11
Alò, lafwa se Eb 3:14asirans a sa ke n ap espere ak konviksyon de bagay nou pa wè yo.
Paske se pa lafwa, moun nan tan ansyen yo te Eb 11:4,39vin apwouve.
Pa lafwa nou konprann ke Jn 1:3mond yo te prepare pa pawòl Bondye a, pouke sa nou wè pa t fèt avèk bagay ki vizib.
Pa lafwa Jen 4:4Abel te ofri a Bondye yon pi bon sakrifis ke Cain, selon sa, li te resevwa temwayaj ke li te jis. Bondye te fè temwayaj de ofrann li yo, epi pa lafwa, malgre ke li mouri, li toujou pale.
Pa lafwa Jen 5:21-24Enoch te monte pou l te kab pa wè lanmò. E kò li pa te jwenn akoz ke Bondye te pran l. Paske li te twouve temwen ke avan li te monte a, li t ap fè Bondye plezi.
Konsa, san lafwa, li enposib pou fè Li plezi, paske sila ki Eb 7:19vin kote Bondye a, dwe kwè ke Li egziste, e ke li bay rekonpans a sila ki chache L yo.
Pa lafwa Jen 6:13-22Noé te avèti pa Bondye de bagay ki potko vizib yo, avèk respè, li te prepare yon lach pou sove tout lakay li. Pa sa, li te kondane mond lan, e li te devni yon eritye ladwati ki se pa lafwa.
Pa lafwa Jen 12:1-4Abraham, lè l te rele, li te obeyi lè l te sòti pou ale yon kote ke li te dwe resevwa pou eritaj. Li te soti malgre li pa t menm konnen ki kote li t ap prale. Pa lafwa, li te viv kòm yon etranje nan Trav 7:5peyi pwomès la, tankou se nan yon peyi etranje, e li te abite nan tant avèk Isaac ak Jacob, eritye ansanm a menm pwomès la. 10 Paske li t ap chache Eb 12:22vil ki gen fondasyon an, ki gen kòm achitèk ak fondatè, Bondye menm.
11 Pa lafwa, menm Jen 17:19Sarah te vin gen kapasite pou l ansent, menm depase pwòp tan lavi li, paske li te konsidere Li menm fidèl ki te fè pwomès la. 12 Akoz sa te vin fèt de yon sèl moun, e Wo 4:19li menm, tankou yon moun mouri deja, yon kantite desandan “an chif Jen 22:17kòm zetwal, e ki pa kab kontwole tankou grenn sab lanmè.”
13 Tout sila yo te mouri nan lafwa Eb 11:39san resevwa pwomès yo, men yo te wè yo e te rejwi de yo a yon distans, epi yo Jen 23:4te konfese ke yo te etranje e egzile sou tè a. 14 Paske sila ki di bagay sa yo, fè l klè ke y ap chache yon peyi ki pou yo. 15 Si vrèman, yo t ap panse ak peyi sa a ke yo te soti a Jen 24:6-8yo t ap twouve chans pou retounen. 16 Men jan sa ye a, yo pito yon pi bon peyi, yon II Tim 4:18peyi selès. Konsa, Bondye pa t wont pou Li menm ta rele Bondye pa yo a, paske Eb 11:10Li te prepare yon vil pou yo.
17 Pa lafwa Jen 22:1-10Abraham, lè l te vin pase a leprèv, li te ofri Isaac; e sila ki te Eb 11:13resevwa pwomès la, t ap ofri sèl fis li a. 18 Se te selon fis sa menm ke Li te di: Jen 21:12“Nan Isaac, desandan ou yo va rele.”
19 Men li te konsidere ke Wo 4:21Bondye kapab leve moun menm soti nan lanmò. E vreman, li te osi resevwa li (Isaac) soti nan lanmò kòm yon modèl de sila ki t ap vini an. 20 Pa lafwa Jen 27:27-29,39Isaac te beni Jacob ak Ésaü, menm selon bagay ki t ap vini yo.
21 Pa lafwa Jen 48:1,5,16,20Jacob, pandan li t ap mouri, li te beni tout fis Joseph yo, e li te adore pandan li t ap apiye sou tèt baton li.
22 Pa lafwa Jen 50:24Joseph, lè l t ap mouri, te pale sou egzòd a fis Israël yo, e te pase lòd konsènan zo li yo.
23 Pa lafwa Egz 2:2Moïse, lè l te fèt, te kache pandan twa mwa pa paran li yo, paske yo te wè ke li te yon bèl pitit; e yo pa t pè Egz 1:16,22lòd wa a.
24 Pa lafwa, Moïse Egz 2:10,11lè l te fin grandi, li te refize rele fis a fi Farawon an; 25 men li te chwazi pito Eb 11:37sipòte afliksyon avèk pèp Bondye a pase pou l ta rejwi nan plezi peche k ap pase yo. 26 Li te Luc 14:33konsidere repwòch a Kris la kòm pi gran richès pase trezò an Égypte yo; paske li t ap gade rekonpans lan.
27 Pa lafwa, li te Egz 2:15kite Égypte, san Egz 2:14krent kòlè a wa a; paske li te kenbe fèm, kòmsi li te wè Sila ki pa vizib la. 28 Pa lafwa, li te Egz 12:21fè Pak Jwif la, e li te flite san an, pou sila ki te detwi premye ne yo pa t kab touche yo. 29 Pa lafwa yo te Egz 14:22-29travèse Lamè Wouj, kòmsi yo t ap pase sou tè sèk. E Ejipsyen yo, lè yo te tante fè l, te vale nèt. 30 Pa lafwa Jos 6:20miray Jéricho yo te tonbe Jos 6:15apre yo te fin fè wonn yo pandan sèt jou.
31 Pa lafwa Jos 2:9Rahab fanm movèz vi a, pa t peri ansanm avèk sila ki te dezobeyisan yo, apre li te fin resevwa espyon yo an pè.
32 Epi kisa mwen kapab di anplis? Paske nanpwen tan pou pale de Gédéon Jij 4; Jij 5Barak, Samson, Jephthé, David, Samuel, ak pwofèt yo, 33 ki pa lafwa, te fè konkèt wayòm yo, te fè zèv ladwati, te II Sam 7:11resevwa pwomès yo, e te fèmen bouch a lyon yo. 34 Yo te Dan 3:23etenn pouvwa dife a, chape de lanm nepe a, nan feblès yo te vin fò, vin vanyan nan lagè, e yo te fè lame etranje yo sove ale.
35  I Wa 17:23Fanm yo te resevwa anretou mò yo pa rezirèksyon. Lòt yo te toumante, ni pa t aksepte pou yo ta lage, paske yo te pito resevwa yon pi bon rezirèksyon. 36 Epi lòt nan yo te pase pay nan moke ak resevwa kout fwèt; wi, menm Jen 39:20chenn ak prizon tou.
37 Yo te I Wa 21:13lapide ak kout wòch, yo te siye an de bout, yo te pwovoke, e te mete a lanmò avèk nepe. Yo te ale toupatou an po mouton ak po kabrit, san mwayen, aflije, maltrete— 38 moun ke mond lan pa menm merite yo— Yo te I Wa 18:4,13gaye kò yo nan dezè, mòn, nan kavo, ak twou nan tè yo.
39 Malgre, tout moun sila yo, ki te vin apwouve selon lafwa yo Eb 10:36pa t resevwa sa ki te pwomèt la. 40 Paske Bondye te ranje yon Eb 11:16pi bon pwovizyon pou nou menm Rev 6:11pouke apa de nou menm, yo pa ta kapab vin pafè.

