7
Yon Pwov 22:1bon non pi bon pase yon pomad swa, e jou mouri pi bon pase jou nou te ne a. Li pi bon pou ale nan kay k ap fè dèy pase nan kay k ap fè fèt; paske se konsa ke Ekl 2:14-16chak moun va fini, e sila ki vivan an pran sa a kè. Tristès pi bon pase ri; paske lè figi moun nan tris, kè la vin pi bon. Panse a saj la anndan lakay k ap fè dèy; men panse a san konprann nan kay plezi. Li pi bon pou koute repwòch a yon nonm saj pase pou yon moun ta koute chanson a moun san konprann yo. Paske tankou bwa pikan sèch pete nan dife; se konsa Ekl 2:2lè yon nonm ensanse ap ri; epi sa anplis se vanite. Paske chantay ka fè yon nonm saj vin fou, e Egz 23:8 lajan anba tab fè kè vin konwonpi. Lè yon bagay Ekl 7:1fin fèt, li pi bon pase lè l te kòmanse a.
Pasyans nan lespri pi bon pase awogans lespri a. Pa Pwov 14:7chofè kè ou pou vin fache; paske fache rete nan kè a moun ensanse. 10 Pa di: “Poukisa jou lontan yo te pi bon pase jodi a”? Paske nanpwen sajès nan kesyon sa a.
11 Sajès ansanm ak eritaj bon, e se yon Pwov 8:10-11avantaj pou sila ki konn wè solèy yo. 12 Paske sajès se yon pwotèj, menm ke lajan se yon pwotèj la; men avantaj a bon konprann nan se ke Pwov 3:18sajès va prezève lavi a sila ki genyen l.
13 Konsidere zèv Bondye yo, paske se kilès ki Ekl 1:15ka drese sa ke Li menm te koube? 14 Nan jou bonè yo fè kè kontan; men Det 8:5nan jou malè yo, reflechi—Bondye te fè tou de pou lòm pa dekouvri anyen nan sa k ap swiv li.
15 Mwen te wè tout bagay pandan Ekl 6:12tout jou vanite mwen yo; gen yon nonm dwat ki mouri nan ladwati, ak yon nonm mechan ki fè vi li long ak mechanste li a. 16 Pa fè eksè nan ladwati, Wo 12:3ni pa vin twò saj. Poukisa ou ta detwi pwòp tèt ou? 17 Pa fè eksè nan mechanste, ni pa vin ensanse. Poukisa ou ta vle Job 22:16mouri avan lè ou? 18 Li bon pou ou ta kenbe pran yon bagay san ou pa lage lòt la; paske sila ki Ekl 3:14gen lakrent Bondye a ap vini ak tou de. 19  Ekl 7:12Sajès ranfòse yon nonm saj plis pase dis gwo chèf ki nan yon vil. 20 Anverite, I Wa 8:46nanpwen yon moun dwat sou latè ki fè sa ki bon tout tan, e ki pa janm peche. 21 Anplis, pa pran a kè tout pawòl ki pale, sof ke ou ta tande sèvitè ou lè l ap Pwov 30:10bay ou madichon. 22 Paske ou vin konprann ke ou menm tou anpil fwa konn bay moun madichon. 23 Mwen te tante fè tout sa ak sajès e mwen te di: “Mwen va saj”, men sa te chape lwen mwen. 24 Sa ki te konn egziste vin lwen, e se yon Wo 11:33mistè menm. Se kilès ki ka dekouvri li? 25 Mwen te Ekl 1:15-17dirije panse m pou konnen; pou fè ankèt e chache sajès avèk rezon, e pou konnen mechanste se foli; e foli menm rive fè moun fou.
26 Epi mwen te dekouvri pi anmè pase mouri, kè a fanm ki fè pèlen an. Men li yo se tankou chenn. Yon moun ki plè Bondye va chape anba men l, men Pwov 22:14 pechè a va vin kaptire anba l.
27 “Gade byen, se sa mwen dekouvri,” predikatè a di: “Ajoute yon bagay a yon lòt pou twouve konprann.” 28 Sou sila m toujou ap chache a, men m poko jwenn; mwen te twouve yon nonm pami mil, men mwen pa t jwenn I Wa 11:3fanm pami tout sa yo. 29 Men gade, se sèl sa mwen dekouvri; Bondye te fè lòm kanpe dwat, men yo chache anpil manèv pou vin koube.

7:1 Pwov 22:1

7:2 Ekl 2:14-16

7:6 Ekl 2:2

7:7 Egz 23:8

7:8 Ekl 7:1

7:9 Pwov 14:7

7:11 Pwov 8:10-11

7:12 Pwov 3:18

7:13 Ekl 1:15

7:14 Det 8:5

7:15 Ekl 6:12

7:16 Wo 12:3

7:17 Job 22:16

7:18 Ekl 3:14

7:19 Ekl 7:12

7:20 I Wa 8:46

7:21 Pwov 30:10

7:24 Wo 11:33

7:25 Ekl 1:15-17

7:26 Pwov 22:14

7:28 I Wa 11:3