LEVITIK YO
1
Alò, Egz 19:3 SENYÈ a te rele Moïse, e Li te pale avèk li depi nan tant asanble a. Li te di: “Pale a fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nenpòt moun nan nou pote yon ofrann bay SENYÈ a, nou va pote ofrann bèt ki sòti nan Lev 22:18 twoupo a, oswa nan bann mouton an.
“ ‘Si ofrann li an se yon ofrann Lev 6:8-13 brile ki sòti nan twoupo a, li va ofri li; yon mal san defo. Li va ofri li nan pòtay tant asanble a, pou li kapab aksepte devan SENYÈ a. Egz 29:10 Li va poze men li sou tèt ofrann brile a, e ofrann la va aksepte pou li, pou fè ekspiyasyon pou li. Li va touye jenn towo a devan SENYÈ a. Konsa, fis Aaron yo, ki se prèt yo, va ofri Lev 17:11 san an e Eb 12:24flite li toutotou lotèl ki nan pòtay tant asanble a. Lev 7:8 Li va, answit, kòche ofrann brile a e koupe li an mòso. Lev 6:8-13 Fis Aaron yo, prèt la, va mete dife sou lotèl la e ranje bwa yo sou dife a. Alò fis Aaron yo, prèt yo, va ranje mòso yo, tèt la avèk Lev 3:3-4 grès ren an sou bwa ki sou lotèl la. Men Egz 12:9 zantray li yo avèk janm li yo, moun nan va lave yo avèk dlo. Epi Nonb 28:11-14prèt la va brile li nèt sou lotèl la kòm yon ofrann brile, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.
10 “ ‘Men si ofrann li an sòti nan bann bèt la, mouton oswa kabrit kòm yon ofrann brile, li va ofri li yon Éz 43:22 mal, san defo. 11  Egz 24:6 Li va touye li sou kote nò lotèl la, devan SENYÈ a, epi fis Aaron yo, prèt yo, va flite san li toutotou lotèl la. 12 Li va, answit, koupe li an mòso, avèk tèt li ak Lev 3:3-4 grès ren li. Prèt la va ranje yo sou bwa ki sou dife ki sou lotèl la. 13 Men zantray li yo avèk janm yo, moun nan va lave yo avèk dlo. Epi Nonb 15:4-7 prèt la va ofri tout nèt, e ofri li nan lafimen sou lotèl la. Li se yon ofrann brile, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.
14 “ ‘Men si ofrann li an bay SENYÈ a se yon ofrann brile fèt ak zwazo, alò, li va pote ofrann li an ak Lev 5:7-11 toutrèl oswa jèn ti pijon. 15 Prèt la va ofri li sou lotèl la, e tòde kou li pou ofri li nan lafimen sou lotèl la; konsa, san li va koule Lev 5:9 sou kote lotèl la. 16 Li va osi retire fal li avèk plim li yo e voye li sou kote lès lotèl la, nan plas Lev 6:10 sann yo. 17 Li va chire li pa zèl li, Jen 15:10 san fin separe l nèt. Konsa, prèt la va ofri li nan lafimen sou lotèl la, sou bwa ki sou dife a. Li se yon ofrann brile, yon ofrann pa dife yon bagay ki santi dous devan SENYÈ a.

1:1 Egz 19:3

1:2 Lev 22:18

1:3 Lev 6:8-13

1:4 Egz 29:10

1:5 Lev 17:11

1:5 Eb 12:24

1:6 Lev 7:8

1:7 Lev 6:8-13

1:8 Lev 3:3-4

1:9 Egz 12:9

1:9 Nonb 28:11-14

1:10 Éz 43:22

1:11 Egz 24:6

1:12 Lev 3:3-4

1:13 Nonb 15:4-7

1:14 Lev 5:7-11

1:15 Lev 5:9

1:16 Lev 6:10

1:17 Jen 15:10