11:1 Eb 3:14

11:2 Eb 11:4,39

11:3 Jn 1:3

11:4 Jen 4:4

11:5 Jen 5:21-24

11:6 Eb 7:19

11:7 Jen 6:13-22

11:8 Jen 12:1-4

11:9 Trav 7:5

11:10 Eb 12:22

11:11 Jen 17:19

11:12 Wo 4:19

11:12 Jen 22:17

11:13 Eb 11:39

11:13 Jen 23:4

11:15 Jen 24:6-8

11:16 II Tim 4:18

11:16 Eb 11:10

11:17 Jen 22:1-10

11:17 Eb 11:13

11:18 Jen 21:12

11:19 Wo 4:21

11:20 Jen 27:27-29,39

11:21 Jen 48:1,5,16,20

11:22 Jen 50:24

11:23 Egz 2:2

11:23 Egz 1:16,22

11:24 Egz 2:10,11

11:25 Eb 11:37

11:26 Luc 14:33

11:27 Egz 2:15

11:27 Egz 2:14

11:28 Egz 12:21

11:29 Egz 14:22-29

11:30 Jos 6:20

11:30 Jos 6:15

11:31 Jos 2:9

11:32 Jij 4; Jij 5

11:33 II Sam 7:11

11:34 Dan 3:23

11:35 I Wa 17:23

11:36 Jen 39:20

11:37 I Wa 21:13

11:38 I Wa 18:4,13

11:39 Eb 10:36

11:40 Eb 11:16

11:40 Rev 6:11