6
Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: “Lè yon moun peche e aji avèk movèz fwa kont SENYÈ a, epi twonpe pwochen li an sou yon depo lajan oswa yon sekirite ke li te konfye bay li, oswa pa vòl, oubyen li te fè li pa vyòl konfyans, oubyen, si l Egz 23:4 te twouve sa ki te pèdi a, te fè manti sou sa ak fo sèman, pouke li peche nan nenpòt nan bagay ke yon moun kapab fè yo; alò li va rive, ke lè li peche e vin koupab, li va Lev 24:18-21 remèt sa ke li te pran pa vòl la, oubyen sa ke li te vin gen pa vyòl konfyans lan, oubyen depo ki te plase nan men li an, oubyen sa ki te pèdi ke li te twouve a, oubyen, nenpòt de sa li te fè fo sèman an. Li va fè remèt li nèt e mete sou li yon senkyèm anplis. Nonb 5:7-8 Li va bay li a sila li apatyen an, nan menm jou li prezante ofrann koupabilite li a. Li va pote bay prèt la ofrann koupabilite li a, bay SENYÈ a, Lev 5:5 yon belye san defo ki soti nan bann bèt la, selon sa ou estime, pou yon ofrann koupabilite. Konsa, prèt la va fè ekspiyasyon pou li devan SENYÈ a, e li va padone pou nenpòt nan bagay sa yo ke li te fè pou vin koupab.”
Alò, SENYÈ a te pale a Moïse, e t ap di: “Kòmande Aaron avèk fis li yo e di: ‘Sa se Egz 29:38-42 lalwa pou ofrann brile a: ofrann brile a li menm va retire nan fwaye lotèl la tout nwit lan jis rive nan maten, epi dife sou lotèl la va kontinye brile sou li. 10 Prèt la dwe abiye an Egz 28:39-42 vètman len fen pa li a, e li va mete sou vètman li touprè chè li. Konsa, li va pran sann dife yo nan ofrann brile a pou dife a ki vin redwi sou lotèl la e plase yo akote lotèl la. 11 Answit, li va retire vètman sa yo pou mete lòt vètman. Epi li va pote sann yo deyò kan an nan yon plas ki pwòp. 12 Dife sou lotèl la dwe kontinye brile sou li. Li pa pou tenyen, men prèt la va brile bwa sou li chak maten. Li va pozisyone ofrann brile a sou li, e ofri Lev 3:5 sou li nan lafimen pati grès ofrann lapè yo. 13 Dife a dwe kontinye brile nèt sou lotèl la; li pa pou tenyen.
14 “ ‘Alò, sa se lalwa ofrann sereyal la: fis Aaron yo va prezante li devan SENYÈ a, devan lotèl la. 15  Lev 2:2-9 Answit, li va leve soti de li yon men plen avèk farin fen ofrann sereyal la, avèk lwil li ak tout lansan ki sou ofrann sereyal la, epi li va ofri li anlè nan lafimen sou lotèl la, yon odè santi bon, kòm yon ofrann souvni bay SENYÈ a. 16  Lev 10:12-14 Sa ki rete nan li a, Aaron avèk fis li yo dwe manje. Li va manje tankou gato san ledven nan yon plas ki sen. Yo dwe manje li nan galeri tant asanble a. 17  Lev 2:11 Li p ap boukannen avèk ledven. Mwen te bay li kòm pòsyon pa yo nan ofrann pa M pa dife a. Li pi sen pase tout, kòm ofrann peche ak ofrann koupabilite a. 18  I Kwo 9:13 Chak mal pami fis Aaron yo kapab manje li. Li se yon òdonans pèmanan, atravè jenerasyon nou yo, soti nan ofrann dife bay SENYÈ a. Lev 6:27Nenpòt moun ki touche yo va sen.’ ”
19 Alò, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: 20 “Sa se ofrann ke Aaron avèk fis li yo dwe prezante bay SENYÈ a nan jou ke li onksyone a: dizyèm nan yon efa farin fen kòm yon Nonb 4:16 ofrann sereyal nòmal, mwatye nan li nan maten e mwatye nan li nan aswè. 21 Li va prepare avèk lwil nan yon Lev 2:5 pwalon. Lè li fin byen vire, ou va pote li. Ou va prezante ofrann sereyal la an mòso boukannen kòm bon sant bay SENYÈ a. 22 Prèt onksyone a ki nan plas li pami fis li yo va ofri li. Pa yon òdonans pèmanan, li va ofri tout nèt nan lafimen bay SENYÈ a. 23 Konsa, chak ofrann sereyal va konplètman brile nan lafimen bay SENYÈ a.”
24 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 25 “Pale avèk Aaron ak fis li yo pou di: ‘Sa se lalwa ofrann peche a: Lev 1:11 nan plas kote ofrann brile a vin touye a, ofrann peche a va touye devan SENYÈ a. Li pi sen pase tout. 26  Lev 6:29 Prèt la ki ofri li pou peche a va manje li. Li va manje yon kote ki sen, nan galeri a tant asanble a. 27  Lev 7:19 Nenpòt moun ki touche chè li va vin sen. Lè kèk nan san li vin gaye sou yon vètman, nan yon lye sen, ou va lave sa ki te gaye sou li a. 28 Osi Lev 11:33 po ajil ladann li te bouyi a va kraze; epi si li te bouyi nan yon veso an bwonz, alò li va lave byen lave, e rense nan dlo. 29 Chak mal pami prèt yo kapab manje ladann. Lev 6:17-25 Li pi sen pase tout. 30 Men okenn ofrann peche ki te gen Lev 4:1-21 san ki te pote antre nan tant asanble a pou fè ekspiyasyon nan lye sen an p ap manje. Li va brile avèk dife.

6:3 Egz 23:4

6:4 Lev 24:18-21

6:5 Nonb 5:7-8

6:6 Lev 5:5

6:9 Egz 29:38-42

6:10 Egz 28:39-42

6:12 Lev 3:5

6:15 Lev 2:2-9

6:16 Lev 10:12-14

6:17 Lev 2:11

6:18 I Kwo 9:13

6:18 Lev 6:27

6:20 Nonb 4:16

6:21 Lev 2:5

6:25 Lev 1:11

6:26 Lev 6:29

6:27 Lev 7:19

6:28 Lev 11:33

6:29 Lev 6:17-25

6:30 Lev 4:1-21