6
Alò, mwen te wè lè Jèn Mouton an te kase youn nan Rev 5:1sèt so yo, e mwen te tande youn nan kat kreyati vivan yo t ap di avèk yon vwa tankou tonnè “Vini”. Mwen te gade, e vwala, yon cheval blan te vin parèt; epi Sila ki te chita sou li a te gen yon banza nan men l. Yon Za 6:11kouwòn te bay a li menm, e li te sòti ap venk moun e espwe pou venk moun.
Lè L te kase dezyèm so a, mwen te tande Rev 4:7dezyèm kreyati vivan an t ap di: “Vini!” Alò, yon lòt, Za 1:8yon cheval wouj te sòti. A sila ki te chita sou li a, sa te pèmèt pou l Mat 10:34pran lapè soti sou tè a, e ke moun sa yo ta touye youn lòt. Yon gran nepe te mete nan men l.
Lè Li te kase twazyèm so a, mwen te tande Rev 4:7twazyèm kreyati vivan an, t ap di: “Vini pou wè!” Mwen te gade, e vwala, yon cheval nwa; e sila ki te chita sou li a te gen yon balans nan men l. Konsa, mwen te tande yon bagay tankou yon vwa nan mitan Rev 4:6kat kreyati vivan yo ki t ap di: “De gode ble pou yon denye, e sis gode lòj pou yon denye. Pa fè mal a lwil ak diven an.”
Lè Jèn Mouton an te kase katriyèm so a, mwen te tande vwa a Rev 4:7katriyèm kreyati vivan an ki t ap di “Vini pou wè”. Mwen te gade, e vwala, yon cheval koulè gri tankou sann, epi sila ki te chita sou li a te gen non Pwov 5:5Lanmò. Konsa, Sejou Lanmò a t ap swiv li. Otorite te bay a yo menm sou yon ka latè pou yo touye avèk nepe, avèk gwo grangou, epidemi lapès, e avèk bèt sovaj latè yo.
Lè Jèn Mouton an te kase senkyèm so a, mwen te wè anba lotèl la Rev 20:4nanm a sila yo yo te touye Rev 1:2,9akoz de pawòl Bondye a, e akoz de temwayaj ke yo te kenbe a.
10 Yo te kriye avèk yon vwa fò. Yo t ap di: “Konbyen tan, o Senyè, Rev 3:7sen e veritab, èske Ou va fè reta nan Det 32:43jije e vanje san nou sou sila ki rete sou latè yo?” 11 Yo te ba yo chak Rev 3:4,5yon vètman blan. Yo te di yo ke yo ta dwe repoze pou yon ti tan toujou, jiskaske kantite sèvitè parèy yo ak frè yo ta dwe vin touye menm jan ak yo, Trav 20:24pou konplete kous pa yo.
12 Mwen te gade lè Li te kase sizyèm so a, epi te gen yon gwo tranbleman detè. És 13:10Solèy la te vin nwa tankou rad antèman ki fèt avèk pwal e lalin lan te vin tankou san. 13  Mat 24:29Konsa, zetwal nan syèl yo te tonbe sou tè a, tankou yon pye fig frans ki jete fwi vèt li lè li souke pa gwo van. 14 Syèl la te fann e separe tankou yon woulo papye lè l vin woule, e És 54:10tout mòn ak lil yo te deplase kite plas yo.
15 Alò, És 2:10,19,21wa latè yo, gran chèf yo, gwo moun yo, rich yo, moun dyanm yo, chak esklav ak moun lib yo, tout te kache tèt yo nan twou wòch e pami wòch mòn. 16 Epi yo te Os 10:8di a mòn ak wòch yo: “Tonbe sou nou, e kache nou pou nou pa wè prezans a Sila Rev 4:9ki chita sou twòn nan, ak kòlè Jèn Mouton an. 17 Paske Jl 2:11gran jou kòlè a gen tan vini, e Mal 3:2kilès ki kapab kanpe?”

6:1 Rev 5:1

6:2 Za 6:11

6:3 Rev 4:7

6:4 Za 1:8

6:4 Mat 10:34

6:5 Rev 4:7

6:6 Rev 4:6

6:7 Rev 4:7

6:8 Pwov 5:5

6:9 Rev 20:4

6:9 Rev 1:2,9

6:10 Rev 3:7

6:10 Det 32:43

6:11 Rev 3:4,5

6:11 Trav 20:24

6:12 És 13:10

6:13 Mat 24:29

6:14 És 54:10

6:15 És 2:10,19,21

6:16 Os 10:8

6:16 Rev 4:9

6:17 Jl 2:11

6:17 Mal 3:2