21
Lè Chèf Canaran an, wa Jos 12:14 Arad la, ki te viv nan Negev la te tande ke Israël t ap vini pa chemen a Atharim nan; alò, li te goumen kont Israël, e li te pran kèk nan yo an kaptif. Konsa, Israël te fè yon ve a SENYÈ a, e te di: Jen 28:20 “Si Ou va vrèman livre pèp sa a nan men m; alò, mwen va detwi vil pa yo a nèt.” SENYÈ a te tande vwa Israël. Li te livre yo bay Canaran, epi yo te detwi yo nèt ansanm avèk vil yo. Konsa, kote sa a te vin rele Nonb 14:45 Horma.
Yo te sòti nan Mòn Hor pa wout Lamè Wouj la, Det 2:8 pou travèse peyi Édom an. Epi pèp la te vin pèdi pasyans akoz vwayaj la. Pèp la te pale kont Bondye ak Moïse: Nonb 14:2-3 “Poukisa ou te mennen nou sòti an Égypte pou mouri nan dezè a? Paske nanpwen manje, ni dlo, e Nonb 11:6nou rayi move manje sila a.”
Det 8:15 SENYÈ a te voye sèpan dife pami pèp la. Yo te mòde pèp la, e I Kor 10:9anpil nan pèp Israël la te mouri. Konsa, pèp la te vini a Moïse e te di: “Nou te peche, pwiske nou te pale kont SENYÈ a ak ou menm. I Sam 12:19 Entèsede pou nou avèk SENYÈ a, pou Li kapab retire sèpan sa yo sou nou.” Epi Moïse te entèsede pou pèp la.
Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Fè yon És 14:9 sèpan dife e mete li sou yon poto. Konsa, li va vin rive ke tout moun ki mòde, lè li gade li, l ap viv.” Moïse te fè yon sèpan an II Wa 18:4 bwonz e li te mete li sou poto a. Epi li te vin rive ke si yon sèpan te mòde nenpòt moun, lè li te gade vè sèpan an bwonz lan, li te viv.
10 Alò, fis Israël yo te deplase e te fè kan an nan Oboth. 11 Yo te vwayaje soti Oboth pou te fè kan an nan Ijje-Abarim, nan dezè ki anfas Moab a lès la. 12  Nonb 33:45 Soti la, yo te pati pou te fè kan an nan vale Zéred la. 13 Soti la, yo te vwayaje pou te fè kan an sou lòt kote Arnon an, ki se nan dezè ki sòti nan lizyè Amoreyen yo, Nonb 22:36 paske Arnon se te fwontyè Moab, antre Moab ak Amoreyen yo.
14 Konsa, sa di nan Liv Lagè SENYÈ a: “Vaheb nan Supha, avèk ravin sèch nan Arnon an, 15 ak pant ki rive nan ravin sèch yo ki rive jis nan kote Nonb 21:28 Ar la e ki touche nan lizyè Moab la.” 16  Nonb 33:46-49 Soti la, yo rive jis nan Beer, ki se pwi kote SENYÈ a te di Moïse, reyini pèp la pou Mwen kapab bay yo dlo a.”
17  Egz 15:1 Epi Israël te chante chan sila a:
“Vin bwote o pwi! Chante a li!
18 Pwi a ke prens yo nan pèp la te fouye,
Avèk baton wayal ak Baton soutyen pa yo.”
Epi soti nan dezè a, yo te kontinye a Matthana, 19 soti Matthana a Nahaliel, soti nan Nahaliel a Bamoth, 20 soti Bamoth nan vale ki nan peyi Moab la, nan pwent lan vè Mòn Pisga ki kanpe anwo tout dezè a.
21 Alò Israël te voye mesaje yo bay Sihon, wa a Amoreyen yo. Li te di: 22  Nonb 20:16-17 “Kite mwen pase nan peyi ou a. Nou p ap menm vire nan chan, oswa nan rezen yo. Nou p ap bwè dlo nan pwi yo. Nou va ale nan chemen Wa a jiskaske nou fin depase limit fwontyè pa w la.”
23  Nonb 20:21 Men Sihon pa t kite Israël pase nan fwontyè pa li a. Konsa, Sihon te ranmase tout pèp li a pou te sòti kont Israël nan dezè a. Yo te rive a Det 2:32Jahats pou te goumen kont Israël.
24 Konsa, Am 2:9 Israël te frape li avèk tranch nepe, e te pran posesyon peyi li a soti Arnon pou jis rive Jabbok, soti distans a fis Ammon yo; paske nan Det 2:37fwontyè a fis Ammon yo, se te Jazer. 25 Israël te pran tout vil yo e Am 2:10 Israël te viv nan tout vil Amoreyen yo, nan Hesbon ak nan tout vil li yo. 26 Paske Hesbon, se te vil a Sihon, wa a Amoreyen yo, ki te goumen kont ansyen wa Moab la, e li te retire tout peyi li a nan men li, jis rive nan Arnon.
27 Se pou sa ke sila ki sèvi ak pwovèb yo di:
“Vini Hesbon! Kite li bati!
Konsa kite vil a Sihon an fin etabli.
28  Jr 48:45 Paske yon dife te sòti nan Hesbon,
Yon flanm soti nan vil a Sihon;
Li te devore Nonb 21:15Ar nan Moab,
Pwent wo yo domine Arnon
29 Malè a nou menm, O Moab!
Nou gen tan fin gate nèt, O pèp Kemosch la!
És 15:5 Li te bay fis li yo kòm sila k ap sove ale,
És 16:2Epi fi li yo kòm kaptif, pou yon wa Amoreyen, Sihon.
30 Nou te tire sou yo. Hesbon fin gate jis rive Nonb 32:3-34 Dibon.
Konsa, nou te fin piyaje jis rive Nophach,
Ki rive nèt nan Médaba.”
 
