32
Alò, fis Ruben yo avèk fis Gad yo te gen Egz 12:38vrèman yon gran kantite bèt. Konsa, lè yo te wè teren nan Nonb 21:22Jaezer a ak peyi a Galaad la, ke li te vrèman yon kote ki bon pou bèt. Fis a Gad avèk fis a Ruben yo te vin pale avèk Moïse ak Éléazar, prèt la, avèk chèf kongregasyon an. Yo te di yo, Nonb 32:34-38“Atharoth, Dibon, Jaezer, Nimra, Hesbon Elealé, Sebam, Nebo ak Beon, peyi Nonb 21:34ke SENYÈ a te bat devan kongregasyon Israël yo, se yon peyi ki pou pran swen bèt, e sèvitè ou yo gen bèt.” Yo te di: “Si nou twouve favè nan zye ou, kite peyi sa a vin bay a sèvitè ou yo kòm yon posesyon. Pa mennen nou lòtbò Jourdain an.”
Men Moïse te di a fis Gad yo e a fis Ruben yo: “Èske frè nou yo va ale nan lagè, pou nou menm rete chita isit la? Nonb 13:27-33Koulye a, poukisa nou ap dekouraje fis Israël yo travèse lòtbò a pou antre nan peyi ke SENYÈ a te ba yo a? Se sa ke papa nou yo te fè lè mwen te voye yo sòti nan Nonb 13:3-26Kadès-Barnéa pou wè peyi a. Paske, lè yo te monte nan Nonb 13:24vale Eschcol pou te wè peyi a, yo te dekouraje fis Israël yo jiskaske yo pa t antre nan peyi ke SENYÈ a te ba yo a.
10 “Konsa, Nonb 14:11kòlè SENYÈ a te brile nan jou sa a, Li te sèmante, e te di: 11  Nonb 14:26-30‘Okenn nan mesye sa yo ki monte kite Égypte, ki gen laj plis ke ventan p ap wè peyi ke Mwen te sèmante a Abraham, Isaac, e a Jacob la; paske yo pa t swiv Mwen nèt, 12 sof Caleb, fis a Jephunné a, Kenizyen an, ak Josué, fis a Nun nan, Det 1:36paske yo te swiv SENYÈ a nèt.’ 13  Nonb 14:33-35Konsa, chalè a SENYÈ a te brile kont Israël, e Li te fè yo vin egare nan dezè a pandan karantan, jiskaske tout jenerasyon sa a pami sila ki te fè mal nan zye SENYÈ a yo, te vin detwi.
14 “Koulye a, veye byen, nou te vin leve nan plas papa nou yo, yon nich moun plen peche, pou vin mete menm plis sou Det 1:37kòlè SENYÈ a kont Israël. 15 Paske si nou Det 30:17-18vire akote, e nou pa swiv Li, Li va, yon fwa, ankò abandone yo nan dezè a; epi nou va detwi tout pèp sa yo.” 16 Alò, yo te vin pwoche li e te di: “Nou va bati isit la pak mouton pou bèt nou yo ak vil pou pitit nou yo; 17  Jos 4:12-13men nou, nou menm, nou va pran zam tou prepare pou ale devan fis Israël yo, jiskaske nou enstale yo nan plas yo. Pandan pitit nou yo ap viv nan vil fòtifye akoz sila k ap viv nan peyi yo. 18  Jos 22:1-4 Nou p ap retounen lakay nou jiskaske chak moun nan fis Israël yo gen tan posede eritaj pa yo. 19 Paske nou p ap gen yon eritaj avèk yo lòtbò Jourdain an, oswa pi lwen, paske eritaj pa nou an te tonbe bannou Jos 12:1nan kote Jourdain a sila a, vè lès la.”
20  Det 3:18Konsa Moïse te di yo: “Si nou va fè sa, si nou va pran zam nou yo devan SENYÈ a pou fè lagè a, 21 epi nou tout mesye avèk zam yo travèse Jourdain a devan SENYÈ a jiskaske Li pouse lènmi Li yo soti devan Li, 22  Det 3:20epi peyi a vin anba kontwòl devan SENYÈ a. Alò, apre nou va retounen, lib de angajman yo vè SENYÈ a, ak vè Israël. Konsa, peyi sila a va pou nou kòm yon posesyon devan SENYÈ a.
