8
Se kilès ki tankou nonm saj ki konnen sans a yon bagay? Sajès a yon nonm klere li e fè vizaj sevè li a vin briye.
Mwen di: “Swiv lòd wa a akoz Egz 22:11sèman ki te fèt devan Bondye a. Pa prese Ekl 10:4abandone lòd li. Pa jwenn ou menm nan yon move konbinezon, paske l ap fè nenpòt sa ki fè li plezi.” Akoz pawòl a wa a pote otorite, Job 9:12se kilès ki va di l: “Kisa w ap fè la a?” Sila ki swiv yon kòmand wayal pa Pwov 12:21jwenn twoub; paske yon kè saj konnen tan ak mwayen ki bon pou aji. Paske Ekl 3:1-17gen yon tan ak mwayen ki bon pou chak plezi, malgre pwoblèm moun an peze lou sou li. Si pa gen pèsòn ki Ekl 3:22konnen ki sa k ap vin rive, se kilès ki ka di li kilè li va rive. Nanpwen moun ki ka sèvi ak van pou anpeche van, ni ki gen otorite sou jou lanmò a; epi pa gen lese tonbe ni kite nan tan lagè, ni Ekl 8:13mal la kap fèt p ap delivre sila ki fè l yo.
Tout sa mwen konn wè yo, e kon aplike panse m a tout zèv ki te fèt anba solèy la, kote moun sèvi Ekl 4:1otorite l sou lòt pou fè mal la. 10 Konsa, mwen konn wè mechan yo antere, menm sila ki te konn antre sòti nan lye sen yo, e Ekl 1:11ase vit yo vin bliye nèt nan menm vil kote yo te aji konsa a. Sa tou, se vanite. 11 Akoz jijman kont yon zak mechan pa rive ase vit; akoz sa, Ekl 9:3kè fis a lòm nan ki rete pami yo vin dedye nèt pou fè mal. 12 Malgre yon pechè fè mal san fwa e mennen yon vi ki long, mwen toujou konnen ke sa Det 4:40prale byen pou sila ki gen lakrent Bondye yo, ki gen lakrent devan L yo. 13 Men, sa Ekl 8:8pa prale byen pou moun mechan an, e li p ap pwolonje jou li yo tankou yon lonbraj, paske li pa gen lakrent Bondye.
14 Gen yon vanite ki fèt sou latè, sa vle di, gen Sòm 73:14moun dwat ki vin viktim a mechan yo. Yon lòt kote, gen moun mechan an ki vin tonbe akoz zèv moun dwat yo. Mwen di sa anplis se vanite. 15 Pou sa, mwen te rekòmande plezi; paske, pa gen anyen pou Ekl 2:24yon nonm anba solèy la fè sof ke manje, bwè, e fè plezi; epi sa va fè l kanpe nan travay di li diran tout jou lavi, ke Bondye te bay li anba solèy la.
16 Lè mwen te bay kè m pou aprann sajès ak pou m wè tach ki te konn fèt sou tè a, (malgre sa ta fè yon moun pa janm dòmi ni lajounen, ni lannwit), 17 konsa, lè mwen te wè tout zèv Bondye te fè, mwen te vin aprann ke Ekl 3:11lòm p ap kapab dekouvri travay ki te konn fèt anba syèl la. Malgre lòm ta chache ak tout dilijans, li p ap twouve li. Malgre yon nonm saj ta di: “Mwen konnen”, li p ap ka dekouvri li.

8:2 Egz 22:11

8:3 Ekl 10:4

8:4 Job 9:12

8:5 Pwov 12:21

8:6 Ekl 3:1-17

8:7 Ekl 3:22

8:8 Ekl 8:13

8:9 Ekl 4:1

8:10 Ekl 1:11

8:11 Ekl 9:3

8:12 Det 4:40

8:13 Ekl 8:8

8:14 Sòm 73:14

8:15 Ekl 2:24

8:17 Ekl 3:11