31 Pou sa a, Israël te viv nan peyi Amoreyen yo.
32 Moïse te voye espyone Nonb 32:1-35 Jaezer. Yo te kaptire vil li yo e te piyaje Amoreyen ki te la yo. 33  Det 3:1-7 Epi yo te vire monte nan wout Basan, e Og, wa Basan an, te sòti avèk tout pèp li a pou fè bati Jos 13:12Édréï.
34 Men SENYÈ a te di a Moïse: Det 3:2 “Pa pè li, paske Mwen te bay li nan men nou, tout pèp li a ak tout peyi li a. Ou va fè avèk li jan ou te fè Sihon, wa Amoreyen, ki te viv Hesbon yo.”
35 Konsa, Det 3:3-4yo te touye li avèk fis li yo ak tout pèp li a, jis pa t menm gen yon retay ki te rete de li. Konsa, yo te posede peyi li a.

21:1 Jos 12:14

21:2 Jen 28:20

21:3 Nonb 14:45

21:4 Det 2:8

21:5 Nonb 14:2-3

21:5 Nonb 11:6

21:6 Det 8:15

21:6 I Kor 10:9

21:7 I Sam 12:19

21:8 És 14:9

21:9 II Wa 18:4

21:12 Nonb 33:45

21:13 Nonb 22:36

21:15 Nonb 21:28

21:16 Nonb 33:46-49

21:17 Egz 15:1

21:22 Nonb 20:16-17

21:23 Nonb 20:21

21:23 Det 2:32

21:24 Am 2:9

21:24 Det 2:37

21:25 Am 2:10

21:28 Jr 48:45

21:28 Nonb 21:15

21:29 És 15:5

21:29 És 16:2

21:30 Nonb 32:3-34

21:32 Nonb 32:1-35

21:33 Det 3:1-7

21:33 Jos 13:12

21:34 Det 3:2

21:35 Det 3:3-4