EKLEZYAS YO
1
Pawòl Ekl 1:12predikatè a, fis a David la, Wa Jérusalem. Sòm 39:5-6“Vanite sou vanite”, predikatè la di: “Vanite sou vanite! Tout se vanite.” Ekl 2:11 Ki avantaj yon nonm gen nan tout travay ke li fè anba solèy la? Yon jenerasyon ale e yon jenerasyon vini; men Sòm 104:5tè a rete pou tout tan. Anplis, Sòm 19:6solèy la leve e solèy la kouche; konsa li kouri al jwenn plas li pou li leve la ankò. Van an Ekl 11:5soufle vè sid, vire kote nò e kontinye vire fè wonn li. Sou menm kous vire won an, li retounen ankò. Tout rivyè yo desann vè lanmè a; sepandan li pa vin plen. Nan plas kote rivyè yo koule a, se la yo koule ankò. Tout bagay sa yo fatigan; lòm pa kapab menm eksplike sa. Pwov 27:20Zye pa satisfè ak wè, ni zòrèy ak tande. Ekl 1:10Sa ki te ye, se sa ki va ye e sa ki te konn fèt, se sa k ap fèt. Konsa, nanpwen anyen ki nèf anba syèl la. 10 Èske gen yon bagay sou sila a nou ta kab di: “Men sa a nèf”? Deja, li te la depi syèk ki te ekoule avan nou yo. 11  Ekl 2:16Nanpwen memwa a ansyen bagay yo, ni anplis a sila k ap vini pita, pami sila ki vini apre yo.
12 Mwen menm, Ekl 1:1 predikatè a, te sèvi kon wa sou Israël nan Jérusalem. 13 Mwen te konsantre tout refleksyon mwen pou chache e Ekl 3:10-11egzamine sou sajès tout sa ki te konn fèt anba syèl la. Sa se yon gwo tach lou ke Bondye te bay fis a lòm yo pou l ta aflije yo. 14 Mwen te wè tout zèv ki te fèt anba solèy la e, men vwala, tout se Ekl 2:11-17vanite e chache kouri dèyè van. 15 Sa ki Ekl 7:13kwochi p ap ka drese e sa ki manke p ap ka konte. 16 Mwen te di a pwòp tèt mwen: “Men gade, mwen te fè I Wa 3:12sajès vin grandi e ogmante plis pase tout lòt wa ki te sou Jérusalem avan mwen yo. Wi, panse mwen te obsève anpil richès ak sajès avèk konesans.” 17 Mwen te dirije panse mwen pou konnen sajès e pou konnen sa ki ensanse ak sa ki foli nèt. Konsa, mwen te vin wè ke sa osi se Ekl 1:14 chache kouri dèyè van. 18 Paske Ekl 2:23nan anpil sajès gen anpil tristès, e nan anpil konesans gen anpil doulè.

1:1 Ekl 1:12

1:2 Sòm 39:5-6

1:3 Ekl 2:11

1:4 Sòm 104:5

1:5 Sòm 19:6

1:6 Ekl 11:5

1:8 Pwov 27:20

1:9 Ekl 1:10

1:11 Ekl 2:16

1:12 Ekl 1:1

1:13 Ekl 3:10-11

1:14 Ekl 2:11-17

1:15 Ekl 7:13

1:16 I Wa 3:12

1:17 Ekl 1:14

1:18 Ekl 2:23