3
“A zanj legliz nan Sardes la, ekri: Sila ki gen sèt Lespri Bondye ak Rev 1:16sèt zetwal yo, di sa a: Mwen konnen zèv nou yo, ke nou gen repitasyon ke nou vivan, men nou mouri. Reveye nou, e ranfòse bagay ki rete yo, ke ou te prèt pou jete deyò; paske Mwen pa twouve zèv nou yo konplè nan zye Bondye. Rev 2:5Donk, sonje sa nou te resevwa e tande a. Kenbe l e repanti. Konsa, si nou pa reveye nou, Mwen va vini tankou yon vòlè, e nou p ap konnen a kilè Mwen va vini sou nou an.
“Men nou gen kèk moun nan Sardes ki pa t sal vètman yo. Jd 23 Yo va mache avèk Mwen Ekl 9:8abiye an blan, paske yo dign de sa.
“Sila ki vin venkè a va abiye konsa, an vètman blan. Mwen p ap janm efase non li nan liv lavi a, e Mat 10:32Mwen va konfese non li devan Papa M ak devan zanj Li yo. Rev 2:7Sila ki gen yon zòrèy, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo.
“A zanj legliz nan Philadelphie a, ekri: Sila ki sen an, ki vrè a, ki gen És 22:22kle David la, k ap louvri pou pèsòn p ap ka fèmen l, e ki fèmen pou pèsòn p ap ka louvri a, di konsa: Mwen konnen zèv nou yo. Gade byen, Mwen mete devan nou yon pòt louvri ke pèsòn pa kab fèmen, paske nou gen yon ti pouvwa, epi nou te kenbe pawòl Mwen, e Rev 2:13pa t nye non Mwen. Gade byen, Mwen va koze sila ki nan Rev 2:9sinagòg Satan yo, ki di ke yo se Jwif, men ki pa sa a, kap manti—Mwen va fè yo És 45:14vin bese nan pye nou, e fè yo konnen ke Mwen renmen nou.
10  “Paske nou kenbe pawòl pèseverans Mwen an, Mwen va kenbe nou osi nan lè eprèv la, lè ki prèt pou vini sou tout Rev 16:14mond lan pou pase a leprèv tout sila ki rete sou latè yo.
11  “Mwen ap vini vit! Rev 2:10Kenbe fèm a sa nou genyen an, jis pou pèsòn pa rache kouwòn nou an.
12  “Sila ki venkè a, Mwen va fè li vin yon Gal 2:9pilye nan tanp a Bondye Mwen an. Konsa, li p ap sòti deyò ankò, e Mwen va ekri sou li Rev 14:1non a Bondye Mwen an, ak non a gran vil Bondye Mwen an, Jérusalem tounèf la, ki desann soti nan syèl, de Bondye Mwen, avèk non tounèf Mwen an.
13  Rev 3:6“Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo”.
14  “A zanj legliz nan Laodicée a, ekri: II Kor 1:20Amen lan, Rev 3:7Fidèl e Vrè Temwen lan, Kòmansman kreyasyon Bondye la, di konsa: 15  Rev 3:1Mwen konnen zèv nou yo, ke nou pa ni frèt ni cho. Mwen ta pito ke nou te frèt oswa cho.
16  “Donk, paske nou tyèd, e nou pa cho ni frèt, Mwen va krache nou sòti nan bouch Mwen. 17  Paske nou di: Os 12:8“Mwen rich! Mwen gen tan ranmase yon fòtin, e mwen pa bezwen anyen”; men nou pa konnen ke nou se malere, mizerab, pòv, avèg, e toutouni.
18  “Konsa, mwen konseye nou Mat 13:44achte nan men Mwen lò ki rafine nan dife pou nou kapab vin rich, e vètman blan pou mete sou nou pou wont toutouni nou an pa vin parèt; ak pomad zye pou nou pase nan zye nou pou nou kapab vin wè.
19  Pwov 3:12“Sila ke M renmen yo, Mwen reprimande e disipline yo. Konsa, se pou nou vin plen ak zèl, e repanti.
20  “Gade byen, Mwen kanpe nan pòt la e Mwen frape. Si yon moun tande vwa M, e ouvri pòt la, Jn 14:23Mwen va antre kote li, Mwen va dine avè l, e li menm avè M.
21  “Sila ki venkè a, Mwen va lèse l vin chita avè M sou twòn Mwen an, jan Jn 16:33Mwen menm tou te vin venkè a, e te vin chita avèk Papa M sou twòn Li an.
22  Rev 2:7“Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo”.

3:1 Rev 1:16

3:3 Rev 2:5

3:4 Jd 23

3:4 Ekl 9:8

3:5 Mat 10:32

3:6 Rev 2:7

3:7 És 22:22

3:8 Rev 2:13

3:9 Rev 2:9

3:9 És 45:14

3:10 Rev 16:14

3:11 Rev 2:10

3:12 Gal 2:9

3:12 Rev 14:1

3:13 Rev 3:6

3:14 II Kor 1:20

3:14 Rev 3:7

3:15 Rev 3:1

3:17 Os 12:8

3:18 Mat 13:44

3:19 Pwov 3:12

3:20 Jn 14:23

3:21 Jn 16:33

3:22 Rev 2:7