12
Samuel te di a tout Israël: “Gade byen, I Sam 8:7-22mwen te koute vwa nou nan tout sa ke nou te di m yo e mwen I Sam 11:14-15te chwazi yon wa sou nou. Alò, men wa a k ap mache devan nou. Men I Sam 8:1-5mwen fin granmoun, cheve m blanch e gade byen fis mwen yo avèk nou. I Sam 3:10-20Mwen te mache devan nou soti nan jenès mwen jis rive jodi a. Men mwen! Temwaye kont mwen devan SENYÈ a avèk I Sam 10:1moun onksyone pa Li yo. Se bèf a ki moun mwen konn vòlè, oswa bourik a kilès mwen te konn pran, oswa se kilès mwen te konn twonpe? Ki moun mwen te konn oprime, oswa nan men a kilès mwen te touche anba tab pou zye m pa wè? Si mwen te fè bagay sa yo, M ap repare sa.”
Yo te di: “Ou pa janm te twonpe nou, ni oprime nou ni pran anyen nan men a pèsòn.”
Li te di yo: “SENYÈ a se temwen kont nou e onksyone pa Li yo se temwen nan jou sa a ke nou pa t twouve anyen Egz 22:4nan men m nan.”
Epi yo te di: “Li se temwen.” Epi Samuel te di a pèp la: “Li se SENYÈ a ki te Egz 6:26chwazi Moïse avèk Aaron, e ki te mennen zansèt nou yo monte soti nan peyi Égypte la. Alò koulye a, kanpe Éz 20:35pou m kab plede avèk nou devan SENYÈ a konsènan tout zèv ladwati ke SENYÈ a te fè pou nou avèk zansèt pa nou yo.
Jen 46:5-6“Lè Jacob te antre an Égypte, zansèt nou yo te kriye fò a SENYÈ a. Konsa, SENYÈ a te voye Moïse avèk Aaron ki te mennen zansèt nou yo sòti an Égypte, e Li te fè yo vin rete nan plas sa a. Men Det 32:18yo te bliye SENYÈ a, Bondye pa yo a, e pou sa, Li te vann yo nan men Sisera, kapitèn a lame Hatsor a, nan men a Filisten yo, nan men wa Moab la, e yo te goumen kont yo. 10  Jij 10:10Yo te kriye fò a SENYÈ a e yo te di: ‘Nou te peche akoz nou te kite SENYÈ a pou te sèvi Baal yo avèk Astarté; men koulye a, delivre nou nan men a lènmi nou yo e nou va sèvi Ou.’ 11 Alò apre, SENYÈ a te voye Jij 6:31-32Jerubbaal avèk Bedan, Jij 11:29Jephthé ak Samuel pou te delivre nou nan men a lènmi nou yo toupatou, pou nou viv ansekirite.
12 “Lè nou te wè ke Nachasch, wa a fis Ammon yo, te vini kont nou, nou te di m: ‘Non, men se yon wa k ap renye sou nou’, Jij 8:23malgre sa, SENYÈ Bondye nou an te wa nou. 13 Alò pou sa, I Sam 10:24men wa ke nou te mande a. Epi gade byen, SENYÈ a te mete yon wa sou nou. 14  Jos 24:14Si nou va gen lakrent SENYÈ a, sèvi Li, koute vwa Li, e pa fè rebèl kont lòd SENYÈ a; alò, ni nou, ni wa ki renye sou nou an va swiv SENYÈ Bondye nou an. 15 Si nou pa koute vwa SENYÈ a, men fè rebèl kont lòd SENYÈ a, alò I Sam 5:9men a SENYÈ a va kont nou, I Sam 12:9jan li te ye kont zansèt nou yo.
16 “Menm koulye a, Egz 14:13-31 kanpe la pou nou wè gwo bagay sa a ke SENYÈ a va fè devan zye nou. 17  Pwov 26:1Èske se pa rekòlt ble li ye kounye a? M ap fè apèl SENYÈ a, pou Li kapab voye tonnè avèk lapli. Konsa, nou va konnen e wè mechanste ke nou te fè nan zye SENYÈ a gran, lè nou te mande pou nou yon wa.”
18 Konsa, Samuel te rele a SENYÈ a, e SENYÈ a te voye tonnè avèk lapli nan jou sa a. Epi Egz 14:31tout pèp la te gen gwo lakrent SENYÈ a ak Samuel.
19 Alò, tout pèp la te di a Samuel: “Priye pou sèvitè ou yo a SENYÈ a, Bondye ou a, pou nou pa mouri; paske nou te ogmante sou peche nou yo, I Sam 12:17-20mal sila a, ke nou te mande yon wa pou kont nou an.”
20 Samuel te di a pèp la: “Pa pè Nou te fè tout mechanste sa a. Men Det 11:16pa vire akote pou pa swiv SENYÈ a, men sèvi SENYÈ a avèk tout kè nou. 21 Fòk nou pa vire akote. Paske konsa, nou ta swiv bagay san valè ki pa kab fè benefis ni delivre, paske yo san valè. 22 Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a akoz gran non Li, paske sa te fè SENYÈ a plezi pou fè nou yon pèp ki te pou Li menm. 23 Anplis, pou mwen menm, lwen de mwen ke m ta peche kont SENYÈ a e sispann fè lapriyè pou nou; men Sòm 34:11mwen va enstwi nou nan chemen ki bon e ki dwat la. 24 Sèlman, gen lakrent Bondye e sèvi Li anverite, avèk tout kè nou. Paske kalkile Det 10:21ki kalite gwo zafè Li te fè pou nou. 25  És 1:20Men si nou toujou fè mal, ni nou menm ni wa nou an I Sam 31:1-5va peri.”

12:1 I Sam 8:7-22

12:1 I Sam 11:14-15

12:2 I Sam 8:1-5

12:2 I Sam 3:10-20

12:3 I Sam 10:1

12:5 Egz 22:4

12:6 Egz 6:26

12:7 Éz 20:35

12:8 Jen 46:5-6

12:9 Det 32:18

12:10 Jij 10:10

12:11 Jij 6:31-32

12:11 Jij 11:29

12:12 Jij 8:23

12:13 I Sam 10:24

12:14 Jos 24:14

12:15 I Sam 5:9

12:15 I Sam 12:9

12:16 Egz 14:13-31

12:17 Pwov 26:1

12:18 Egz 14:31

12:19 I Sam 12:17-20

12:20 Det 11:16

12:23 Sòm 34:11

12:24 Det 10:21

12:25 És 1:20

12:25 I Sam 31:1-5