kaptif ki te nan prizon yo, e menm tout premye ne nan bèt yo.
30 Farawon te leve nan nwit lan, li ak sèvitè li yo avèk tout Ejipsyen yo. Yo te gen yon Egz 11:6 gwo lamantasyon nan tout Égypte la, paske pa t gen kay kote moun pa t mouri.
31 Epi li te rele Moïse avèk Aaron nan nwit lan. Li te di yo: “Leve e Egz 8:25 kite pèp mwen an, ni nou menm, ni fis Israël yo. Ale adore SENYÈ a, jan nou te di a. 32 Pran Egz 10:9,26 ni bann mouton nou yo, ni twoupo nou yo, jan nou te di a, epi ale. Konsa, beni mwen tou!”
33  Egz 10:7 Ejipsyen yo ak ijans menm, te ankouraje pèp la pou kite peyi a byen vit, paske yo te di: “Nou tout pral mouri.” 34 Alò pèp la te pran Egz 12:39 pat farin ki potko leve yo, ak bòl pou petri yo byen mare nan rad yo, sou zepòl yo.
35  Egz 3:21,22 Alò, fis Israël yo te fè selon pawòl a Moïse la, paske yo te mande nan men Ejipsyen yo, bagay ki fèt an ajan, bagay ki fèt avèk lò, avèk vètman. 36 Konsa, SENYÈ a te bay pèp la favè nan zye Ejipsyen yo, jiskaske yo te sede a demann sa a. Konsa, yo te vin Egz 3:22 piyaje Ejipsyen yo.
37 Alò, Nonb 33:3,5fis Israël yo te vwayaje soti nan Egz 17:3Ramsès rive Succoth, anviwon sis-san-mil òm apye, san kontwole timoun. 38 Yon gran foul byen mele osi te monte avèk yo, menm avèk bann mouton ak twoupo, yon Egz 17:3 trè gran kantite bèt.
39 Yo te kwit pat farin ke yo te fè sòti an Égypte yo, e yo te fè gato ak pen san ledven yo. Li pa t leve, akòz ke yo te Egz 6:1 chase sòti an Égypte, e yo pa t kab pran reta, ni yo pa t prepare okenn manje pou yo menm.
40 Alò tan ke fis Israël yo te pase an Égypte la te Jen 15:13,16 kat-san-trant ane. 41 Nan fen kat-san-trant ane yo, Egz 12:17 jis rive nan jou a menm, tout lame SENYÈ a te sòti an Égypte. 42  Egz 13:10 Se yon nwit pou nou obsève pou SENYÈ a, paske li fè yo sòti nan peyi Égypte la. Nwit sa a se pou SENYÈ a, pou obsève pa tout fis Israël yo selon tout jenerasyon pa yo.
43 SENYÈ a te di a Moise avèk Aaron: “Sa se òdonans Nonb 9:14Pak la. Okenn Egz 12:48etranje pa pou manje li; 44 men Jen 17:12,13 esklav a chak moun, achte avèk lajan, lè nou fin sikonsi li, alò, li kapab manje nan li. 45 Yon etranje ki rete pami nou, oswa yon sèvitè ki anplwaye, pa pou manje l.
46 “Li oblije manje nan yon sèl kay. Nou pa pou mennen okenn nan chè a andeyò kay la, Nonb 9:12 ni nou pa pou kase okenn nan zo li. 47  Egz 12:6 Tout asanble Israël la dwe obsève fèt sa a.
48 “Men Nonb 9:14 si yon etranje rete avèk nou, li selebre fèt Pak la bay SENYÈ a, ke tout mal gason li yo vin sikonsi, e kite li pwoche pou selebre li. Konsa, li va devni yon natif peyi a. Men okenn moun san sikonsisyon pa pou manje li. 49  Lev 24:22 Menm règ sa a va aplike a natif la tankou etranje ki demere pami nou yo.”
50 Alò, tout fis Israël yo te fè sa. Yo te fè sa jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse avèk Aaron an. 51 Epi nan menm jou sa a, SENYÈ a te mennen fis Israël yo sòti nan peyi Égypte la Egz 6:26 selon lòd lame pa yo.

12:2 Egz 3:14

12:5 Lev 22:18-21

12:6 Egz 12:14,17

12:7 Egz 12:22

12:8 Det 16:3,4

12:9 Egz 29:13,17,22

12:10 Egz 16:19

12:11 Egz 12:13,21,27,43

12:12 Egz 11:4,5

12:13 Eb 11:28

12:14 Egz 12:6

12:15 Egz 13:6,7

12:16 Lev 23:7,8

12:17 Det 16:3-8

12:17 Egz 12:41

12:18 Egz 12:2

12:19 Nonb 9:13

12:21 Eb 11:28

12:21 Egz 12:3

12:22 Egz 12:7

12:23 I Kor 10:10

12:26 Egz 10:2

12:27 Egz 12:11

12:27 Egz 4:31

12:29 Egz 11:4

12:29 Nonb 8:17

12:30 Egz 11:6

12:31 Egz 8:25

12:32 Egz 10:9,26

12:33 Egz 10:7

12:34 Egz 12:39

12:35 Egz 3:21,22

12:36 Egz 3:22

12:37 Nonb 33:3,5

12:37 Egz 17:3

12:38 Egz 17:3

12:39 Egz 6:1

12:40 Jen 15:13,16

12:41 Egz 12:17

12:42 Egz 13:10

12:43 Nonb 9:14

12:43 Egz 12:48

12:44 Jen 17:12,13

12:46 Nonb 9:12

12:47 Egz 12:6

12:48 Nonb 9:14

12:49 Lev 24:22

12:51 Egz 6:26