12
Konsa, akoz ke nou gen yon si tèlman gran nwaj temwen ki antoure nou, annou osi Wo 13:12mete sou kote tout anpèchman ak peche ki trè fasil vin vlope nou, e annou kouri avèk andirans kous la ki mete devan nou an, ak zye nou byen fikse sou Jésus Eb 2:10fondatè e nonm pafè lafwa a, ki pou lajwa ki te mete devan Li an, te Fil 2:8sipòte lakwa a, te meprize wont lan, e te vin chita sou men dwat twòn Bondye a.
Paske Rev 2:3konsidere Li menm ki te andire tèl opozisyon pa pechè yo kont Li menm, pou nou menm pa t ap vin fatige e dekouraje.
Eb 10:32Nou poko reziste jis rive Fil 2:8pou rann san nan lit nou kont peche. Nou gen tan bliye egzòtasyon ki te adrese a nou menm kòm fis yo:
Job 5:17“Fis mwen, pa gade a la lejè disiplin Bondye a,
ni vin febli lè nou korije pa Li;
Pwov 3:12Paske sila ke Bondye renmen yo, Li disipline yo,
e Li fwete tout fis ke L resevwa.”
Se pou disiplin ke nou andire. Det 8:5Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin? Men si nou san disiplin I Pi 5:9kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vrè fis.
Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a Nonb 16:22Papa a tout lespri yo, e És 38:16viv? 10 Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou II Pi 1:4pou nou kapab pataje sentete Li a.
11 Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay És 32:17fwi lapè ladwati a.
12 Konsa És 35:3ranfòse men ki manke fòs ak jenou ki fèb yo, 13 epi Pwov 4:26fè chemen pye nou dwat, jis pou manm kò ki mal ranje a pa vin dejwente nèt, men pito vin geri.
14  Wo 14:19Chèche lapè avèk tout moun, avèk sanktifikasyon. San sa a, pèsòn p ap wè Senyè a. 15 Fè si ke pèsòn pa manke rive nan gras Bondye a; pou okenn Det 29:18rasin anmè pa vin monte pou fè twoub, e pa li menm, anpil moun ta vin Tit 1:15konwonpi. 16 Pa kite nou gen okenn moun imoral oubyen I Tim 1:9san Bondye tankou Esaü Jen 25:33ki te vann pwòp dwa eritaj li a pou yon sèl repa manje. 17 Paske nou konnen ke menm apre sa, Jen 27:30-40lè li te dezire vin eritye yon benediksyon, li te rejte, paske li pa t twouve yon plas pou repantans, malgre li te chache sa ak dlo nan zye.
18 Paske nou pa t vin kote Egz 19:12,16yon mòn ki kapab touche e ki t ap flanbe, ni a tenèb, fènwa, ak tanpèt 19 ni a Mat 24:31gwo kout twonpèt ak son pawòl ki sone tankou sila ki te tande l t ap Egz 20:19mande sekou a, pou okenn pawòl pa t pale a yo menm ankò. 20 Paske yo pa t kapab sipòte dekrè lan: Egz 19:12“Menm si yon bèt touche mòn nan, li va lapide ak kout wòch.” 21 Vizyon sila a te si tèlman tèrib ke Moïse te di: Det 9:19“Mwen plen lakrent ak tranbleman”.
22 Men Rev 14:1nou menm, nou te vini sou Mòn Sion ak Eb 11:10vil a Bondye vivan an, Jérusalem selès la, e avèk kantite zanj ki pa t kab menm kontwole, 23 anvè gran asanble a, ak legliz premye ne yo Luc 10:20ki anrejistre nan syèl la, anvè Bondye, jij a tout moun nan, e anvè lespri a moun ladwati ki te fèt pafè yo, 24 epi anvè Jésus I Tim 2:5medyatè yon akò tounèf la, e anvè Eb 9:19san vèse a, ki pale pi klè pase san Abel la. 25 Fè si ke nou pa refize Sila k ap pale a. Paske si sa yo pa t chape lè yo te refize li menm ki te Egz 20:22avèti yo sou latè a, konbyen mwens nou va chape nou menm ki vire kite Sila ki avèti nou depi nan syèl la. 26 Epi vwa Li te souke tè a nan moman an, men koulye a, Li fè yon pwomès, e Li di: Ag 2:6“Malgre sa, yon fwa ankò Mwen va souke, non sèlman tè a, men osi syèl la.”
27 Ekspresyon sa a: “Malgre yon fwa ankò”, fè nou konprann ke tout bagay ki te kreye, ki kapab souke És 34:4va retire, pou bagay sila ki pa kapab souke yo, kapab vin rete. 28 Konsa, akoz ke nou resevwa yon Dan 2:44wayòm ki pa kapab souke, annou montre rekonesans, pa sila nou kapab ofri a Bondye yon sèvis akseptab, avèk reverans ak lakrent. 29 Paske Det 4:24Bondye nou an se yon dife k ap devore.

12:1 Wo 13:12

12:2 Eb 2:10

12:2 Fil 2:8

12:3 Rev 2:3

12:4 Eb 10:32

12:4 Fil 2:8

12:5 Job 5:17

12:6 Pwov 3:12

12:7 Det 8:5

12:8 I Pi 5:9

12:9 Nonb 16:22

12:9 És 38:16

12:10 II Pi 1:4

12:11 És 32:17

12:12 És 35:3

12:13 Pwov 4:26

12:14 Wo 14:19

12:15 Det 29:18

12:15 Tit 1:15

12:16 I Tim 1:9

12:16 Jen 25:33

12:17 Jen 27:30-40

12:18 Egz 19:12,16

12:19 Mat 24:31

12:19 Egz 20:19

12:20 Egz 19:12

12:21 Det 9:19

12:22 Rev 14:1

12:22 Eb 11:10

12:23 Luc 10:20

12:24 I Tim 2:5

12:24 Eb 9:19

12:25 Egz 20:22

12:26 Ag 2:6

12:27 És 34:4

12:28 Dan 2:44

12:29 Det 4:24