10
Mouch mouri bay
Egz 30:25lwil pafen yon move odè;
Se konsa yon ti kras foli gen pouvwa
pou depase sajès ak respè.
Kè a yon moun saj mennen li adwat,
men Mat 6:33kè a moun san konprann nan
mennen l agoch.
Menm lè ensanse a mache nan lari
li manke bon tèt.
Li Pwov 13:16montre tout moun ke
se moun fou li ye.
Si kòlè a wa a vin monte kont ou,
pa abandone pozisyon ou;
paske rete kalm ka evite gwo ofans.
Gen yon mal mwen konn wè anba solèy la, tankou yon fot ki sòti nan sila k ap gouvène a—— Est 3:1-5Foli plase nan anpil kote byen wo pandan rich yo chita kote ki ba. Mwen konn wè esklav ki Est 6:8-10monte sou cheval ak prens k ap mache atè tankou esklav. Sòm 7:15Sila ki fouye fè yon twou ka byen tonbe ladann, e yon sèpan ka mòde gèrye a ki kraze yon miray. Sila ki taye wòch yo ka blese ladann, e sila ki fann gwo bout bwa a kapab an danje. 10 Si rach la pa gen tay, e li pa file pwent li; alò, li va egzije plis fòs. Avantaj a sajès se reyisi!
11 Si sèpan an mòde Sòm 58:4-5avan li vin chame, nanpwen pwofi. 12  Pwov 10:32Pawòl ki soti nan bouch sila ki saj la plen ak gras, men pawòl a moun ensanse a fin manje l nèt; 13 Kòmansman diskou ensanse a se foli, e fen diskou li se plen Ekl 7:25mechanste ak betiz. 14 Malgre tout sa, moun ensanse a ogmante pawòl li yo.
Pèsòn pa konnen sa ki va rive, e kilès kab di li Ekl 3:22sa ki va rive apre li. 15 Zèv a moun ensanse a tèlman fatige l, ke li pa konnen kijan pou li rive nan vil la.
16 Malè a ou menm, O peyi ki gen jenn ti gason kon wa;
ak prens yo k ap fè fèt granmaten.
17 Beni se ou menm, O peyi ki gen yon fis byen prepare kon wa a
ak prens ki manje nan pwòp lè yo, pou bay fòs,
e non pou fè Pwov 31:4banbòch vin sou.
18 Akoz Pwov 24:30-34parès ak neglijans, twati a vin pann,
e nan enpridans kay la vin koule.
19 Yon gwo tab manje fèt pou yo rejwi yo,
Jij 9:13diven pou fè kè kontan;
epi lajan se repons pou tout bagay.
20 Anplis, nan chanm a kouche ou, pa Egz 22:28bay wa a madichon;
e nan chanm a kouche ou, pa bay yon moun rich madichon.
Paske yon zwazo syèl la ka pote bri a,
e sa ki gen zèl yo ka fè yo konnen bagay la.

10:1 Egz 30:25

10:2 Mat 6:33

10:3 Pwov 13:16

10:6 Est 3:1-5

10:7 Est 6:8-10

10:8 Sòm 7:15

10:11 Sòm 58:4-5

10:12 Pwov 10:32

10:13 Ekl 7:25

10:14 Ekl 3:22

10:17 Pwov 31:4

10:18 Pwov 24:30-34

10:19 Jij 9:13

10:20 Egz 22:28