34
Rapwoche, O nasyon yo pou tande!
Koute, o pèp yo!
Det 32:1Kite latè ak tout sa ki ladann tande,
e lemonn ak tout sa ki ladann.
Paske És 26:20gwo kòlè SENYÈ a kont tout nasyon yo
e jijman Li brile kont tout lame yo.
Li te detwi yo nèt.
Li te donnen yo a yon gwo masak.
Konsa, mò yo va És 14:9jete deyò.
Kadav yo va fè movèz odè,
e mòn yo va tranpe ak san yo.
Tout lame syèl la va vin efase.
Rev 6:12-14Syèl la va woule monte tankou yon woulo liv;
e tout lame li yo va vin fennen nèt,
tankou yon fèy ta fennen sou branch chan rezen an,
oswa jan li deseche tonbe sou yon pye fig.
Paske Det 32:41-42nepe Mwen bwe ase nan syèl la.
Gade byen, li va desann pou jije Édom
ak pèp ke Mwen te chwazi pou destriksyon yo.
Nepe SENYÈ a plen ak san.
Li kouvri ak grès, ak san jenn mouton,
ak bouk yo, ak grès a ren belye.
Paske SENYÈ a gen yon sakrifis nan És 63:1Botsra,
ak yon gwo masak nan peyi Édom.
Anplis, bèf mawon va desann ak yo,
ak jenn towo, ak towo pwisan yo.
Konsa, peyi yo va És 63:6tranpe ak san,
e pousyè yo va vin gra ak grès.
 
Paske SENYÈ a gen yon jou vanjans,
yon ane vanjans pou koz a Sion an.
Sous dlo li yo va devni goudwon
e tè pousyè li kon Det 29:23souf.
Peyi li va tounen goudwon k ap brile.
10 Li p ap etenn ni lajounen, ni lannwit.
Rev 14:11Lafimen li va monte jis pou tout tan.
De jenerasyon an jenerasyon, li va dezole.
Okenn moun p ap pase ladann
pou tout tan e pou tout tan.
11 Men So 2:14grangozye ak ti bèt atè a va vin posede li
e ibou ak kònèy a va demere ladann.
Li va tann sou li lign latwoublay,
ak fil a plon vid la.
12 Yo va rele prens li yo a wayòm nan,
men Jr 27:20p ap gen k ap parèt.
Tout prens li yo p ap anyen.
13 Pikan yo va pouse nan gwo fò li yo,
chadwon ak gwo raje nan És 13:22gwo vil ranfòse yo.
L ap devni yon kote frekante pa chen mawon.
Li va fè kay tribinal pou otrich la.
14  És 13:21Bèt dezè yo va fè reyinyon ak lou yo;
kabrit sovaj ak gwo plim va kriye anvè parèy li.
Wi, gwo bèt lannwit va vin rete la;
l ap twouve pou kont li yon kote pou l ka repoze.
15 La, koulèv pyebwa a va fè nich li pou ponn ze;
li va kale yo e ranmase yo anba pwotèj li.
Menm Det 14:13 bèt malfini yo va rankontre la,
yo chak ak pwòp parèy yo.
 
16 Chache nan liv SENYÈ a, epi li:
Nanpwen youn nan sila yo ki p ap la;
okenn p ap manke parèy yo.
Paske És 1:20 bouch Mwen te pase lòd,
e Lespri Li te ranmase yo.
17 Li te És 17:13tire osò pou yo,
e se men L ki separe bay yo selon lign mezi a.
Yo va posede kote a jis pou tout tan.
De jenerasyon an jenerasyon, yo va abite ladann.
 

34:1 Det 32:1

34:2 És 26:20

34:3 És 14:9

34:4 Rev 6:12-14

34:5 Det 32:41-42

34:6 És 63:1

34:7 És 63:6

34:9 Det 29:23

34:10 Rev 14:11

34:11 So 2:14

34:12 Jr 27:20

34:13 És 13:22

34:14 És 13:21

34:15 Det 14:13

34:16 És 1:20

34:17 És 17:13