5
“ ‘Alò, si yon moun peche lè l rele pou fè Pwov 29:24 temwayaj tribinal kòn yon temwen, konsènan si li te wè oubyen otreman vin konnen yon bagay, si li pa pale sa, alò, li va pote koupabilite pa li.
“ ‘Oubyen, si yon moun touche Nonb 19:11-16 nenpòt bagay ki pa pwòp, kit se yon kadav bèt pa pwòp, kit se yon kadav bèf ki pa pwòp, kit se kadav yon desen bèt vivan ki pa pwòp, malgre ke sa ta kache de li pou li pa konnen, e li pa pwòp, alò li va koupab. Oubyen, si li ta touche afè moun ki pa pwòp, nenpòt sa li ye ki fè l vin pa pwòp la, epi sa kache de li, e answit, li vin konn sa, li va koupab. Oubyen, si yon moun Nonb 30:6-8 sèmante san reflechi avèk bouch li, kit se pou fè mal, kit se pou fè byen, nan nenpòt afè ke yon nonm ta pale san reflechi avèk yon sèman, epi sa kache de li, e answit li vin konn sa, li va koupab nan youn nan sa yo. Se konsa li va ye lè li vin koupab nan youn nan sa yo, ke li va Lev 16:21 konfese nan sa ke li te fè peche a. Li va osi pote ofrann koupabilite li a bay SENYÈ a pou peche ke li te komèt la: Lev 4:22-34 yon femèl ki sòti nan bann bèt la, yon jenn mouton, oswa yon kabrit kòm yon ofrann peche. Konsa prèt la va fè ekspyasyon nan non li pou peche li a.
“ ‘Men si li pa gen mwayen pou bay yon jenn mouton oswa kabrit, alò li va pote bay SENYÈ a kòm ofrann koupabilite pou peche ke li te komèt la, de toutrèl oswa de jenn pijon, Lev 12:6-8 youn pou yon ofrann peche a, e lòt la, pou yon ofrann brile. Li va pote yo bay prèt la, ki va ofri, premyèman, sa ki pou ofrann peche a, e li va tranche tèt li pa devan kou a Lev 1:17 san ke li pa fin separe li nèt. Li va osi flite kèk nan san ofrann peche a sou kote lotèl la, e rès san an va koule degoute nan baz lotèl la. Li se yon ofrann peche. 10 Dezyèm nan, li va, answit, prepare kòm yon ofrann brile Lev 1:14-17 selon òdonans lan. Epi prèt la va fè ekspiyasyon nan non li menm pou peche ke li te komèt la, e li va vin padone.
11 “ ‘Men si Lev 14:21-32 mwayen li pa sifi pou de toutrèl oswa de jenn pijon yo, alò pou ofrann li pou peche ke li te komèt la, li va pote yon dizyèm efa farin fen pou ofrann peche a. Li p ap mete lwil sou li ni mete lansan sou li, paske se yon ofrann peche. 12 Li va pote li bay prèt la, e prèt la va pran men plen de li kòm yon pati komemoratif, pou ofri li nan lafimen sou lotèl la, avèk ofrann bay SENYÈ a pa dife. Li se yon ofrann peche. 13 Alò, prèt la va fè ekspiyasyon pou li konsènan peche ke li te komèt soti nan Lev 5:4-5; Lev 2:3 youn nan sila yo, e sa va padone li. Konsa, rès la va vin pou prèt la menm jan ak ofrann sereyal la.’ ”
14 Answit SENYÈ a te pale avèk Moïse e t ap di: 15 “Si yon moun pa fidèl, e peche san movèz entansyon kont bagay ki sen pou SENYÈ a, alò li va pote Lev 7:1-10 ofrann koupabilite li devan SENYÈ a; yon Lev 6:6belye san defo ki sòti nan bann bèt la, selon valè an ajan de sik, an valè de sik sanktiyè a kòm yon ofrann koupabilite. 16 Li va peye pou peche ke li te fè kont bagay sen an, e li va mete sou li yon senkyèm pati anplis pou pote bay prèt la. Prèt la, alò va fè ekspiyasyon pou li avèk belye a ofrann koupabilite a, e Li va padone.
17 “Alò, si yon moun peche e fè nenpòt nan bagay ke SENYÈ a te kòmande pou pa fè yo, Lev 4:2 malgre li pa t konnen sa, li toujou koupab e li va pote koupabilite li. 18 Li dwe, alò, pote bay prèt la yon Lev 5:15 belye san defo ki sòti nan bann bèt la, selon sa ou estime, pou yon ofrann koupabilite. Alò, prèt la va fè ekspiyasyon pou li konsènan tò li ladann li te fè peche san movèz entansyon, e pa t konnen sa a, e li va padone. 19 Li se yon ofrann koupabilite. Sètènman, li koupab devan SENYÈ a.”

5:1 Pwov 29:24

5:2 Nonb 19:11-16

5:4 Nonb 30:6-8

5:5 Lev 16:21

5:6 Lev 4:22-34

5:7 Lev 12:6-8

5:8 Lev 1:17

5:10 Lev 1:14-17

5:11 Lev 14:21-32

5:13 Lev 5:4-5; Lev 2:3

5:15 Lev 7:1-10

5:15 Lev 6:6

5:17 Lev 4:2

5:18 Lev 5:15