23 “Men si nou pa fè sa, veye byen, nou te peche kont SENYÈ a, e fòk nou konnen ke Jen 4:7peche nou va vin jwenn nou. 24 Bati pou nou menm gran vil pou pitit nou yo, pak pou mouton nou yo, e Nonb 30:2fè sa ke nou te pwomèt yo.”
25 Fis a Gad avèk fis a Ruben yo te pale avèk Moïse. Yo te di: “Sèvitè ou yo va fè ojis sa ke mèt mwen kòmande yo a. 26  Jos 1:14Pitit nou yo, madanm nou yo, ak bèt nou yo va rete nan vil Galaad yo; 27 pandan sèvitè ou yo, chak ki gen zam pou fè lagè, va Jos 4:12travèse lòtbò nan prezans SENYÈ a pou batay la, jis jan ke mèt mwen pale.”
28 Konsa, Moïse te pase lòd konsènan yo a Éléazar, prèt la, a Josué, fis a Nun nan, e a chèf lakay papa zansèt yo, a tribi a fis Israël yo. 29 Moïse te di yo: “Si fis a Gad avèk fis a Ruben yo, tout sila ki te pran zam pou batay yo, va travèse avèk nou lòtbò Jourdain an nan prezans SENYÈ a, e peyi a vin soumèt devan nou, alò nou va ba yo peyi a Galaad la kòm yon posesyon. 30 Men si yo refize travèse avèk nou avèk zam yo, yo va genyen posesyon yo pami nou nan peyi Canaran.”
31 Fis a Gad avèk fis a Ruben yo te reponn e te di: “Jan SENYÈ a te pale a sèvitè ou yo, konsa nou va fè. 32 Nou menm, nou va travèse lòtbò avèk zam yo nan prezans SENYÈ a, nan peyi Canaran, e posesyon eritaj nou va rete avèk nou lòt kote Jourdain an.” 33  Det 3:8-17Konsa, Moïse te bay yo, fis a Gad avèk fis a Ruben yo, mwatye tribi fis a Joseph la, Manassé, wayòm a Sihon, wa a Amoreyen yo, wayòm a Og la, wa a Basan an, peyi a avèk vil pa yo, teritwa pa yo, vil a teritwa ki te antoure yo.
34 Fis a Gad yo te bati Dibon avèk Ataroth ak Det 2:36Aroër, 35 Atroth-Schophan, Jaezer, Jogbetha, 36  Nonb 32:3Beth Nimra avèk Beth Haran, kòm vil byen fòtifye ak pak pou mouton. 37 Fis a Ruben yo te bati Hesbon, Elealé, avèk Kirjathaïm, 38  És 46:1Nebo avèk Baal-Meon——non ki te chanje yo—ak Sibma, e yo te bay lòt non a vil ke yo te bati yo.
39 Fis a Jen 50:23Makir yo, fis a Manassé yo te ale Galaad pou te pran li, e yo te deplase Amoreyen ki te rete ladann yo. 40 Konsa, Moïse te bay Det 3:12-15Galaad a Makir, fis a Manassé a, e li te viv ladann. 41  Det 3:14Jaïr, fis a Manassé a te ale pran vil li yo, e li te rele yo Havvoth-jaïr. 42 Nobach te ale pran Kenath avèk vil pa li yo, e li te rele li Nobach selon pwòp non pa li.

32:1 Egz 12:38

32:1 Nonb 21:22

32:3 Nonb 32:34-38

32:4 Nonb 21:34

32:7 Nonb 13:27-33

32:8 Nonb 13:3-26

32:9 Nonb 13:24

32:10 Nonb 14:11

32:11 Nonb 14:26-30

32:12 Det 1:36

32:13 Nonb 14:33-35

32:14 Det 1:37

32:15 Det 30:17-18

32:17 Jos 4:12-13

32:18 Jos 22:1-4

32:19 Jos 12:1

32:20 Det 3:18

32:22 Det 3:20

32:23 Jen 4:7

32:24 Nonb 30:2

32:26 Jos 1:14

32:27 Jos 4:12

32:33 Det 3:8-17

32:34 Det 2:36

32:36 Nonb 32:3

32:38 És 46:1

32:39 Jen 50:23

32:40 Det 3:12-15

32:41 Det 3:14