17
Pwofesi sou Damas.
“Gade byen, Damas prèt pou retire nèt kon vil. Li va tonbe nèt an yon És 25:2 gwo pil mazi. Vil Nonb 32:34Aroër yo ap abandone nèt. Y ap sèvi kon plas pou twoupo yo kouche. P ap gen pèsòn pou fè yo pè. És 7:8-16Vil fòtifye a va disparèt nan Éphraïm e wa Damas la ak retay Syrie. Yo va tankou laglwa a fis Israël yo,” deklare SENYÈ dèzame yo.
Alò, nan jou sa a, És 10:3glwa Jacob la va febli nèt, e grès chè li va vin megri. Li va tankou lè mwasonè sereyal la ap ranmase; lè bra li ap rekòlte tèt sereyal yo. Wi, tankou yon moun k ap ranmase tèt sereyal nan II Sam 5:18-22vale Rephaïm yo. Sepandan, Det 4:27kèk nan mwason an va rete tankou lè yo rekòlte bwa doliv. Y ap jwenn de oswa twa grenn sou branch piwo a, kat oswa senk nan bwa ki donnen pi byen yo, deklare SENYÈ a, Bondye Israël la. Nan jou sa a, lòm va És 10:20gen respè pou Kreyatè li a e zye li va gade vè Sila Ki Sen An Israël la. Yo p ap gade vè lotèl yo, zèv a men li yo, ni yo p ap okipe sa ke dwèt yo te fè; ni Egz 34:13 Asherim yo ni lanp lansan yo. Nan jou sa a, vil ranfòse yo va tankou kote abandone nan forè a; tankou branch ke yo te abandone devan fis Israël yo. Konsa, tè a va dezole. 10 Paske nou te bliye Sòm 68:19 Bondye a sali nou an, ni nou pa t sonje wòch ki se sekou nou an. Pou sa, nou plante bèl plant e plase yo pami boujon chan a dye etranje yo. 11 Nan jou ke nou plante l la, nou fè bèl kloti pou li. Nan Sòm 90:6maten, nou fè jèm nan rive fè flè; men rekòlt la ap sove ale nan jou gwo maladi, nan jou doulè san rete a.
12 Sepandan, gwo zen a anpil nasyon És 5:30ki gwonde tankou anpil dlo yo, e ki fè bri a anpil nasyon k ap kouri desann tankou gwo dlo pwisan! 13  És 33:3Nasyon yo fè gwo bri desann tankou gwonde a anpil dlo, men Li va repwoche yo e yo va kouri rive byen lwen, yo va chase tankou pay sou mòn devan van, oswa toubiyon van an fè avan gwo tanpèt. 14 Nan aswè, gade, gwo laperèz! Avan maten, yo II Wa 19:35disparèt nèt. Se konsa pòsyon a sila k ap ranmase byen nou yo e tiraj osò a sila ki piyaje nou yo.

17:1 És 25:2

17:2 Nonb 32:34

17:3 És 7:8-16

17:4 És 10:3

17:5 II Sam 5:18-22

17:6 Det 4:27

17:7 És 10:20

17:8 Egz 34:13

17:10 Sòm 68:19

17:11 Sòm 90:6

17:12 És 5:30

17:13 És 33:3

17:14 II Wa 19:35