11
Det 15:10Voye pen ou sou sifas dlo,
e apre anpil jou, ou va twouve l.
Divize byen ou fè sèt, oswa uit menm;
paske ou pa janm konnen ki malè k ap rive sou latè.
Si nwaj yo plen, yo vide lapli sou latè;
epi si yon bwa tonbe vè sid, oswa vè nò,
kote li tonbe a, se la l ap kouche.
Sila ke veye van an p ap simen;
ni sila ki veye syèl la p ap rekòlte.
Menm jan ke ou pa konnen chemen van an,
ni jan zo yo vin fòme nan vant a fanm ansent lan,
se konsa ou pa konnen zèv Bondye
ki fè tout bagay la.
Simen semans ou Ekl 9:10nan maten an;
ni pa gaspiye tan nan aswè.
Paske ou pa janm konnen si se nan maten
oswa nan aswè semans lan ap reyisi;
ni si se pa tou de k ap bon.
Limyè a byen bèl,
e li bon pou zye Ekl 6:5wè solèy la.
Anverite, si yon nonm ta viv anpil ane,
kite li rejwi li nan yo tout;
men pa kite l bliye Ekl 12:1jou tenèb yo, paske yo va anpil.
Tout sa ki gen pou vini se vanite.
Rejwi jennonm, pandan jenès ou,
e kite kè ou rete kontan
pandan ane de laj jenès ou yo.
Swiv sa ki atire kè ou ak dezi a zye ou,
men konnen byen ke Bondye
va rele ou nan jijman pou tout bagay sa yo.
10 Pou sa, retire gwo doulè ak mechanste
pou l pa nan kè ou,
e fè II Kor 7:1mal rete lwen chè ou;
paske jenès ak ane jenès yo va disparèt vit.

11:1 Det 15:10

11:6 Ekl 9:10

11:7 Ekl 6:5

11:8 Ekl 12:1

11:10 II Kor 7:1