9
Paske, tout sa mwen te pote kon fado nan kè m pou eksplike li; ke moun dwat yo, moun saj yo, avèk tout zèv yo nan men Bondye. Lòm pa konnen si se lanmou, oswa rayisman; nenpòt bagay kapab tann li. Se menm bagay la pou tout moun. Gen yon sèl desten pou moun dwat yo ak mechan yo; pou bon an, pou moun san tach la, ak pou enpi a; pou sila ki ofri sakrifis ak sila ki pa ofri sakrifis la. Tankou sila ki dwat ak pechè a menm jan; tankou sila ki fè sèman an, se konsa sila ki refize sèmante a ye. Men yon mal nan tout sa ki konn fèt anba solèy la, ke gen menm desten an pou tout moun. Anplis, kè a fis a lòm yo plen mechanste, e Ekl 1:17 foli rete nan kè yo pandan tout lavi yo. Apre, yo ale kote mò yo. Paske, nenpòt moun ki jwenn ansanm ak lòt vivan yo gen espwa; anverite, yon chen vivan pi bon pase yon lyon ki mouri. Paske vivan yo konnen ke y ap mouri; men mò yo Job 14:21pa konnen anyen; ni yo pa jwenn rekonpans ankò, paske memwa yo fin bliye nèt. Anverite, lanmou yo, rayisman yo, ak fòs kouraj yo deja fin mouri, e yo Ekl 2:10pa gen pati ankò nan tout sa ki fèt anba solèy la.
Ale Ekl 2:24manje pen ou ak kè kontan e bwè diven ak kè plen ak jwa; paske Bondye deja pran plezi nan sa ou fè a. Kite tout Rev 3:4vètman ou yo rete blan tout tan, e pa kite lwil la manke sou tèt ou. Fè rejwisans lavi ou ak fanm ke ou renmen pandan tout jou kout lavi ou ke Li te bay ou anba solèy la. Paske sa se Ekl 2:10rekonpans ou nan lavi ak nan travay di ou konn fè anba solèy la. 10 Nenpòt sa ke men ou jwenn pou fè, Ekl 11:6fè l ak tout kouraj ou. Paske pa gen aktivite, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Sejou mò kote ou prale a.
11 Anplis, mwen te wè anba solèy la ke Am 2:14kous la pa pou moun ki rapid la, ni batay la pa pou gwo gèrye yo, ni pen pou saj la, ni richès a sila ki byen konprann nan, ni favè a moun abil; paske tan avèk jan tout bagay dewoule vin genyen yo tout. 12 Anplis, lòm Luc 21:34-35pa konnen lè li tankou pwason ki kenbe nan yon filè mechan an, o zwazo ki kenbe nan pèlen an. Se konsa fis a lòm yo sezi nan yon move moman. Epi lanmò an tonbe sou yo sibitman.
13 Sa osi, mwen te vin konprann kon sajès anba solèy la, e li te etone panse m. 14  II Sam 20:16-22Te gen yon ti vil ak kèk grenn moun ladann. Yon gran wa te parèt sou li, te antoure li, e te konstwi zam syèj kont li. 15 Men te twouve ladann yon malere byen saj; li te delivre vil la II Sam 20:16-22 avèk sajès li. Men pa t gen pèsòn ki te sonje moun malere sila a. 16 Konsa mwen te di: Pwov 21:22“Sajès pi bon pase pwisans.” Men sajès a malere a meprize, e pou pawòl li, pèsòn pa tande yo. 17  Ekl 7:5Pawòl a saj k ap koute lè tout bagay kalm pi bon pase vwa chèf k ap rele fò nan mitan moun ensanse. 18 Sajès pi bon ke zam lagè; Jos 7:1-26men yon sèl pechè detwi anpil ki bon.

9:3 Ekl 1:17

9:5 Job 14:21

9:6 Ekl 2:10

9:7 Ekl 2:24

9:8 Rev 3:4

9:9 Ekl 2:10

9:10 Ekl 11:6

9:11 Am 2:14

9:12 Luc 21:34-35

9:14 II Sam 20:16-22

9:15 II Sam 20:16-22

9:16 Pwov 21:22

9:17 Ekl 7:5

9:18 Jos 7:1-26