22
Si yon nonm ta vòlè yon bèf oswa yon mouton epi kòche li oswa vann li, li va peye senk bèf pou bèf la, e II Sam 12:6 kat mouton pou mouton an.
Si Mat 6:19 vòlè a vin kenbe pandan l ap fonse antre, e bat jis li vin mouri, p ap gen koupabilite pou san li sou kont mèt kay la. Men si solèy la gen tan leve sou li, va genyen koupabilite san sou li. Li va anverite peye dedonmajman an. Si li pa posede anyen, alò, Mat 18:25 y ap vann li pou vòl sa a. Si sa li te vòlè a twouve nan posesyon li, menm si se yon bourik, oswa yon mouton, Egz 22:7 li va peye li doub.
Si yon mesye kite bèt li yo manje nan yon chan, oswa yon jaden jiskaske jaden an fini nèt, e kite bèt li lage pou li manje nan chan a yon lòt moun, li va peye dedonmajman an soti nan pi bon pati tè li, ak meyè pati chan rezen li lan.
Si yon dife vin parèt, e kouri jwenn bwa pikan yo, jis rive sereyal k ap rasanble nan chan an, oswa sereyal chan an li menm pran dife, sila ki te limen dife a va anverite peye.
Lev 6:1-7 Si yon mesye bay vwazen li lajan oswa byen li pou kenbe pou li, e li vòlè soti lakay mesye a, depi vòlè a kenbe, li va peye doub. Si yo pa jwenn vòlè a, alò, mèt kay la va parèt devan Egz 22:9 jij yo pou konstate si li te mete men li sou byen vwazen li an.
Pou chak vyòl konfyans, kèlkeswa ke se pou bèf, pou bourik, pou mouton, pou rad, oswa pou nenpòt bagay ki pèdi, si yon moun kapab di: “Sila se pa m nan!”, yo toude va vini devan Egz 22:8,28 jij yo. Konsa, sila ke jij yo kondane a va peye doub a vwazen li an.
10 Si yon mesye bay vwazen li yon bourik, yon bèf, yon mouton, oswa nenpòt bèt pou kenbe pou li, epi li vin mouri, oswa blese, oswa pouse ale lè moun pa wè, 11 yon Eb 6:16 sèman devan SENYÈ a va fèt pa yo dèske li pa t mete men l sou byen a vwazen li. Konsa, mèt li va aksepte li, e li p ap oblije fè peye dedonmajman. 12 Men si li te vrèman vòlè li, li va peye dedonmajman a mèt li. 13 Si li chire an mòso, kite sa mennen kòm evidans. Li p ap peye dedonmajman pou sa ki chire an moso a.
14 Si yon mesye prete yon bagay nan men vwazen li, e sa vin donmaje oswa mouri pandan mèt li pa la, li va peye tout rekonpans. 15 Si mèt li la avè l, li p ap peye rekonpans. Si se lwaye, sa te vini ak frè lwaye li.
16  Det 22:28,29 Si yon mesye sedwi yon vyèj ki poko fiyanse, e li vin kouche avèk li, li dwe peye li yon frè fiyanse pou l ka vin madanm li. 17 Si papa li refize nèt pou ba li fi li, li va peye lajan ki menm fòs avèk Jen 24:12 frè fiyanse a pou vyèj yo.
18 Ou pa pou kite yon Lev 19:31 majisyen viv.
19 Nenpòt moun ki kouche avèk yon bèt, va asireman mete a lanmò. Lev 18:23
20  Egz 32:8 Sila ki fè sakrifis a nenpòt dye, sof ke SENYÈ a sèl, va detwi nèt.
21  Det 27:19 Ou pa pou fè mal a yon etranje, ni oprime li, paske se te etranje nou te ye nan peyi Égypte la.
22  Det 24:17,18 Ou pa pou oprime okenn vèv, ni òfelen. 23 Si ou oprime li, e li kriye ban Mwen, Job 34:28 Mwen va anverite tande kri li; 24 epi kòlè Mwen va vin ogmante. Mwen va touye ou avèk nepe, e madanm ou yo va vin vèv, e pitit ou yo va vin san papa. Sòm 109:2,9
25 Si ou prete lajan a pèp Mwen an, a malere yo pami nou yo, ou pa pou aji kòm kreditè anvè li. Ou pa pou mande frè Né 5:7 enterè. 26 Si ou janmen pran manto vwazen ou kòm Pwov 20:16 garanti, fòk ou remèt li li avan solèy la kouche, 27 paske se sa sèl ki kouvri li. Se manto pou kò li. Kisa ankò li kab sèvi pou l dòmi? Epi li va rive ke lè li kriye fò, Mwen va tande li, paske Egz 34:6 Mwen ranpli avèk mizerikòd.
28 Ou pa pou modi Bondye, Ekl 10:20 ni modi yon chèf pèp ou.
29  Egz 13:2,12Ou pa pou fè reta avèk ofrann ki sòti nan rekòlt la avèk diven an.
Premye ne nan fis ou yo, ou va ban Mwen l. 30  Det 15:19 Ou va fè menm bagay la avèk bèf ou yo, ak mouton ou yo. Li va rete avèk manman l pandan sèt jou, e nan uityèm jou a ou va ban Mwen li.
31  Egz 19:6 Nou va dèzòm ki sen pou Mwen; konsa, nou p ap manje okenn chè ki chire an mòso nan chan. Nou va jete li bay chen.

22:1 II Sam 12:6

22:2 Mat 6:19

22:3 Mat 18:25

22:4 Egz 22:7

22:7 Lev 6:1-7

22:8 Egz 22:9

22:9 Egz 22:8,28

22:11 Eb 6:16

22:16 Det 22:28,29

22:17 Jen 24:12

22:18 Lev 19:31

22:19 Lev 18:23

22:20 Egz 32:8

22:21 Det 27:19

22:22 Det 24:17,18

22:23 Job 34:28

22:24 Sòm 109:2,9

22:25 Né 5:7

22:26 Pwov 20:16

22:27 Egz 34:6

22:28 Ekl 10:20

22:29 Egz 13:2,12

22:30 Det 15:19

22:31 Egz 19:6